Koulè Blan
PREMYE MOSO
LABIB
« Si nou
youn renmen lòt, Bondye rete nan nou.»
NAN PREMYE LÈT APOT JAN KI SEN 4, 11-18
Nou menm mwen renmen anpil la, si Bondye renmen nou
konsa, se pou nou youn renmen lòt tou. Bondye, pèsòn pa janm wè l’. Si nou youn
renmen lòt, Bondye rete nan nou charite l’ nan nou an li reyalize nèt.
Nan sa nou konnen nou rete nan li epi li menm nan nou,
sèke li te ba nou nan espri l’ la. Nou menm nou wè, nou sèvi temwen Papa a voye
Pitit li a kòm sove tè a.
Tout moun ki rekonèt Jezi se Pitit Bondye, Bondye rete
nan li, epi li menm nan Bondye. Nou menm nou konnen, nou kwè nan charite a Bondye
genyen pou nou an. Bondye se charite, moun ki rete nan charite a, li rete nan
Bondye, epi Bondye nan li.
Nan sa charite Bondye a kòrèk nèt nan nou, pou nou gen
konfyans jou jijman an ; sèke, jan l’ ye li menm nan, se konsa tou nou menm
nou ye sou tè sa a. Kè sote pa nan charite a ; men charite ki fin kòrèk
nèt la, li voye kè sote a deyò, paske kè sote a gen chatiman an ; moun ki
nan kè sote, li pa kòrèk nèt nan charite a.
Pawòl Granmèt la.
R/ Mèsi Bondye, mèsi.
SÒM REPONS 71,
1-2. 10-11. 12-13
R/ Tout nasyon tè yo ap adore ou, Granmèt.
Bondye, bay wa a jijman ou, bay pitit wa a jistis ou,
l’ap jije pèp ou a nan jistis, ak pòv ou yo nan jijman.R.
Wa Tasis yo ak zile yo ap ofri richès, wa Arabi yo ak
Saba ap pote kado.Tout wa yo ap adore l’, tout nasyon yo ap sèvi l’.R.
Sèke l’ap delivre malere a k’ap rele a, ak pòv la ki pa gen
moun pou pote l’ sekou. L’ap pran pitye pou pòv la ak malere a, l’ap sove nanm
pòv yo.R.
LEVANJIL
« Yo wè Jezi
ap mache sou lanmè a »
MEN BÒN NOUVÈL JEZIKRI A DAPRÈ MAK KI SEN 6, 45-52
Lè sa a :
Jezi fòse disip li yo monte nan batiman an pou yo pran devan
l’ lòt bò lanmè nan direksyon Betsayid, pandan li menm menm li t’ap ranvwaye
pèp la. Lè l’ fin ranvwaye yo li monte nan mòn nan pou l’ priye. Kòm aswè te
rive, batiman an te nan mitan lanmè a, epi li menm pou kont li li te sou tè a.
Antan li wè yo ap fè efò nan rame a (sèke van yo te vin an fas), vè katriyèm
vèy nan nuit la, li rive kote yo antan l’ap mache sou lanmè a ; li te vle
depase yo. Men yo menm lè yo wè l’ap mache sou lanmè a, yo te panse se yon revenan,
epi yo rele. Yo tout reyèlman te wè l’, epi yo te twouble.Menm lè a li
pale avèk yo epi li di yo : Fè konfyans, se mwen menm ki la, pa pè. Li
monte kote yo nan batiman an, epi van an sispann.Yo te pi sezi ankò anndan yo; sèke yo pa t’ konprann kesyon pen yo; kè yo reyèlman
te vlope nan fènwa.
An nou fè lwanj ak konpliman
pou pawòl Bondye a.
R/ Lwanj
pou ou, Granmèt.
REFLEKSYON: Lanmou se prensip Jezi
kite pou tout disip li yo. Se deklarasyon sa a nou li nan premye lekti a, apot
Jan ki te fè eksperyans viv ak Granmèt la, ki te youn nan disip Mèt la te pi
renmen an, mande nou fè tout sa nou gen pou n’ fè; se pou n’ fè l’ak renmen nan
kè nou. Charite Jan pale nou an, se ekspresyon renmen ki dwe genyen nan mitan
frè ak sè, lanmou nou dwe genyen youn pou lòt, se pa yon renmen k’ap tann benefis
li, men se yon renmen san kondisyon, k’ap chèche enterè kominote a avan pwòp
enterè pa li. Se pou sa jès mete lajan nan men pòv yo devan Legliz, yo rele l’
lacharite paske pòv sa a pa gen mwayen pou l’ remèt ou sa ou ba li a, se sèl
Bondye ki ka remèt ou sa. Si nou ta vle jwenn yon pwen komen ant premye lekti a
ak levanjil la kote Jezi ap mache sou dlo a, nou ta kapab di: dlo a nan Labib,
li pa sèlman senbòl pirifikasyon, nan kontèks levanjil Mak la, dlo a vle di
boulvès, pèsekisyon, ak lanmò. Nou kwè se Jezi sèl ki kab mache sou dlo nou yo,
se li menm ki ba nou fòs pou n’ mache sou pwoblèm yo, sou mal la ki prezan nan
lavi nou toulejou. Menm jan li di apot yo, li di nou jodi a: “konfyans”, avèk
li n’ap rive jis nan bout. Lè nou menm kretyen nou aksepte Jezi nan lavi nou,
nou gen kapasite pou reyalize kèlkeswa bagay ki byen paske li pèmèt nou viv ak
konfyans, san nou pa pè anyen.
LAPRIYÈ:Granmèt n’ap mande w’ retire tout jèm
egoyis nan kè nou, ki pa pèmèt nou renmen jan w’ mande n’ nan. Ba nou lagras
mache sou sa ki mal nan lavi nou, ba nou laviktwa sou tout sa ki anpeche nou
viv tankou frè ak sè.
PWOPOZISYON: Lacharite se pa sèlman bay pòv ki devan legliz lajan, se
trete pwochen w’ avèk lanmou, avèk delikatès jan Bondye fè avèk nou an. Nan
jounen sa a, ann fè yon jès charite.
No hay comentarios:
Publicar un comentario