Koulè Wouj
LISI KI SEN, Vyèj e Mati
(Memwa)
PREME MOSO LABIB
“Si ou te kapab
koute kòmandman m’ yo!”
NAN LIV PWOFÈT IZAYI
48. 17-19
Men pawòl Granmèt la,
sila a ki aprann ou sa k’ sèvi ou, k’ap dirije ou sou wout la, kote w’ap mache
a.
Si ou te kapab koute
kòmandman m’ yo! Kè poze w’ la ta tankou yon larivyè, jistis ou a ta tankou
lanm lanmè yo! Ras ou ta tankou sab, desandans ki sòti nan vant ou ta tankou
grenn sab li; non ou pa t’ap pati, pa t’ap efase sot devan fas mwen!”
Pawòl Granmèt la.
R/Mèsi Bondye, mèsi.
SÒM REPONS 1, 1-2. 3: 4 e 6
R/ Moun ki suiv ou, Granmèt,
l’ap gen limyè lavi a.
Se chans pou moun
ki pa ale nan reyinyon moun ki pa respekte Bondye yo, ki pa kanpe nan chemen
moun peche yo, ki pa chita nan gwoup moun k’ap pase lalwa a nan rizib yo, men
se nan lalwa Granmèt la volonte l’ ye, se nan lalwa l’ la l’ap kalkile lajounen
ak lannuit. R.
L’ap tankou yon pye
bwa ki plante sou bò kouran dlo, k’ap donnen fwi l’ nan tan li; li p’ap pèdi
fèy li, tout sa l’ap fè ap reyisi. R.
Se pa konsa pou
moun ki pa respekte Bondye yo, se pa konsa, men y’ap tankou pousyè van ap voye
jete. Sèke Granmèt la konnen chemen moun kòrèk yo, men wout moun ki pa kòrèk yo
ap peri.R.
LEVANJIL
“Yo pa koute ni
Jan ni Pitit moun nan”
MEN BÒN NOUVÈL JEZIKRI A
DAPRÈ MATYE KI SEN
11, 16-19
Lè sa a, Jezi di foul
yo:
“Ak ki sa mwen ta
konpare jenerasyon sa a? Li sanble ak ti gason yo ki chita sou laplas, k’ap
rele zanmi yo, y’ap di: “Nou chante pou nou, epi nou pa danse; nou chante
chante dèy, epi nou pa kriye”.
“Reyèlman vre Jan
rive, li pa manje, li pa bwè, epi yo di: “Se yon demon li genyen!” Pitit moun
nan rive l’ap manje epi l’ap bwè, epi yo di: “Men yon moun voras, yon moun k’ap
bwè diven, yon zanmi pibliken yo ak pechè yo!” Ebyen bon konprann nan jwenn
pitit li yo ki rann li jistis”.
An nou fè lwanj ak konpliman
pou pawòl Bondye a.
R/ Lwanj pou ou, Granmèt.
REFLEKSYON
Men Granmèt la k’ap
vini vizite nou atravè Pitit li a, pou li klere nou ak limyè li a, pou n’ kab
gen lapè ak lavi. Tan Lavan an, se yon sezon espesyal, kote Bondye ap ranfòse
espwa nou nan pwomès li fè nou, kote li vle nou fè yon pa pou nou antre nan gwo
pwojè liberasyon li vle pou tout pitit li yo. Liberatè pwofèt Izayi te anonse
a, li pa lwen rive. Se Jan Batis k’ap gen pou prezante nou li. E deja, nou
konnen fòk nou prepare nou pou akeyi li, puiske lè w’ap resevwa yon etranje, ou
dwe fè preparasyon ki nesesè pou ou kapab byen akeyi li. Se yon preparasyon ki
mande nou pou nou chanje move konpòtman nou genyen, kwape move santiman ki nan
kè nou, tankou lanbisyon, egyism, jalouzi,.. . Izayi lanse yon apèl ba nou pou
nou kapab aprann koute, koute sa Bondye mande nou fè, paske se Granmèt la ki te
fòme nou, se li menm ki te montre nou chemen pou nou swiv la; si nou swiv lòd
Granmèt la te ba nou yo, si nou rete atantif, nou kapab jwenn benediksyon li, tankou
lapli k’ap tonbe, tankou lamè k’ap voye lanm. Pafwa nou kon distrè nan lavi a,
nou vin dekonekte, nou pa konnen ki bagay ki fè kè nou kontan, ni ki bagay ki
fè nou tris, paske nou ap viv nan yon endiferans. Matye di Jan Batis vini pou
l’ prepare wout pou Sovè a; men paske li pa manje, li pa bwè, yo di li gen
demon sou li; Pitit moun nan vini pou l’ pran ka sa ki pi piti yo, pòv yo,
pechè yo, moun ki malad yo; yo di li se yon moun ki saf, tafyatè, li fè zanmi
avèk moun ki nan peche yo.
Frè ak sè m’ yo, se yon ekzanp Jezi vle ba
nou. Pandan Tan Lavan an, pawòl Bondye a ap mande n’ fè jefò pou n’ sispann
rete endiferan. L’ap envite nou fè solidarite pou nou ede sila yo ki pi piti
yo, sa ki pa gen pèsòn, pòv yo, tout sila yo ki poko tande Bòn Nouvèl la; se pou
nou pote lespwa ak ankourajman. Akeyi lòt yo ki pi fèb, se akeyi Jezi li menm
menm? Ann mande Bondye fòs ak kouraj pou n’ chanje tout sa ki merite chanje nan
lavi nou, nan kominote n’yo ak nan peyi nou, se konsa tè ki sèk la va tounen
yon letan, flè yo va pouse, malere yo va danse, prizonye yo va jwenn libète epi
se va kè kontan.
LAPRIYÈ: Granmèt, tanpri, fè bèl priyè Lisi ki
sen, ki vyèj, ki mati, chofe nou, pou nou fete nesans li nan tan sa a, pou nou
konsidere bagay k’ap dire tout tan yo. Pa pouvwa Jezikri.
PWOPOZISYON: Jezi ap vini kòm prens lapè, m’ap rete je
klè pandan m’ap prepare pou akeyi li nan yon kay ki pwòp, nan yon kè ki pwòp.
No hay comentarios:
Publicar un comentario