Koulè
Vyolèt
PREMYE MOSO LABIB
“Men renmen m’ nan ap vini, l’ap sote sou mòn yo”
NAN KANTIK DÈ KANTIK 2, 8-14
Vwa renmen m’ nan : men l’ap
vini, l’ap vòltije sou mòn yo, l’ap sote sou ti wotè yo. Renmen m’ nan tankou
yon kabrit, yon pitit mouton. Men li, li kanpe dèyè miray nou an, l’ap gade nan
fenèt yo, l’ap obsève nan pèsyèn yo.
Men renmen m’ nan ap pale avèk mwen :
“Leve, fè vit, zanmi m’, toutrèl mwen, bèlte m’. Tan frèt la deja pase, lapli a
pati, 1’al fè wout li. Flè yo parèt sou tè nou an, tan womans yo rive ;
nou tande vwa toutrèl la sou tè nou an ; pye figye a donnen premye fwi l’
yo, pye rezen yo fleri, yo bay bon lodè yo.
Leve, zanmi m’, bèlte m’, vini,
toutrèl mwen, nan fant wòch la, nan twou falèz la. Montre m’ fas ou, vwa ou
sonnen nan zòrèy mwen ; vwa ou dous, figi ou bèl”.
Pawòl Granmèt la.
R/Mèsi Bondye, mèsi.
SÒM REPONS 32, 2-3. 11-12. 20-21
R/ Fete pou
Granmèt la, nou menm ki kòrèk yo, chante yon kantik nouvo pou li.
Fè lwanj pou Granmèt la sou gita,
sou enstriman dis kòd la, chante pou li.R
Chante yon kantik nouvo pou li, jwe
mizik byen pou li avèk gran bravo.R.
Men plan Granmèt la rete pou tout
tan, kalkil kè l’ pou jenerasyon ak jenerasyon. Ala kontantman pou nasyon an,
ki gen Granmèt la pou Bondye l’, pèp la li chwazi kòm eritaj li a.R.
Nanm nou ap konte sou Granmèt la,
paske se sekou nou ak pwoteksyon nou li ye ; paske se nan li
kè nou ap fete, se nan non l’ ki sen an n’ap espere.R.
LEVANJIL
“Kote sa sòti pou mwen pou manman Granmèt mwen vin kote m’” !
MEN BÒN NOUVÈL JEZIKRI A DAPRÈ LIK
KI SEN 1, 39-45
Jou sa yo, Mari leve, li pati al
nan mòn yo byen vit, nan yon vil Jida. Li antre nan kay Zakari, li salye
Elizabèt.
Rive, kon Elizabèt tande Mari salye
l’, ti pitit la danse nan vant li, epi Elizabèt vin plen ak Lespri Sen an, li rele
byen fò, li di:
“Ou beni nan pami tout fi, epi li
beni tou, fwi vant ou a. Epi kote sa sòti pou mwen, pou manman Granmèt mwen vin
kote m’? Gade, kon vwa ou rive nan zòrèy mwen lè ou salye m’ nan, ti pitit la
danse nan vant mwen ak kè kontan. Ala kontantman pou ou, poutèt ou te kwè, paske
sa Granmèt la voye di w’ yo, y’ap reyalize”.
An nou fè lwanj ak konpliman pou pawòl Bondye a.
R/ Lwanj pou ou, Granmèt.
REFLEKSYON : Pasaj nou sot li nan Liv Kantik de Kantik la, se yon tèks
ki chaje imaj e ki vle atire atansyon nou sou richès renmen Bondye pou
limanite. Se pou sa nan tèks sa gen kèk mo oubyen ekspresyon ki fè alizyon ak
kalite renmen sa nou kapab souliye, tankou : « renmen m’ nan »,
« l’ap gade nan fenèt yo, l’ap obsève nan pèsyèn yo »,
« flè yo », «tan womans yo rive», «vwa toutrèl la », «pye rezen
yo fleri », «vwa ou sonnen nan zòrèy mwen », « vwa ou dous, figi
ou bèl ».
Ekspresyon sa yo sitiye parapò ak
Bondye tankou lanmoure ak lanmourèz. Bondye damou nou, li fou pou nou. Li
atantif, l’ap gade nou nan fenèt lavi nou, l’ap swiv mouvman nou. L’ap pale ak
nou nan zòrèy pou li ba nou bon ti konsèy, li fè nou chèlbè, li fè nou santi
bon, li fè figi nou bèl. Men sitou, ekspresyon sa yo fè nou santi kijan Bondye
nou an toupre nou. Nan Tan Nwèl la ki tou pre a, se sa menm nou pral fete,
prezans Bondye pami nou, Emanyèl =Bondye –avèk- nou.
Levanjil
jodi a pale sou vizit Mari te fè lakay kouzin li, Elizabèt ki te ansent. Se te
yon vizit ekstrawòdinè ki te pral pote anpil kè kontan.Poukisa ? Ebyen se
paske atravè Mari, se Bondye menm ki te vizite Elizabèt epi se menm Lespri
Bondye a ki te ranpli Elizabèt avèk yon kè kontan ki te tèlman gran, kote li
t’ap felisite Mari poutèt kalite mèvèy sa Bondye fè nan li a, antan li chwazi
li pou li Manman Sovè a. Elizabèt di Mari : « Ala kontantman
pou ou, poutèt ou te kwè, paske sa Granmèt la voye di w’ yo, y’ap
reyalize ».
Frè ak sè mwen, Tan Lavan sa, se
yon tan ki envite nou menm tou pou nou fè kè nou kontan, paske Mesi a nou ap
tann nan, li prèske rive. Jou delivrans la preske rive. Tristès nou yo pral
vole gagè. Bondye pral chanje dèy nou yo an kè kontan. Dezè nou yo pral tounen
gwo rivyè. Lavi pral gaye toupatou. Zetwal la pral disparèt tout fènwa ki
anvayi lavi nou. Mèsi Granmèt pou lespwa sa ou limen nan kè nou an.
LAPRIYÈ : Tanpri, Granmèt, koute priyè pèp ou a avèk bon
kè ou, pou nou menm ki gen kè kontan poutèt Sèl Pitit ou a k’ap vini nan chè
nou an, nou rive jwenn rekonpans lavi tout tan an lè l’ap vini nan glwa li a.
Pa pouvwa Jezikri.
PWOPOZISYON : An nou
pwofite jounen sa pou nou prepare kè nou pou nou akeyi Jezi. Ann ede lòt moun
prepare yo tou nan pawòl n’ap di ak nan aksyon n’ap poze. Vizite yon moun ki
malad. Pote lespwa pou li. Di li Bondye damou li.
No hay comentarios:
Publicar un comentario