Páginas

VANDREDI 10

Koulè Blan
PREMYE MOSO LABIB
« Sa k’ renmen Bondye a, se pou l’ renmen frè l’ tou »
NAN PREMYE LÈT APOT JAN KI SEN 4, 19-5,4
Nou menm mwen renmen anpil la, nou renmen Bondye donk, paske Bondye te renmen nou an premye. Si yon moun di: Mwen renmen Bondye, epi li rayi frè l’, li se yon mantè.  Sa k’ pa renmen frè l’ la li wè a, Bondye li pa wè a, kijan li kapab renmen li? Sa a se kòmandman an nou te resevwa nan men Bondye a : pou sa k’ renmen Bondye a, li renmen frè l’ la tou.
Tout moun ki kwè Jezi se Kris la, se sot nan Bondye li fèt.  Epi tout moun ki renmen sa a li bay nesans la, li renmen sa a tou ki pran nesans sot nan li a.Nan sa a nou konnen nou renmen sa k’ gen nesans Bondye yo, lè nou renmen Bondye epi nou reyalize kòmandman l’ yo. Sa a reyèlman se charite Bondye a, pou nou kenbe kòmandman l’ yo : epi kòmandman l’ yo pa lou. Sèke tout sa k’ gen nesans sot nan Bondye, li ranpòte viktwa sou tè a, epi sa a se viktwa a, ki metrize tè a, lafwa nou.
Pawòl Granmèt la.
R/ Mèsi Bondye, mèsi.         
SÒM REPONS 71, 1-2. 14-15bc. 17
R/ Vini adore Bondye nou.
Bondye, bay wa a jijman ou, bay pitit wa a jistis ou, se pou l’ kòmande pèp ou a nan jistis, ak pòv ou yo nan verite.R.
L’ap delivre yo sot nan enjistis ak vyolans, san yo ap gen fran valè devan l’. Y’ap priye pou li tout tan, tout tan y’ap beni l’.R.
Se pou non l’ beni tout tan ; toutotan solèy la ap klere, se pou non l’ dire. Se pou tout fanmi tè a beni nan non l’, se pou tout nasyon deklare ala kontantman pou li.R.
LEVANJIL
« Jodi a Pawòl sa a ki ekri a reyalize»
MEN BÒN NOUVÈL JEZIKRI A DAPRÈ LIK KI SEN 4, 14-22a
Lè sa a :
Jezi tounen nan fòs Espri a nan Galile a ; repitasyon l’ gaye nan tout rejyon an. Li t’ap anseye nan sinagòg yo, tout moun t’ap fè lwanj li.
Li rive Nazarèt, kote yo te fè edikasyon l’ nan ; li antre daprè abitid li nan sinagòg la jou saba a, li leve pou l’ fè lekti a. Yo renmèt li liv pwofèt Izayi a. Lè l’ dewoule liv la, li jwenn kote ki ekri a :
« Espri Granmèt la sou mwen ; se pousa li sakre m’, li voye m’anonse pòv yo bon nouvèl la, geri sa k’ gen kè kraze yo, preche delivrans bay prizonye yo, preche limyè bay avèg yo, ranvwaye sa y’ap maltrete yo an libète, preche yon ane ki fè Granmèt la plezi, yon jou l’ap bay rekonpans ».
Li woule liv la, li renmèt sèvitè a li, li chita. Nan sinagòg la, tout je te fikse sou li.
Li kòmanse di yo : « Jodi a Pawòl sa a ki ekri a reyalize nan zòrèy nou ». Tout moun t’ap fè temwayaj sou li, yo te sezi pou pawòl gras yo ki t’ap sòti nan bouch li a.
An nou fè lwanj ak konpliman pou pawòl Bondye a.
R/ Lwanj pou ou, Granmèt.
REFLEKSYON : Tout moun ki fè sa ki kòrèk, se pitit Bondye Vivan an, paske li se sila a ki kòrèk nèt la.
Kilès ki kapab renmen nou pi plis pase Bondye? Nou wè renmen Bondye gen pou nou an, li san limit, nou menm ki repons nou kapab ba li? Se pou nou montre l’ nou renmen l’ tou, nan fason n’ap viv, ak nan fason n’ap sèvi l’, nan jan n’ap travay pou n’ fè volonte l’ sou tè a, nan jan n’ap viv byen youn ak lòt. Tankou jan nou wè l’ nan Levanjil la, lè w’ santi yon bagay, ou anvi wè l’, ou ta goute l’; lè sa a ou pran plezi w’ ladan l’ : se sa ki rive pou Jan. Li wè Jezi k’ap vini, li di: “Men Mouton Bondye a ki wete peche sou tè a; nou ta kapab di, men sèvitè Bondye a, sila pwofèt yo te anonse a depi davans lan, se mouton tout bon vre a, ki te bay tèt li sou kwa a pou l’ te kab sove limanite. Non sa a se Jan Batis ki te bali l’, ki vle di: Jezi se Mesi a, sila a ki vin wete tout pitit Bondye anba esklavaj se li menm ki vin kase dènye chenn ki mare nou pou l’ fè nou gen yon lavi ki kòrèk nèt pou nou kapab gen libète kòm pitit Bondye; men se nan delivrans sa a tout moun ap rekonèt ki kalite renmen Bondye gen pou nou, se yon renmen k’ap dire pou toutan, k’ap rann nou lib, yon renmen k’ap fè nou pran konsyans pou n’ kab dekouvri valè nou genyen ak valè lòt yo, epi k’ap fè n’ mete lavi nou ak avantaj nou nan sèvis Bondye ak nan sèvis lòt yo. Jan di nou ankò, li te wè lespri a ki sòti nan syèl la tankou yon pijon li te rete sou tèt Jezi; Lespri Bondye ki te kreye tout bagay. Nou wè lè Lespri a te poze sou tèt Jezi a, sa vle di li se kreyati tou nèf la epi se nan li kreyasyon an vin reyalize nèt, se li ki sèvi repozwa pou Lespri a poze, delivrans Jezi pote a, sòti nan fòs Lespri Sen an, yon Lespri ki bay lavi, epi ki sèvi delivrans nan mitan pèp li sove a. Bondye pa fòse pèsonn, li kite nou lib pou nou chwazi. N’ap montre Bondye nou vle e nou aksepte kite Lespri a dirije lavi nou, pa sèlman pou jodi a, men pandan tout lavi nou. Ann travay pou sa, nan efò n’ap fè chak jou.
LAPRIYÈ : Granmèt, mèsi pou kalite renmen sa a ou gen pou nou, menm si nou pa merite sa. Pou montre nou jan w’ renmen nou, ou fè nou kado Jezi, sèl grenn pitit ou a, pou delivre n’ anba pouvwa satan, pou ba nou lavi ki p’ap janm m’ fini an. Granmèt, tanpri, fè n’ kado Lespri pa w’ la; konsa n’a ba ou yon repons damou. Amèn.
PWOPOZISYON : M’ap pran konsyans pou m’ kab dekouvri ki kalite renmen sa a Bondye gen pou mwen an, pou m’ kab ba l’ yon repons konsekan nan jan m’ap sèvi lòt yo.

No hay comentarios:

Publicar un comentario