Páginas

DIMANCH 12

Koulè Blan
FÈT BATÈM GRANMÈT LA
PREMYE MOSO LABIB
« Men sèvitè m’ nan, se nan li mwen jwenn plezi m’»
LÉKTU LIV PROFÈT IZAYI 42, 1-4. 6-7
Min paròl Granmèt la :
« Men sèvitè m’ nan, m’ap soutni l’, li menm mwen chwazi a, mwen jwenn plezi m’ nan li : mwen mete espri m’ sou li, l’ap pote jijman an bay nasyon yo. Li p’ap rele ni li p’ap konsidere figi moun, yo p’ap tande vwa l’ nan lari. Wozo ki fele a, li p’ap kase l’ ; mèch k’ap fè lafimen an, li p’ap etenn li ; l’ap fè jijman an sòti nan verite. Li p’ap tris, ni brital, joustan li poze jijman an sou tè a ; zile yo ap tann lalwa l’ la.
Mwen menm Granmèt la mwen rele ou nan jistis la, mwen pran ou nan men, mwen pwoteje ou, mwen renmèt ou kòm kontra pèp la pou limyè nasyon yo, pou ou louvri je avèg yo, pou ou wete prizonye yo sot nan kacho a, pou ou wete moun ki chita nan fènwa yo sot nan prizon an ».
Pawòl Granmèt la.
R/ Mèsi Bondye, mèsi.        
SÒM REPONS 28, la e 2. 3ac-4. 3b e 9b-10
R/ Granmèt la ap beni pèp li a nan lapè.
Pote bay Granmèt la, pitit Bondye yo, pote bay Granmèt la glwa non l’, adore Granmèt la nan bèlte ki sen an.R.
Vwa Granmèt la sou dlo yo, Granmèt la nan pouvwa, vwa Granmèt la nan grandè.R.
Bondye grandè a fè tande vwa li : nan tanp li a tout moun rele viv.Granmèt la abite anlè delij la, Granmèt la ap chita kòm wa pou tout tan.R
DEZYÈM MOSO LABIB
« Granmèt la sakre l’ nan Espri Sen an »
NAN TRAVAY APOT YO 10, 34-38
Jou sa yo :
Pyè louvri bouch li, li di : « Amèn mwen rekonèt Bondye pa gade sou figi moun, men nan tout nasyon, moun ki krenn li, ki fè sa k’ kòrèk, se li menm li resevwa.
Bondye voye pawòl la bay pitit Izrayèl yo, li anonse lapè pa lentèmedyè Jezikri : sa a se Granmèt tout moun. Nou konnen, pawòl ki rive nan tout Jide a kòmanse depi sot nan Galile a aprè batèm nan, sa Jan te preche a, Jezi moun Nazarèt la, kijan Bondye sakre l’ak Espri Sen an avèk pouvwa, li menm ki travèse antan l’ap fè sa k’ byen, l’ap geri tout moun ki t’ap pase tray anba pouvwa dyab la, paske Bondye te avèk li ».
Pawòl Granmèt la.
R/ Mèsi Bondye, mèsi.        
LEVANJIL
“Lè Jezi fin batize, li wè Espri Bondye a k’ap vin sou li.”
MEN BÒN NOUVÈL JEZIKRI A DAPRÈ MATYE KI SEN 3,13-17
Lè sa a:
Jezi rive sot Galile a vin nan Jouden an kot Jan, pou l’ fè l’ batize l’. Jan menm te vle anpeche l’, li t’ap di : « Se mwen menm ki dwe resevwa batèm nan men ou, epi se ou menm ki vin kote mwen » ?
Jezi menm reponn, li di l’ : « Kite pou koulye a ; sèke se konsa nou gen pou nou reyalize tout jistis ». Lè sa a atò li kite l’.
Lè Jezi menm fin batize, menm lè a li monte sot nan dlo a ; epi men syèl la louvri pou li, li wè Espri Bondye a k’ap desann tankou yon kolonb, k’ap vin sou li. Men yon vwa sot nan syèl la, k’ap di : « Sila a se Pitit mwen an mwen renmen an, nan li mwen jwenn plezi mwen ».
An nou fè lwanj ak konpliman pou pawòl Bondye a.
R/ Lwanj pou ou, Granmèt.
REFLEKSYON : Anpil moun ap mande Legliz pou batize pitit yo san yo pa konprann sa yo vin mande. Jodi a, pawòl Bondye a ap pale nou sou sa k’ te pase lè Jezi li menm te resevwa batèm.
Yon jou Jezi al bò larivyè Jouden an, kote Jan batis t’ap preche, kote l’ t’ap envite moun yo resevwa batèm tankou yon siy ki montre yo vle chanje lavi yo. Jezi mande Jan pou li batize li. Jan pa dakò. Li di: se Jezi ki ta dwe batize l’ pito. Jezi, ki konnen sa l’ap fè, di Jan: Se kont pou nou fè tout sa Bondye mande.”  Lè sa a, Jan vin dakò e li batize Jezi. Lè Jezi fin batize, li sòti nan dlo, li wè Lespri Sen an desann sou fòm yon ti pijon, vin sou li. Menm lè a tou li tande yon vwa ki di: “Sa se pitit mwen renmen anpil la. Li fè kè m’ kontan anpil. Nou tou wè: pou Jezi, jou batèm li se te jou li kòmanse yon lòt lavi, se jou li fin wè Bondye renmen li anpil. Jezi vin montre aklè ki travay Papa l’ te vle pou l’ fè. Jou batèm li tounen yon jou kòmansman, pa yon finisman. Se batèm Jezi ki fè l’ kite fason li t’ap viv pou li kòmanse preche moun yo: Bondye se papa yo, Bondye renmen yo. Li te vle di yo sa paske anpil moun te konprann Bondye se yon jij k’ap chache kondane moun. Jou batèm li, lavi Jezi tounen yon lavi pou Bondye nèt ale, nan preche moun yo: delivrans la rive, peyi kote Bondye wa a tou pre rive. Pou yo te kapab konprann ki kalite peyi sa ye kote Bondye Wa, li kòmanse geri moun: li fè moun avèg wè, li fè moun bèbè pale, li fè moun bwate mache drèt. Pou nou menm tou, jou batem nou se pa yon jou pou nou fini ak sa, men se jou kote nou kòmanse viv yon lòt jan, paske jou sa nou vin gen yon nouvo lavi: lavi kote ou kòmanse viv yon lòt jan, paske jou sa nou vin gen yon nouvo lavi: lavi Bondye menm. Jou batèm nou, Bondye di nou menm pawòl li te di pou Jezi: “Ou se pitit mwen renmen anpil la”. Depi jou batèm nou, nou gen Lespri Sen an nan nou ki pèmèt nou bliye tèt nou pou n’ ale viv pou frè ak sè nou yo. Men si jou batèm nou nou te tou piti e nou pa t’ tande Bondye pale ak nou, nou tou konnen li te pale ak nou. Jodi a fòk nou ka tande Bondye di nou: “ou se pitit mwen renmen anpil la, mwen bezwen ou pou simaye renmen toupatou sou tè a, mwen vle sèvi ak ou pou tabli wayòm mwen, peyi tèt ansanm, peyi lenzalòt la. Peyi sa, se ou menm ak tout pitit mwen yo ki pou mete tèt yo ansanm pou sa ka reyalize”. Jou tout moun a mete tèt ansanm, y’ap travay pou mete plis kè kontan, kè poze nan kè chak moun; jou sa Bondye va di pou nou chak: ou fè kè m’ kontan anpil!
LAPRIYÈ: Bondye, ou vivan pou tout tan nèt epi ou gen tout pouvwa; lè batèm Jezikri nan dlo Jouden an, Lespri Sen an te vin poze sou li epi ou menm ou te deklare li se Pitit ou a, sa ou renmen an. Tanpri, pitit adoptif ou yo ki pran nesans nan dlo ak Lespri Sen an, fè yo favè toujou kenben fèm nan volonte ou. Pa pouvwa Jezikri.

PWOPOZISYON: Gras a Lespri Sen nou resevwa nan batèm nan, nou kapab viv jan Bondye vle: pou frè ak sè nou yo, jan Jezi te montre nou. Si nou fè sa, Bondye Papa va di nou: ou fè kè m’ kontan anpil!

No hay comentarios:

Publicar un comentario