Koulè Blan
PREMYE MOSO
LABIB
« Bondye se
renmen ».
NAN PREMYE LÈT APOT JAN KI SEN 4, 7-10
Nou menm mwen renmen anpil la, se pou nou youn renmen
lòt, paske charite a se nan Bondye li sòti : epi tout moun ki renmen se
nan Bondye li fèt, li konnen Bondye. Moun ki pa renmen, li pa konnen Bondye,
paske Bondye se renmen.
Se konsa charite Bondye a parèt nan nou, Bondye voye sèl
Pitit li a sou tè a, pou nou viv gras a li. Men nan kisa charite a ye : se
pa kòmsi se nou ki te renmen Bondye, men se li menm ki te renmen nou an premye,
li voye Pitit li a kòm padon pou peche nou yo.
Pawòl Granmèt la.
R/ Mèsi Bondye, mèsi.
SÒM REPONS 71,
2. 3-4ab. 7-8
R/ Tout nasyon tè yo ap adore ou, Granmèt.
Bondye, bay wa a jijman ou, bay pitit wa a jistis ou,
l’ap jije pèp ou a nan jistis, ak pòv ou yo nan jijman.R.
Mòn yo ap pote lapè pou pèp la, ti wotè yo ap
pote jistis.
L’ap jije pòv yo nan pèp la, l’ap sove pitit malere yo.R.
Nan tan l’ yo jistis ap fleri ak lapè an kantite joustan
lalin nan disparèt. L’ap kòmande sot nan lanmè al nan lanmè, epi sot nan gran
rivyè a jous nan bout fas tè yo.R.
LEVANJIL
“Antan li fè pen
yo vin anpil, Jezi montre li se pwofèt la”.
MEN BÒN NOUVÈL JEZIKRI A DAPRÈ MAK KI SEN 6, 33-44
Lè sa a :
Jezi wè anpil foul, li pran pitye pou yo, paske yo te
tankou mouton ki pa gen gadyen ; li kòmanse ba yo ansèyman anpil.
Kòm lè a te ta anpil, disip li yo pwoche, yo di : « Kote
sa a se yon dezè, epi lè a deja ap fin ta ; ranvwaye yo, pou y’al nan vil
yo ki tou pre yo, ak nan bouk yo, y’a achte manje pou yo manje ».
Li reponn, li di yo: “Ba yo manje nou menm”.
Yo di l’ : « N’a pral achte desan goud pen, pou
nou ba yo manje ».
Li di yo: “Konbyen pen nou genyen? Al gade”.
Lè yo o kouran, yo di: “Senk avèk de pwason”.
Li pase yo lòd pou yo fè tout moun kouche pa gwoup sou
zèb fre a, yo kouche pòsyon san, pòsyon senkant.
Li pran senk pen yo ak de pwason yo, li gade nan syèl la,
li beni pen yo, li kase yo, li bay disip li yo, pou yo mete devan moun yo, ni de
pwason yo tou li separe yo pou tout moun. Tout moun manje
vant plen. Yo ranmase rès moso yo plen douz panye, ni nan pwason yo tou. Moun
yo ki te manje yo menm yo te senk mil gason.
An nou fè lwanj ak konpliman
pou pawòl Bondye a.
R/ Lwanj
pou ou, Granmèt.
REFLEKSYON : Pawòl Bondye pou jodi a vle raple nou enpòtans lanmou,
pataj, fason nou dwe viv ansanm ak frè ak sè nou yo, dekwa pou tout ane a ka
pase byen ni pou nou ni pou sa yo ki antoure n’ yo. Nan premye moso labib
la nou li nan premye Lèt Apot Jan an, y’ap pale nou sou lanmou. Premyèman li pale nou de lanmou
Bondye. Bondye se renmen, tèlman li renmen nou li pa refize ba nou Jezi, sèl
grenn Pitit li a, dekwa pou l’ te mouri pou nou sou lakwa, delivre n’anba peche
n’ yo. Dezyèmman, si Bondye se renmen, lè nou gen Bondye nan lavi nou, nou dwe
gen renmen nan kè nou. Se sa Jezi te vin montre nou. Se pa tout moun ki di yo
konn Bondye ki gen renmen nan kè yo, ou byen gen moun ki di yo renmen Bondye,
men yo pa renmen pwochen yo. Èske renmen sa a se yon lanmou tout bon ? Non
Apot la di nou ! Si yon moun di l’ renmen Granmèt la epi li pa renmen
pwochen l’, li nan manti. An plis, renmen an se pa nan bouch, menm jan y’ap
pratike l’ jounen jodi a ; lanmou an fèt pou l’ mache ak yon seri jès ki
montre ke li otantik. Nan levanjil la, Jezi makonnen pawòl li t’ap preche foul
moun yo avèk jes miltiplikasyon pen an. Li t’ap bay moun yo mesaj la, men tout
li te konsyan ke moun yo te grangou, li fè jès sa a paske li sansib pou yo,
paske li renmen yo e li fè l’ kòm ekzanp pou nou swiv.
LAPRIYÈ : Bondye Papa, nou menm k’ap preche pawòl ou a, se pa chak
jou nou jwenn pen an kantite, men tanpri pa kite nou manke dekwa pou n’ toujou
separe ak lòt yo.
PWOPOZISYON : Nan misyon pote Bòn Nouvèl la, se pa tout fwa
nou gen mwayen pou n’ separe, men bay piti pa di chich ; eseye louvri men
w’ bay sa ki pi nan bezwen an, e w’a resevwa benediksyon Papa w’ ki nan syèl
la.
No hay comentarios:
Publicar un comentario