Páginas

MADI 7

Koulè Blan
PREMYE MOSO LABIB
“Eseye espri yo si se nan Bondye yo sòti.”
NAN PREMYE LÈT APOT JAN KI SEN 3, 22—4, 6
Nou menm mwen renmen anpil la :
Tout sa nou kapab mande n’ap resevwa l’ nan men l, paske nou kenbe kòmandman l’ yo, epi se sa k’ fè l’ plezi devan l’ nou fè.
Sa a se kòmandman l’ nan, pou nou kwè o non Pitit li a Jezikri, epi pou nou youn renmen lòt, jan l’ te ba nou lòd la. Moun ki kenbe kòmandman l’ yo, li rete nan li, ni li menm tou nan li ; se nan sa nou konnen Espri li te ba nou an rete nan nou.
Nou menm mwen renmen anpil la, pa kwè nan tout kalite espri, men se pou nou eseye espri yo si se nan Bondye yo sòti; paske gen anpil fo pwofèt ki sòti sou tè a. Nan sa yo rekonèt Espri Bondye a: tout espri ki rekonèt Jezikri vini nan chè a, se nan Bondye li sòti; tout espri ki nye Jezi, se pa nan Bondye li sòti; sa a se Antikris la, sa nou te tande di li t’ap vini an, koulye a li deja sou tè a.
Nou menm se nan Bondye nou sòti, ti pitit mwen yo, nou ranpòte viktwa sou li : paske sa a ki nan nou an li pi gran pase sa a ki sou tè a. Yo menm se sou tè a yo sòti ; se pousa se koze tè a y’ap pale, tè a menm koute yo. Nou menm se nan Bondye nou sòti. Moun ki rekonèt Bondye, li koute nou ; moun ki pa sot nan Bondye, li pa koute nou : nan sa nou rekonèt espri verite a ak espri erè a.
Pawòl Granmèt la.
R/ Mèsi Bondye, mèsi.        
SÒM REPONS 2, 7-8. 10-11
R/ M’ap ba ou nasyon yo kòm eritaj ou.
M’ap anonse desizyon l’ nan : Granmèt la di m’ : « Se pitit mwen ou ye ; se mwen jodi a ki anfante ou. Mande m’, m’ap ba ou nasyon yo kòm eritaj ou, posesyon ou se limit tè a.R.
Koulye a, wa yo, konprann, pran leson, nou menm k’ap jije tè a. Sèvi Granmèt la ak respè, fete devan l’avèk sezisman. R.
LEVANJIL
« Peyi wa syèl yo tou pre ».
MEN BÒN NOUVÈL JEZIKRI A DAPRÈ MATYE KI SEN 4, 12-17. 23-25
Lè sa a :
Lè Jezi tande yo te arete Jan, li pati kite Galile a; li kite vil Nazarèt la, li vin abite Kafanawòm bò lanmè a, nan limit Zaboulon ak Neftali, pou pawòl pwofèt Izayi a te kapab reyalize:
« Tè Zaboulon, ak tè Neftali, wout lanmè a lòt bò Jouden an, Galile nasyon yo. Pèp ki te chita nan fènwa yo, li wè yon gran limyè, sou moun ki te abite nan rejyon lonbraj lanmò a, yon limyè leve pou yo ».
A pati lè sa a, Jezi kòmanse preche, l’ap di : « Fè penitans, paske peyi wa syèl yo tou pre ».
Jezi t’ap fè tout tou tout Galile a, l’ap bay ansèyman nan sinagòg yo, l’ap preche bòn nouvèl peyi wa a, l’ap geri tout maladi ak tout feblès nan pèp la. Repitasyon l’ travèse tout Siri a ; yo mennen tout moun malad ba li, sa k’ gen divès kalite maladi ak soufrans k’ap peze yo, sa k’ gen demon, sa k’ gen maladi tonbe, sa k’ pa kapab mache, li geri yo. Anpil foul suiv li sot depi Galile a ak Dekapòl ni Jerizalèm, ni Jide ni lòt bò Jouden.
An nou fè lwanj ak konpliman pou pawòl Bondye a.
R/ Lwanj pou ou, Granmèt.
REFLEKSYON : Frè ak sè m’ yo, nou wè jodi a Apot Jan ap pale nou de renmen, e nou konnen ki enpòtans renmen genyen nan lavi yon moun. Yon moun ki pa gen renmen nan kè l’, li p’ap viv kòm pitit Bondye, paske Bondye se renmen. Renmen se yon bagay ki mande anpil sakrifis, ki mande pou ou pliye pwòp tèt ou pou sèvis moun ki nan nesesite ; li mande pou ou pa viv nan egoyis, rayisman, ogèy, ipokrizi, mechanste ; li mande pou ou pa fè kè w’ di devan soufrans ak kalamite lòt frè w’ yo, pataje sa w’ genyen ak sa ki nan bezwen. Siy sa yo, se yo ki montre si nap konstwi tout bon vre rèy Bondye a sou tè a. Jezi vini, se sa li vin aprann nou viv « pou youn renmen lòt, pou nou ka antre nan Wayòm Bondye a ». Renmen pa dwe nan patipri, gade bèl figi, jije sou aparans, sou fason w’ abiye, sou sa w’ posede ; men pito renmen mande pou n’ fè menm jan ak Jezi : aprann padone, rekonsilye ak moun ki fè w’ bagay ki mal ; konsa Bondye va wè kijan ou gen bon kè, l’a beni w’ epi byen w’ yo ap pwospere paske Bondye toujou rekonpanse moun k’ap fè byen, moun ki renmen tout bon. Se sa Jezi vle di nou nan levanjil la, limyè Bondye toujou klere sou moun kòrèk yo. Anpil fwa lè nou kite peche anvayi nou, li bouche je nou, li fè nou mache nan chemen pèdisyon, nou vire do bay Bondye.Nan moman sa yo nou toujou gen tandans chache Bondye kote li pa ye, sa vle di nan sèvis zidòl, adore move lespri, tounen esklav wougan. Jezi ap di nou jodi a, sèl bagay ki ka fè w’ viv ak kè kontan se aprann renmen pwochen w’. Se pa yon bagay ki fasil, men konsa tou li pa enposib paske Bondye pa janm mande nou fè sa li konnen nou pa ka fè, li konnen limit nou. Si li mande nou sa, se paske li konnen nou kapab. Frè ak sè m’ yo, ann montre tout bon vre nou se vrè pitit Bondye, nou pa pote non kretyen an pou granmesi. Pou sa, se pou n’aprann viv ak fè sa Bondye mande nou fè si nou bezwen limyè Bondye a klere sou nou menm jan ak pèp nan desandans tribi Zaboulon ak Neftali nan peyi Izrayèl.
Jodi a limyè sa, ki se Jezikri a, se sou pèp ayisyen, sou tè Ayiti nou bezwen li klere pou nou jwenn lagras Bondye pou n’ sòti anba tout move sitiyasyon peyi nou ap pase. Moun ki mete konfyans yo nan Bondye pa janm wont. Ann pwouve sa jodi a, pandan n’ap kreye yon lòt konsyans nan nou pou nou viv kou frè ak sè, pitit yon menm papa ki se Bondye, Granmèt la. Chirepit, zizani, move je p’ap mennen nou okenn kote, okontrè nou bouke ak bagay sa k’ap fè n’ pi mal de jou an jou. Frè ak sè m’ yo an nou aprann renmen jan Jezi mande nou. Ann di menm jan ak Sent Terèz de Jezi :« Moun ki gen Bondye nan lavi l’, li pa janm manke anyen paske sèlman Bondye sifi pou regle tout bagay ».
LAPRIYÈ : Granmèt, nan sezon nwèl sa a, yon sèl bagay m’ap mande tanpri ban m’ kouraj, ede m’ fè yon jefò pou m’ retire nan mwen tout sa ki anpeche m’ viv nan renmen ak lòt frè ak sè m’ yo, paske mwen vle vin you moun nouvo. Amèn.

PWOPOZISYON :Ak senserite, pandan tan Nwèl sa, mwen vle rekonsilye ak tout moun mwen te gen pwoblèm kòm yon siy ki pou montre mwen vle chanje lavi m’ selon jan Bondye mande m’ renmen an.

No hay comentarios:

Publicar un comentario