Páginas

SAMDI 14

Koulè Blan
JAN DE LA KWA KI SEN, Prèt e Savan sakre Legliz la
(Memwa)
PREMYE MOSO LABIB
“Eli gen pou l’ vini ankò”
NAN LIV SIRASID 48, 1-4. 9-11
Pwofèt Eli leve tankou dife, pawòl li boule tankou flanbo. Li menm ki te fè grangou rive sou yo, yo fè l’ fache, jalouzi l’ fè yo vin tounen yon ti kras, yo pa t’ kapab sipòte kòmandman Granmèt la. Ak pawòl Granmèt la, li fèmen syèl la, li fè dife desann twa fwa sot nan syèl la. Se konsa Eli jwenn grandè nan mèvèy li yo. Ki moun ki kapab jwenn bèlte menm jan avèk ou ?
Ou menm yo pran nan toubiyon dife a, nan kabwèt chwal dife ; ou menm yo ekri sou ou pou jijman tan yo, pou ou kalme kòlè Granmèt la, pou ou fè kè papa tounen vin jwenn pitit, pou ou fè fanmi Jakòb yo kanpe ?
Se chans pou moun yo ki te wè ou yo, ki te anbeli avèk relasyon zanmi ou !
Pawòl Granmèt la.
R/Mèsi Bondye, mèsi.
SÒM REPONS 79, 2ac e 3b. 15-16. 18-19
R/ Bondye, fè nou tounen, klere fas ou, n’a sove.
Ou menm k’ap kondui Izrayèl, fè atansyon, ou menm ki chita anlè Cheriben yo, klere.
Drese pouvwa ou, vini, pou ou sove nou.R.
Bondye pouvwa yo, vire ; gade antan ou nan syèl la, pou ou wè, vizite pye rezen sa a.
Pwoteje l’, li menm men dwat ou te plante a, ak sou pitit moun nan ou te asire pou ou a.R.
Se pou men ou sou moun men dwat ou a, sou pitit moun nan ou te asire pou ou a.
Nou p’ap vire do ba ou, w’a ba nou lavi, n’ap rele non ou.R.
LEVANJIL
“Eli deja vini, yo pa t’ rekonèt li”
MEN BÒN NOUVÈL JEZIKRI A DAPRÈ MATYE KI SEN
17, 10-13
Pandan y’ap desann sot sou mòn nan, disip yo poze Jezi kesyon, yo di: «Kòman fè pwofesè yo di Eli gen pou l’ vini anvan an?»
Li menm li pran lapawòl, li di yo : «Eli gen pou l’ vini vre, pou l’ renmèt tout bagay an plas. Men mwen di nou, Eli deja vini, men yo pa t’ rekonèt li, okontrè yo fè sa yo vle ak li. Se konsa tou Pitit moun nan gen pou l’ soufri nan men yo». Lè sa a atò disip yo rekonèt se osijè Jan-Batis li t’ap pale yo.
An nou fè lwanj ak konpliman pou pawòl Bondye a.
R/ Lwanj pou ou, Granmèt.
REFLEKSYON
Nan moman difisil yo, anpil fwa imaj nou gen de Bondye konn parèt ak pawòl ki chaje emosyon e ki ta kapab fè moun tranble. Nan kòmansman lekti liv Sirasid la, nou remake anpil pawòl konsa. Poutan, se yon fason ekriven an vle montre nou ke pèp la t’ap travèse yon moman difisil. Men lè nou gade finisman oubyen konklizyon tèks la, nou gen yon lòt vizyon. Nou wè misyon pwofèt la te genyen : misyon pou favorize lapè ak rekonsilyasyon. Nou wè kòman tan an prale vit e anpil pwofesi ap akonpli. Papa ak manman ki abandone pitit yo, oubyen ki pa pran responsablite yo, jodi a se yon moman espesyal pou nou poze tèt nou kesyon. Nan sans sa pandan n’ap prepare nou, pou n’ resevwa Sovè a, ann rache tout move zèb divizyon ak mechanste nan kè nou pou nou kapab viv yon lavi tou nèf, nan renmen, tèt ansanm ak lapè. An nou kite Bondye klere nou ak fas li pou nou kapab sove (sòm 79).
Bondye pa janm kite nou pou kont nou, nan chak moman difisil nou yo, li toujou itilize moun pou pote nou sekou; men anpil fwa tou, nou fèmen je nou, e nou fèmen pòt kè nou.Sa fè nou pa janm rann nou kont lè Bondye vizite nou. Se sa nou wè nan moso levanjil jodi a, pèp jwif la t’ap pase touman anba men chèf women yo ak anba men anpil lòt gwoup diferan ki t’ap divize kominote a. Enben nan sans sa a, yo t’ap tann Eli retounen pou vin mete lòd nan dezòd. Men, malerezman yo pa t’ rekonèt li. Jezi te tou anonse yo kòman yo gen pou yo maltrete l’. Sa fè disip yo te rekonèt se osijè Jan Batis li t’ap pale. Vrèman Jan Batis te gen misyon prepare wout Granmèt la epi reyini kominote divize yo, antan li t’ap lanse yon apèl pou moun yo pran chemen repantans. Apèl sa se pou nou menm jounen jodi a. Men yo pa t’ konprann pwofèt yo, yo te touye yo. Enben se konsa Jezi te vini pou l’ te reyalize sa pwofèt yo te anonse, men li menm tou li pa t’ap chape anba men malfetè yo, yo gen pou yo kloure l’ sou kwa. Zanmi m’ yo, mechan yo tout kote men Bondye p’ap kite nou wont, l’ap toujou avèk nou pou pran swen nou e pote nou sou zèpòl li, lè nou santi nou fatige.

LAPRIYÈ: Bondye, ou menm ki te fè Jan ki sen vin tounen yon prèt ki bliye tèt li nèt, epi ki renmen kwa a yon jan ekstrawòdinè, fè nou gras, pou nou suiv ekzanp li tout tan, pou nou rive wè glwa w’ la tout tan. Pa pouvwa Jezikri.
PWOPOZISYON: Jodi a vizite yon fanmi ki gen kèk ti pwoblèm divizyon. Ede yo chèche yon solisyon.

No hay comentarios:

Publicar un comentario