Koulè
Vyolèt
PREMYE MOSO LABIB
“Men Vyèj la ap vin ansent”
NAN LIV PWOFÈT IZAYI 7, 10-14
Jou sa yo :
Granmèt la pale avèk Akaz, li di :
“Mande Granmèt Bondye ou la yon siy nan bafon anba tè a oubyen nan syèl la anwo
nèt la”. Akaz di : “Mwen p’ap mande, mwen p’ap eseye Granmèt la”.
Izayi di : “Koute, kay David :
Èske sa pa kont nou pou n’ap fatige lèzòm, pou nou rive ap fatige ata Bondye m’
nan? Se pousa Granmèt la li menm ap ba nou yon siy. Men vyèj la ap vin ansent, l’ap
fè yon ti gason, y’ap rele non l’ Emanyèl, paske Bondye-avèk-nou”.
Pawòl Granmèt la.
R/Mèsi Bondye, mèsi.
SÒM REPONS 23, 1-2. 3-4ab. 5-6
R/ Granmèt
la ap antre: li se wa bèlte a.
Pou Granmèt la tè a ak sa k’ plen
l’, fas tè a ak sa k’ abite ladan l’.
Sèke se li menm ki poze l’ sou
lanmè yo, ki rann li solid sou gran rivyè yo.R.
Kilès k’ap monte sou mòn Granmèt
la, oubyen kilès k’ap kanpe sou plas li ki sen an ?
Moun ki gen men l’inosan ak kè l’
nèt, ki pa nonmen non l’ pou granmesi.R.
Moun sa a ap resevwa benediksyon
nan men Granmèt la ak jistis la nan men Bondye sovè l’ la.
Sa a se jenerasyon moun k’ap
chèche l’ yo, k’ap chèche fas Bondye Jakòb la.R.
LEVANJIL
“Men w’ap ansent, w’ap anfante yon ti gason”
MEN BÒN NOUVÈL JEZIKRI A DAPRÈ LIK
KI SEN 1, 26-38
Sou sizyèm mwa a Bondye voye zanj
Gabriyèl nan yon vil Galile yo rele Nazarèt, kot yon vyèj ki te fiyanse avèk
yon mesye yo te rele Jozèf, nan kay David, non vyèj la se te Mari.
Zanj la antre kote l’, li di :
“Se pou kè ou kontan, plen gras, Granmèt la avèk ou, ou beni nan pami tout fi”. Lè l’
tande sa, li twouble poutèt pawòl li a, li t’ap kalkile ki kalite mòd jan salye
sa a.
Zanj la di l’ : “Pa pè, Mari ;
ou jwenn gras kot Bondye : men w’ap ansent, w’ap anfante yon ti pitit
gason, w’ap rele non l’ Jezi. L’ap gran, y’ap rele l’ Pitit Sa a ki anwo nèt
la, Granmèt Bondye ap ba l’ twòn David papa l’, l’ap kòmande kòm wa nan kay
Jakòb la pou tout tan, peyi-wa l’ la p’ap janm fini”.
Mari di zanj la : “Kijan pou
sa fèt, paske mwen pa gen konesans lèzòm ?”
Zanj la reponn, li di l’ : “Lespri
Sen an ap vini nan ou, fòs Sa a ki anwo nèt la ap kouvri ou ak lonbraj li. Se
pou sa sa a k’ap fèt nan ou a, l’ap sen, y’ap rele l’ Pitit Bondye. Men
Elizabèt, kouzin ou an, li menm tou li ansent yon ti gason nan vyeyès li, mwa
sa a se sizyèm nan pou sa a yo te rele steril la ; paske anyen pa enposib
kot Bondye”.
Mari di : “Men sèvant
Granmèt la ; se pou sa fèt pou mwen daprè pawòl ou a”. Zanj la pati kite l’.
An nou fè lwanj ak konpliman
pou pawòl Bondye a.
R/ Lwanj pou ou, Granmèt.
REFLEKSYON : Mesaje Bondye a anonse nesans Jezi, Pitit Bondye vivan
an. Nan sizyèm mwa a Bondye voye zanj Gabriyèl kote yon jenn fi nan yon vil
Galile yo rele Nazarèt, non jenn fi ki vyèj la, se Mari: yon jèn ki te dakò pou
l’ fè volonte Granmèt la, menm jan ak kouzin li Elizabèt ki ta madanm Zakari. Mari
ak Jozèf te reprezante tout sila yo ki pòv nan kè yo, ak nan Lespri yo, sa vle
di mou ki san pretansyon, moun ki pa gen gwo lògèy. Jezi vin reyalize plan
delivrans Bondye sou tè a, li vin renouvle tout bagay, pou tout bagay kapab
nouvo. Mari ap prepare l’ pou l’ manman Jezi ki se Sovè tè a ; anpil moun
pa t’ kwè ke Mesi a te kab sòti Nazarèt, paske se yon zòn apil moun te konn sikile,
kote te gen anpil trafik: anons Mari a se pa t’ nan zòn sa a li te fèt, ni se pa t’ sou plas piblik, men
nan yon tikay, nan yon anbyans ki pa t’ gen twòp enpòtans pou chèf Jwif yo,
paske Mari se pa t’ yon gwo chabrak, men Bondye te chwazi li paske se te yon
moun senp. Se li ki te resevwa vizit zanj lan. Mari te reprezante tout sa ki te
pi piti nan pèp Izrayèl yo, sila yo ki te pi meprize yo, ke Pwofesè Lalwa yo te
konn meprize anpil. Zanj lan di Mari : « Se pou
kè ou kontan, plen gras, Granmèt la avèk ou, ou beni nan pami tout fi… ». Kè kontan sa a, se kè
kontan pwofèt yo te anonse a, pou sila yo ki t’ap tann Sovè a. Mari te
reponn zanj lan konsa : « Kijan sa pral fè fèt, puiske mwen poko
an afè avèk gason » ? Men Mari
pa t’ gen okenn dout nan kè li paske se te yon moun kòrèk devan Bondye, se pa t’
tankou Zakari ; sèlman, li chèche konnen kijan sa pral fèt ; Zanj lan
di l’ : « Pa pè Mari, Lespri Sen an ap vini sou ou, epi Sila a ki
anwo nèt la ap kouvri w’ ak lonbraj li ! ». Daprè Levanjil Lik la,
Mari te tounen kay kote Bondye abite. Lik montre ki diferans ki genyen ant Jezi
ak Jan Batis : Jan Batis te resevwa Lespri Sen an nan vant manman l’
tandiske Jezi menm Lespri Sen an te fè l’ tounen moun, se te yon rèv ki vin
tounen reyalite pou pòv yo. E nou menm, ki sa n’ap fè pou n’akeyi Sovè a lakay nou ?
Men jan ak Mari se pou nou di : se sèvitè/ sèvant Granmèt la mwen ye, se
pou volonte li fèt sou mwen.
LAPRIYÈ : Bondye, ou menm ki pèmèt pou Vyèj ki san
tach la resevwa Pawòl ou a yo pa kapab eksplike a, lè zanj la te pot nouvèl la,
epi ou fè l’ vin tounen kay Bondye, ou plen l’ak limyè Lespri Sen an, tanpri,
fè nou suiv ekzanp li, pou nou rabese tèt nou pou nou kole kò nou sou volonte
ou. Pa pouvwa Jezikri.
PWOPOZISYON : Si m’ pa kwè kijan pou
m’ fè espere sila k’ap vini an ?
No hay comentarios:
Publicar un comentario