Koulè
Vyolèt
PREMYE MOSO LABIB
“M’ap voye pwofèt Eli ba nou, anvan jou Granmèt la rive”
NAN LIV PWOFÈT MALACHI 3, 1-4: 4,
5-6
Men pawòl Granmèt Bondye :
“Men m’ap voye zanj mwen an, l’ap pare wout la devan fas mwen.
San zatann l’ap antre nan tanp li a, Chèf la, n’ap chèche a, zanj alyans la,
nou anvi a. Men l’ap vini, deklarasyon Granmèt lame yo. Kilès ki kapab kalkile
jou l’ap rive a ? Epi kilès ki kapab kanpe pou gade l’ ? Li menm l’ap
tankou dife k’ap boule, tankou fèy lesiv ; l’ap chita pou l’ fonn, pou l’
pwòpte lajan, l’ap netwaye pitit Levi yo, l’ap netwaye yo tankou lò ak lajan, y’ap
vin tounen pou Granmèt la moun k’ap ofri sakrifis nan jistis. Sakrifis Jida ak
Jerizalèm nan ap fè Granmèt la plezi tankou jou syèk tan yo, tankou tan lontan
yo”.
“Men m’ap voye pwofèt Eli ba nou,
antan jou Granmèt la rive, jou sa a ki gran, ki terib la. L’ap fè kè papa vire
kot pitit yo, epi kè pitit yo kot papa yo, pou m’ pa vin frape tè a ak madichon”.
Pawòl Granmèt la.
R/Mèsi Bondye, mèsi.
SÒM REPONS 24, 4bc-5ab. 8-9 10 e 14
R/ Gade, leve
tèt nou, paske redanmsyon nou an ap pwoche
Chemen ou yo, Granmèt, montre m’
yo, santye ou yo, aprann mwen yo.
Dirije m’ nan santye w’ la, ban m’
leson, paske ou se Bondye Sovè mwen.R.
Granmèt la bon, li dwat, se pousa
l’ap aprann pechè yo chemen an ;
L’ap kondui moun ki dosil yo nan
jijman an, l’ap aprann moun ki dou yo chemen l’ yo.R.
Tout chemen Granmèt la se kè
sansib ak verite, pou moun ki kenbe alyans li a ak temwayaj li yo.
Granmèt la aji an zanmi ak moun
ki respekte l’ yo, pou l’ montre yo alyans li a.R.
LEVANJIL
“Nesans Jan-Batis”
MEN BÒN NOUVÈL JEZIKRI A DAPRÈ
LIK KI SEN 1, 57-66
Elizabèt te rive lè pou l’anfante,
li fè yon ti gason. Vwazin yo ak fanmi yo tande kijan Granmèt la te fè mèvèy kè
sansib li avèk li, yo fè kè yo kontan avèk li.
Rive, sou uityèm jou a, yo vini
pou yo fè sikonsizyon ti pitit la, yo rele l’ non papa l’ Zakari. Manman l’
pran lapawòl, li di: “Non, men y’ap rele l’ Jan”.
Yo di-l: “Men pa gen
pèsòn nan fanmi ou yo rele non sa a”.
Yo fè papa l’ siy kijan l’ te vle
rele l’. Li mande yon adwaz, li ekri, li di: “Jan se
non l’ sa”. Tout moun sezi. Menm lè a bouch li louvri, ak lang
li, li pale, li fè konpliman pou Bondye.
Sezisman tonbe sou tout vwazen l’
yo; anlè tout mòn Jide yo, yo t’ap gaye tout bagay sa yo; tout moun ki tande
sa, yo kenbe l’ nan kè yo, yo t’ap di: “Ki sa ti pitit
sa a ap ye”? Reyèlman men Granmèt la te avèk li.
An nou fè lwanj ak konpliman
pou pawòl Bondye a.
R/ Lwanj pou ou, Granmèt.
REFLEKSYON: Jodi a
se lavèy fèt nesans Sovè a; sa vle di nou rive nan dènye bout preparasyon tout
Tan Tavan an kote nou t’ap prepare kè nou pou gran evénman sa: Bondye ki vin
tounen moun nan mitan nou pou li ka sove nou. Li tounen sa nou ye a pou nou
kapab tounen sa li ye a. Jounen jodi a se jou pou tout Ayisyen pwofite pou
revize lavi nou, konsyans nou, pou nou poze tèt nou kesyon sa: “chak ane n’ap
fete nesans Jezi nan mitan nou, men kè nou pa janm chanje, sa ki fè sa?” E pou
nou rive nan fèt sa, Legliz la ofri nou yon bon bout tan, sa nou rele Lavan an,
espesyalman pou preparasyon fèt sa a. Men nou wè peyi nou ap vin pi mal de jou
an jou. N’ap mande èske nou nenm kòm kretyen nou prepare kè nou vre pou n’
resevwa Jezi? Ki ekzanp nou bay nan jan n’ap viv, nan konpòtman nou? Ki ekzanp
nou bay lòt moun ki pa bay Bondye regle anyen pou yo nan lavi yo. Anpil fwa
fason nou konpòte nou konn fè anpil nan moun sa yo dekouraje pou vin jwenn
Bondye, pou pran menm chemen avèk nou.
Nou wè tout kote Bondye pase, tout kote yo pran nesans
Jezi ak enpòtans gen chanjman ki fèt. Men lakay nou se kontrè a. Donk pwoblèm nan
se pa Bondye, men se nou menm paske nou pa viv lafwa nou ak senserite, onètete,
transparans, nou sonje Bondye sèlman pou nou mande l’ lè nou bezwen yon bagay,
e si nou pa jwenn li nou kòmanse kondane Bondye, nou di li pa bon.
Kretyen Ayisyen, Nan okazyon fèt nesans Jezi ane sa a,
ann bay tèt nou yon defi ! Ann siyen Nouvo Kontra ak Bondye tout bon vre. Ann
travay pou nou tounen pèp Bondye tout bon vre, epi pou Bondye tounen tout bon
vre Bondye nou. Men pou nou rive reyalize bèl pwojè sa tout bon vre, nou dwe fè
jefò pou nou detache nou ak bagay materyèl sèlman, bagay sipèfisyèl. Okontrè
ann chache pito byen espirityèl yo, santre lavi nou sou Bondye, e n’a wè bon
jan fwi sa ap pote. Ènmi an a sispann ri, l’a sispann di: “Jan pèp Ayisyen
priye Bondye epi se pi mal l’ap pi mal”. Ann aprann dekouvri valè nou kòm pèp
Bondye chwazi pou sèvis li. Ann montre Jezi te vin fèt nan mitan nou, li sove
limanite. Ak valè li anseye nou nan doktrin li an, n’ap sove peyi pa nou. Ann fè
peyi nou pran yon lòt direksyon pandan n’ap mete valè n’ap viv nan lafwa nou yo
an aksyon, pou n’ di menm jan ak salmis lan: Leve kanpe, met tèt ou debou, lè
liberasyon w’ lan rive! An nou mande Granmèt la montre nou chemen li an, pou li aprann nou mache sou tras li ba nou yo,
pou n’ ka mache nan ladwati”.
Pou nou asime gran responsablite sa, fòk nou aji menm jan
ak Jan Batis,wòl nou se anonse epi denonse tout mal, tout enjistis sosyal,
prejije, mansonj, vyolasyon, koripsyon. Pou sa, fòk nou ini fòs nou kòm kretyen
pou n’di sètase! Nou dwe fè menm jan ak Jan Batis, ki t’ap preche tout moun
lakonvèsyon, epi ki t’ap devwale tout malis kache otorite nan tan l’ yo t’ap
pratike. Li pa te pè fè yo paske li te konnen men Granmèt la te avèk li. Jan
Batis pa te pè ekspoze lavi l’ pou l’ defann kòz Granmèt la. Nou menm kretyen
katolik, anpil fwa se sa ki konn pase nou, nou pè ofri lavi nou pou kòz frè ak
sè nou ki se kòz Granmèt la. Donk, nan lavèy fèt Nwèl sa se sa levanjil la ap
envite nou fè lè li pale nou de nesans
Jan Batis.
LAPRIYÈ: Jezi o, n’ap
mande w’ ane sa, fè n’ santi tout bon vre ou fèt nan mitan nou, nan peyi nou k’ap
soufri paske nou manke asime wòl nou kòm kretyen menm jan ak Jan Batis. Ede n’
dekouvri w’ nan mizè ak doulè frè ak sè nou yo, pou n’ travay pou kondisyon
lavi yo amelyore jan w’ mande n’ pou n’ fè a.
Amèn.
PWOPOZISYON: Kisa ki anpeche
mwen viv jan Jezi mande a? Kisa m’ap fè pou mwen kraze anpèchman sa a?
No hay comentarios:
Publicar un comentario