Páginas

SAMDI 11

Koulè Blan
PREMYE MOSO LABIB
“Espri a ak dlo a ak san an”
NAN PREMYE LÈT APOT JAN KI SEN 5, 5-6. 8-13
Nou menm mwen renmen anpil la :
Kilès sa a ki ranpòte viktwa sou tè a, si se pa sa a ki kwè Jezi se Pitit Bondye a ?
Sa a se li menm ki vini nan dlo a ak san an, Jezikri; pa nan dlo a sèlman, men nan dlo a ak san an. Epi se Espri a ki sèvi temwen Jezikri se verite a. Se yo twa k’ap sèvi temwen sou tè a: Espri a ak dlo a ak san an, Epi twa sa yo, se yon sèl yo ye.
Si nou resevwa temwayaj moun yo, temwayaj Bondye a pi gran; paske sa a se temwayaj Bondye a, ki pi gran an, li sèvi temwen osijè Pitit li a. Moun ki kwè nan Pitit Bondye a, li gen temwayaj Bondye a nan li. Moun ki pa kwè nan Pitit la, li fè l’ pase pou mantè, paske li pa kwè nan temwayaj la, sa Bondye temwaye osijè Pitit li a.
Men temwayaj la, Bondye ba nou lavi tout tan an; lavi sa a se nan Pitit la li ye. Moun ki gen Pitit la, li gen lavi a; moun ki pa gen Pitit la, li pa gen lavi a.
Mwen ekri nou bagay sa yo, pou nou konnen nou gen lavi tout tan an, nou menm ki kwè o non Pitit Bondye a.
Pawòl Granmèt la.
R/ Mèsi Bondye, mèsi.        
SÒM REPONS 147, 12-13. 14-15. 19-20
R/ Fè lwanj Granmèt la, Jerizalèm.
Fè lwanj Granmèt la, Jerizalèm ; fè lwanj Bondye ou, Siyon.
Paske li ranfòse kwochèt pòtay ou yo, li beni pitit ou yo nan ou.R.
Li menm ki poze limit ou yo nan lapè, li ba ou kont ble ki gra. Li menm ki voye pawòl li sou tè a, avèk vitès pawòl li a kouri.R.
Li menm ki anonse pawòl li bay Jakòb, jistis li ak jijman l’ bay Izrayèl. Li pa fè konsa pou okenn nasyon, jijman l’ yo, li pa fè konnen yo.R.
LEVANJIL
“Menm lè a, lèp li a disparèt”.
MEN BÒN NOUVÈL JEZIKRI A DAPRÈ LIK KI SEN 5, 12-16
Lè sa a :
Pandan Jezi te nan youn nan vil yo, men yon mesye plen lèp, lè l’ wè Jezi, li lage kò l’atè sou fas li, li priye l’, antan l’ di : “Granmèt, si ou vle, ou kapab pwòpte m’. Antan l’ lonje men l’, li touche l’ pandan l’ap di : Mwen vle : se pou ou pwòpte.  Menm lè a lèp la pati sot sou li. Li menm menm li pase l’ lòd pou l’ pa di pèsòn sa ; men : Ale, fè prèt la wè ou, epi fè ofrann pou pwòpte ou pwòpte a, jan Moyiz te kòmande a, nan temwayaj pou yo.
Men pawòl la t’ap gaye pi plis toujou osijè l’ ; epi anpil foul t’ap vin pou yo koute l’, epi pou yo geri sot nan enfimite yo. Li menm menm li te rale kò l’ nan dezè a epi li t’ap priye.
An nou fè lwanj ak konpliman pou pawòl Bondye a.
R/ Lwanj pou ou, Granmèt.
REFLEKSYON: Nan premye moso Labib la nou li nan senkyèm chapit Lèt Sen Jan, Apot la ap pale nou de senbòl lavi epi li pale nou tou de sila a ki kapab bay lavi tout bon vre a. Senbòl yo se: Espri, dlo ak san. Kisa bagay sa reprezante nan lavi nou? An nou konsidere premye a, ki se espri. Depi nan Liv Lajenèz nou wè ki enpòtans espri a te genyen, paske yo di nou «Lespri Bondye t’ap plane sou dlo ki te kouvri tout latè» (Jenèz 1,1). Lè Granmèt la te fin kreye tout bagay, li kreye moun antan li fòme li ak labou epi li soufle souf li nan li. Souf sa a, se pwòp Espri Bondye a ki anime nou, ki fè nou tounen yon kreyati vivan. Se pou sa, moun nan pa kò sèlman, men li se kò ak espri (moun = kò+lespri). Men kòm se espri a ki mete kò a an mouvman, sa fè espri a vin tounen senbòl lavi. An nou konsidere dezyèm senbòl la, ki se dlo: Tout moun konnen ki enpòtans dlo genyen. Pa ekzanp, dlo reprezante swasant kenz pou san (75%) pèz kò nou. San dout, aprè oksijèn ki pèmèt nou respire a, dlo se eleman ki pi enpòtan nan lavi yon moun.Tout sa n’ap fè nou bezwen dlo: pou nou fè manje, pou nou benyen, pou nou lave, pou pwòpte kay nou, pou nou fè jaden, elatriye. Kidonk dlo a se lavi, li se senbòl lavi tou, senbòl pirifikasyon ki fè nou kapab antre nan lavi Bondye a menm lè nou batize. Kisa nou kapab di pou san? San se li menm ki alimante lavi nou. Si kò nou pa gen san, lavi nou ap etenn. Sa tèlman vrè, mwen sonje te gen yon jèn fi ki te akouche nan yon operasyon sezaryèn. Li te fè yon ti pitit gason.Nan operasyon an li te tèlman pèdi san, yo te blije jwenn san pou ranplase sa li te pèdi a touswit. Men kòm pa t’ gen san disponib nan lopital la yo te oblije pati byen lwen pou al chèche san. Men malerezman pandan yo t’al chèche san an, jèn fi a te pèdi lavi li, paske li pa t’ kapab reziste ankò. Ebyen jodi a li enpòtan pou nou konnen Jezi vo pase tout bagay sa yo ke nou sot site kòm Senbòl la, paske pouvwa li san limit. Se poutèt sa, Apot Jan di nou, moun ki kwè nan Pitit Bondye a, li ranpòte laviktwa sou tè a, sa vle di sou tout fòs mal yo, sou tout jèm lanmò. Li ajoute pou di nou: « Moun ki gen Pitit la, li gen lavi a; moun ki pa gen Pitit la, li pa gen lavi a.». Levanjil vin montre nou pa gen manti nan pawòl sa a: mesye ki te plen lèp la pwofite  prezans Jezi, li lage kò l’ nan pye li, epi li priye li nan fason sa a: «Granmèt, si ou vle, ou kapab pwòpte m’». Jezi te di mesye a : «Mwen vle : se pou ou pwòpte», (Lik 5,13).  Konsa frè ak sè m’ yo, li enpòtan tou pou nou gen menm atitid konfyans sa ke nèg ki te gen lapèp la te genyen an. Jezi se Alfa ak Omega, Kòmansman ak Finisman. Men si ou gen kolera, sida, tibèkiloz, maladi sèvo, maladi kè, elatriye, ou mèt mete tout konfyans ou nan Bondye lavi a, paske pouvwa li san limit.
LAPRIYÈ: Granmèt, ou wè tout pwoblèm mwen, ou konnen sa ki pwojè mwen ak limit mwen. Men si ou vle ou kapab rann tout bagay posib depi kounye a.

PWOPOZISYON: Fè Jezi plis konfyans nan pwoblèm mwen. Ede lòt moun fè Jezi konfyans nan fason mwen kwè ak fason mwen aji kòm moun ki kwè tout bon vre.

No hay comentarios:

Publicar un comentario