Páginas

MÈKREDI 11

Koulè Vyolèt
PREMYE MOSO LABIB
«Bondye ki gen tout pouvwa a bay sa ki fatige a fòs»
NAN LIV PWOFÈT IZAYI 40, 25-31
«Ak ki sa nou fè m’ sanble, nou konpare m’?» deklarasyon Sen an. Leve je nou nan syèl anwo nèt la, epi gade : kilès ki te kreye bagay sa yo, ki fè lame yo sòti nan ran an, ki rele yo tout daprè non yo ? Akòz grandè fòs ak pouvwa ak otorite l’, pa gen youn ki rete.
Pouki sa w’ap di, Jakòb, w’ap deklare Izrayèl : «Chemen m’ nan kache devan Granmèt la, jijman m’ nan pati sot devan Bondye m’ nan?» Èske ou pa konnen, oubyen ou pa t’ tande ? Se Bondye tout tan an, Granmèt la, ki te kreye limit tè a, li p’ap febli, li p’ap bouke, pa gen fon pou sajès li. Li menm ki bay sa k’ fatige a fòs, sila yo ki pa ekziste yo li ba yo fòs, li devlope fòs la. Timoun yo febli, yo bouke, jenn jan yo tonbe ak feblès ; men sila yo ki espere nan Granmèt la yo jwenn fòs tou nèf, yo pran zèl tankou malfini, yo kouri epi yo pa bouke, yo mache epi yo pa febli.
Pawòl Granmèt la.
R/Mèsi Bondye, mèsi.            
SÒM REPONS 102, 1-2. 3-4. 8 e 10
R/ Fè konpliman pou Granmèt la, nanm mwen.
Fè konpliman pou Granmèt la, nanm mwen ; tout sa k’ andan m’, fè konpliman pou non l’ ki sen.
Fè konpliman pou Granmèt la, nanm mwen, pa bliye tout sa l’ fè yo.R.
Li menm ki padonnen tout fot ou yo, ki geri tout maladi ou yo ; li menm ki delivre lavi ou sot nan fòs la,
ki kouwonnen ou ak kè sansib, ak pitye.R.
Granmèt la pran pitye, li gen kè sansib, li pran pasyans, li gen anpil kè sansib.Se pa dapre peche nou yo li trete nou, ni daprè fot li renmèt nou yo.R.
LEVANJIL
 «Vin jwenn mwen, nou tout k’ap redi»
MEN BÒN NOUVÈL JEZIKRI A DAPRÈ MATYE KI SEN 11, 28-30
Lè sa a: Jezi pran lapawòl li di:
“Vin jwenn mwen, nou tout k’ap fatige, k’ap redi anba gwo chaj, m’ap refè fòs nou. Pran jouk mwen sou nou, pran leson nan men m’, paske mwen tou dou, mwen pòv nan kè m’; n’ap jwenn repo pou nanm nou; jouk mwen fasil pou pote, chaj mwen lejè”.
An nou fè lwanj ak konpliman pou pawòl Bondye a.
R/ Lwanj pou ou, Granmèt.
REFLEKSYON: Granmèt la ki te kreye limit tè a, pa vle nou konpare l’, paske li depase tout konpezon lèzòm. Nan pwofesi Izayi a, nou li: “leve je nou nan syèl anwo nèt la...”.Se yon  envitasyon k’ ap pèmèt nou mete Bondye nan plenitid li. Pou n’ sispann konpare l’ ak zidòl yo. Se pa yon plenitid k’ap divize men pito k’ ap fè nou ini nan renmen, nan pataj, nan respè youn pou lòt nan ekzanp Jezi gran frè nou, modèl nou ki te pase kèk jou pami nou sou tè a. Pwofèt la kontinye lansèyman li a kote l’ap montre nou moun ki espere nan Granmèt la, yo va jwenn fòs tou nèf, fraz sa a mete nou an koneksyon dirèk ak levanjil Matye a, kote Bondye montre l’ tankou Sous lavi a. Yon sous ki la pou refè fòs ak tout moun ki fatige. Bòn nouvèl la se pou tout moun; Bondye pa fè distenksyon, li di: “Vin jwenn mwen nou tout ki fatige, k’ap redi anba chay”. Se yon levanjil ki pote anpil espwa ak soulajman. Men, souf sa a, se Jezi sèl ki ka ba nou li e pou sa, li envite nou sèlman pou nou fè yon pa vin jwenn li.
LAPRIYÈ: Bondye ki gen tout pouvwa a, nan pare n’ap pare kè nou pou nou tann Pitit ou a, Sovè nou an. Tanpri, akonpaye nou, pou nou pa febli nan wout. Voye fòs Lespri dife a vin boule tout lide mal nan kè nou; konsa lè Jezi vini l’a pran plezi pou li abite nan kè nou. Pa pouvwa Jezikri.

PWOPOZISYON: Travay tout kretyen, se chache imite Jezi. Nan sans sa a pandan jounen an ann wè kòman nou ka ede yon frè ak sè santi nou se vrè imitatè Jezi.

No hay comentarios:

Publicar un comentario