Koulè
Vyolèt
PREMYE MOSO LABIB
“Peyi-wa David la ap kanpe pou tout tan devan fas Granmèt la”
NAN DEZYÈM LIV SAMYÈL 7, 1-5.
8b-12. 16
Rive lè wa David fin enstale nan
lakay li, lè Granmèt la fin ba l’ repo tout kote sot anba men tout ènmi l’ yo,
li di pwofèt Natan : «Gade kijan mwen menm mwen abite nan kay ki fèt ak
planch bwapen, epi ach Bondye a menm depoze nan mitan yon tant». Natan di wa
a : « Tout sa ki nan kè ou, al fè l’, paske Granmèt la avèk ou».
Rive nan nuit sa a menm, pawòl
Granmèt la rive kot Natan, li di : «Al di David sèvitè m’ nan : «Men
pawòl Granmèt la : Èske se ou menm k’ap bati yon kay ban mwen pou m’abite?
Se mwen menm ki te pran ou sot nan savann zèb la, lè ou t’ap suiv bann mouton
yo, pou ou te kapab vin chèf sou pèp mwen Izrayèl, mwen te avèk ou nan tout
okazyon tout kote ou te pase, mwen te touye tout ènmi ou yo sot devan fas ou ;
mwen te fè ou vin gen yon non ki gran tankou non gran pèsonaj yo ki sou tè a. M’ap
mete yon kote pou pèp mwen Izrayèl, m’ap plante l’, l’ap abite la, li p’ap nan
kè sote ankò ; pitit mechanste yo p’ap vin pou yo trakase l’ tankou anvan,
depi jou mwen te enstale jij yo sou pèp mwen Izrayèl la. M’ap ba ou repo sot
anba men tout ènmi ou yo, Granmèt la avèti ou davans se Granmèt la k’ap fè yon
kay pou ou.
Lè jou ou yo ap fin rive nan
limit yo, epi w’ap dòmi ansanm avèk papa ou yo, m’ap fè desandans ou leve aprè ou,
sa k’ sòti nan vant ou a ; m’ap konsolide peyi wa l’ la, m’ap yon papa pou
li, li menm l’ap yon pitit pou mwen. Kay ou a ap fidèl, ni peyi wa ou la jous
pou tout tan devan fas ou, twòn ou an ap solid pou tout tan ».
Pawòl Granmèt la.
R/Mèsi Bondye, mèsi.
SÒM REPONS 88, 2-3. 4-5. 27 e 29
R/ Kè
sansib ou, Granmèt, se tout tan m’ap chante l’.
Kè sansib Granmèt la, se tout tan
m’ap chante l’, pou jenerasyon ak jenerasyon m’ap anonse verite w’ nan bouch mwen.
Sèke mwen te di : “Pou tout tan kè sansib la bati, nan syèl la ou asire verite
w’ la. R.
Mwen regle alyans avèk sa a mwen
chwazi a, Mwen fè sèman bay David, sèvitè m’ nan : Pou tout tan m’ap asire
desandans ou a, m’ap drese fotèy ou pou jenerasyon ak jenerasyon.R.
Li menm l’ap rele m’ : « Se
Papa m’ ou ye, Bondye m’ak Wòch k’ap sove m’ nan ». Pou tout tan m’ap kenbe
kè sansib mwen pou li, alyans mwen an ap fidèl pou li.R.
LEVANJIL
“Solèy k’ap leve a vin vizite nou sot anwo a”
MEN BÒN NOUVÈL JEZIKRI A DAPRÈ LIK
KI SEN 1, 67-79
Lè sa a:
Zakari, papa Jan, vin plen ak Lespri
Sen an, li fè deklarasyon pwofèt, li di:
“Konpliman pou Granmèt la Bondye
Izrayèl, paske li vizite pèp li a, li rachte l’; li drese kòn k’ap sove a pou
nou nan kay David sèvitè l’ la, jan l’ te pale nan bouch sen yo, ki te la depi
syèk tan, pwofèt li yo; sove l’ap sove nou an sot nan men ènmi nou yo, ak nan men
moun ki rayi nou yo: pou l’ fè kè l’ sansib avèk papa nou yo, pou l’ sonje alyans
li a ki sen an; sèman li te deklare ofisyèl bay Abraam papa nou an, li t’ap ba
nou pou, san krent, antan nou delivre sot nan men ènmi nou yo, nou sèvi l’ nan
sentete ak jistis devan l’ pandan tout jou nou yo.
Kanta ou menm, ti pitit, se pwofèt
Sa a ki anwo nèt la y’ap rele ou, sèke w’ap mache pran devan devan fas Granmèt
la pou ou pare wout li yo, pou ou bay pèp li a syans sove li sove a, pou padon
peche l’ yo. Gras a zantray mizerikòd Bondye nou an, ki fè l’ vin vizite nou
kòm Solèy k’ap leve sot anwo a, pou l’ klere sa yo ki chita nan fènwa ak
lonbraj lanmò a, pou l’ dirije pye nou nan chemen lapè”.
An nou fè lwanj ak konpliman
pou pawòl Bondye a.
R/ Lwanj pou ou, Granmèt.
REFLEKSYON : Fèt Nwèl la rive, se aswè a. Tout bagay prepare
pou nou fete gwo fèt sila.Se toujou yon bèl okasyon pou nou selebre lavi a,
renmen ak lajwa nou gen nan kè nou. Nan jou 24 desanm sa a, ki se pòt antre fèt
Nwèl la, n’ap envite w’ medite ak pawòl Zakari, papa Jan, nan lwanj li fè pou Bondye :
Ann chante pou Mèt la, Bondye pèp Izrayèl la. Paske,
li vin sove pèp li a, li delivre yo anba esklavaj. Li
voye yon moun avèk gwo pouvwa pou delivre nou. Se
sa menm Bondye te fè konnen nan bouch pwofèt li yo depi nan tan lontan. Li te
pwomèt li t’ap delivre nou anba lènmi nou yo, ak anba tout moun ki rayi nou yo.
Se konsa l’a gen pitye pou zansèt nou yo. Tout sa, paske Bondye nou an gen kè
sansib, li renmen nou anpil. L’ap fè yon limyè sòti anwo vin klere nou tankou
solèy k’ap leve. Li gen pou l’ klere tout moun k’ap viv
nan fènwa ak nan lonbray lanmò. Li gen pou l’ fè nou mache nan chemen k’ap ban
nou kè poze a. Kite limyè ki sòti nan syèl la klere lavi w’ pou lajwa fèt Nwèl
la kapab dire pou toutan nan lavi ou.
LAPRIYÈ :
Fè vit, tanpri,
pa mize, Granmèt Jezi, pou antan ou vini an, ou fè konsolasyon ou soulve yo, sa
yo ki te met konfyans yo nan bon kè w’ la. Ou menm ki vivan.
PWOPOZISYON : Fè lwanj pou Bondye pou mèvey li reyalize nan
lavi m’.
No hay comentarios:
Publicar un comentario