Koulè Vyolèt
KATRIYÈM DIMANCH TAN LAVAN ANE-A
“Men vyèj la ap vin ansent”
NAN LIV PWOFÈT IZAYI 7, 10-14
Jou sa yo :
Granmèt la pale avèk Akaz, li di :
“Mande Granmèt Bondye w’ la yon siy nan bafon anba tè a oubyen nan syèl la anwo
nèt la”.
Akaz di : “Mwen p’ap mande,
mwen p’ap tante Granmèt la”.
Izayi di : “Koute, kay David :
èske sa pa kont nou pou n’ap fatige lèzòm, pou nou rive ap fatige ata Bondye m’
nan? Se pousa Granmèt la li menm ap ba nou yon siy. Men vyèj la ap vin ansent, l’ap
fè yon ti gason, y’ap rele non l’ Emanyèl, paske Bondye-avèk-nou”.
Pawòl Granmèt la.
R/Mèsi Bondye, mèsi.
SÒM REPONS 23, 1-2. 3-4ab. 5-6
R/ Granmèt
la ap antre: se li menm wa glwa a.
Pou Granmèt la tè a ak sa k’ plen
l’, fas tè a ak sa k’ abite ladan l’.
Sèke se li menm ki poze l’ sou
lanmè yo, ki rann li solid sou gran larivyè yo.R.
Kilès k’ap monte sou mòn Granmèt
la, oubyen kilès k’ap kanpe sou plas li ki sen an ?
Moun ki gen men l’inosan ak kè l’
nèt, ki pa nonmen non l’ pou granmesi.R.
Moun sa a ap resevwa benediksyon
nan men Granmèt la ak jistis nan men Bondye Sovè l’ la.
Sa a se ras moun k’ap chèche l’
yo, k’ap chèche fas Bondye Jakòb la.R.
DEZYÈM MOSO LABIB
“Jezikri, nan ras David la, Pitit Bondye”
NAN LÈT APOT PÒL KI SEN POU WOMEN
YO 1, 1-7
Pòl, sèvitè Jezikri, li menm yo rele
kòm apot, yo mete apa pou bòn nouvèl Bondye a, bòn nouvèl sa a Bondye te pwomèt
davans pa lentèmedyè pwofèt li yo nan sa k’ ekri yo ki sen an, osijè Pitit li a,
ki vin fèt pou li sot nan ras David la daprè chè a.
Li menm ki te prevwa davans kòm
Pitit Bondye nan pouvwa a daprè Lespri k’ap fè nou vin sen an, gras a rezireksyon
nan pami mò yo, Jezikri Granmèt nou an. Se pa pouvwa l’ nou resevwa gras avèk
misyon apot pou reyalize obeyisans lafwa nan tout nasyon yo pou non l’, nou menm
ki nan pami nasyon sa yo, Jezikri rele nou tout: Pou nou tout ki a Wòm, nou menm
Bondye renmen an, nou menm li rele pou nou vin sen an, gras pou nou ak lapè sot
nan Bondye Papa nou ak Granmèt nou Jezikri.
Pawòl Granmèt la.
R/Mèsi Bondye, mèsi.
LEVANJIL
“Jezi fèt sot nan Mari, ki te fiyanse avèk Jozèf, pitit David la”
MEN BÒN NOUVÈL JEZIKRI A DAPRÈ
MATYE KI SEN 1, 18-24
Men kijan Jezikri te fèt.
Lè manman l’ Mari te fiyanse avèk
Jozèf, anvan yo te abite ansanm, rive li te vin ansent pa pouvwa Lespri Sen an.
Jozèf menm, mari l’, kòm li te kòrèk, epi li pa t’ vle denonse l’, li te vle
ranvwaye l’ankachèt.
Pandan l’ap kalkile sa, zanj
Granmèt la parèt devan l’ nan rèv, li di : « Jozèf, pitit David, pa pè resevwa
Mari, madanm ou an ; sèke sa k’ fèt nan li a, se nan Lespri Sen an li sòti.
L’ap anfante yon ti gason, w’ap rele non l’ Jezi ; se li menm k’ap sove
pèp li a sot nan peche l’ yo».
Tout sa rive pou pawòl Granmèt la
te di pa lentèmedyè pwofèt la rive vre : « Men vyèj la ap vin ansent,
l’ap anfante yon ti gason ; y’ap rele non l’Emanyèl, sa vle di Bondye-avèk-nou ».
Lè Jozèf leve sot nan dòmi, li fè jan zanj Granmèt la te pase lòd la, li resevwa
madanm li an.
An nou fè lwanj ak konpliman
pou pawòl Bondye a.
R/ Lwanj pou ou, Granmèt.
REFLEKSYON : Depi prè de 4 semѐn, n’ap prepare nou pou nou fete yon gwo evènman
nan lavi nou tankou pѐp Bondye. Jodi a, nou
rive nan dѐnye dimanch nan Tan Lavan an, sa vle di nan dѐnye bout chemen
pou nou fete gwo fѐt sa a, ki se fѐt Nwѐl la, fѐt nesans Sovѐ nou an. Kὸm nou tou pre fèt nwѐl la,
ann gade ki mesaj lekti yo pote pou nou jodi a.
Daprè tѐks Legliz la
pwopoze nou pou dѐnye dimanch tan Lavan an, nou kapab konsidere dimanch sa a
tankou yon veye Nwѐl paske nou jwenn apeprѐ menm lide fѐt Nwѐl la atravѐ tѐks
yo. Nan premye moso labib la, nou wѐ kòman wa Akaz te vle aji pou kont
li, li pa t’ vle mete Bondye devan nan desizyon l’ t’ap pran. Granmѐt la te di l’
mande yon siy men li menm li te di non li p’ap tande Bondye Granmѐt la. Li pa t’
vle se paske li te pѐ, li te prefere mete konfyans li nan lèzὸm pase nan
Bondye. Men pwofѐt Izayi te ba li yon siy pou l’ te ka mete li an konfyans, li
te di l’ : «Men vyѐj la ansent, l’ap fѐ yon ti gason, l’ap rele non li
Emanyѐl, sa vle di Bondye-avѐk-nou ».
Nan sὸm 23, deja yo te
gen tan aklame wa sa a ki te gen pou vini an ; e nan dezyѐm moso labib la,
Sen Pὸl nan lѐt li ekri Women yo, prezante nou Jezi tankou yon moun ki sòti nan
ras David, men ki fѐt selon Lespri Sen an e ki se pitit Bondye. Konsa li
souliye orijin Jezi tankou pitit Bondye e an menm tan tou nati li tankou moun
ki sòti nan ras David.
Pi devan nan Levanjil
la, nou wѐ tout sa ki t’ap anonse depi nan tan lontan nan bouch pwofèt yo vin
akonpli, si nou gade byen, nou kapab di 3 moso labib yo fѐ yon sѐl e nou
retwouve menm fraz sa a ki te sòti nan bouch pwofѐt Izayi lontan avan. Mari
ansent, Jozѐf te vle voye l’ale an sekrѐ men zanj Bondye te vin pale avѐ l’, li
te obeyi san poze kesyon paske li te fѐ Bondye konfyans, li te kwѐ sa li di se
sa. Bondye ba nou sѐl grenn pitit li a : kidonk dimanch sa a se yon
envitasyon pou nou renouvle lanmou nou ak lamitye nou pou Bondye Granmѐt nou
an. Lѐ nou gade kijan Bondye renmen nou, nou dwe manifeste yon santiman
konfyans ak gratitid anvѐ li, pandan n’ap fѐ efὸ pou nou pa janm pѐdi lanmou sa
a li genyen pou nou an.
LAPRIYÈ : Bondye Papa, jodi a mwen vle mande w’ padon pou chak fwa
mwen pa mete konfyans mwen nan ou, pou chak fwa mwen pa bay lanmou w’ genyen
pou mwen enpὸtans.Jodi a mwen vle kòmanse yon lavi tou nѐf, yon eksperyans
pwofon lanmou w’ pou mwen, tanpri ede m’ Granmѐt. Amѐn
PWOPOZISYON : Idantifye Jezi tankou Emanyѐl, Bondye-avѐk-nou, nan lavi
m’, nan atitid mwen ak desizyon m’ yo.
No hay comentarios:
Publicar un comentario