Páginas

DIMANCH 26

Koulè Vèt
TWAZYÈM DIMANCH TAN ÒDINÈ ANE-A
PREMYE MOSO LABIB
« Nan Galile nasyon yo, pèp la wè yon gran limyè »
NAN LIV PWOFÈT IZAYI 9, 1-4
Nan premye tan an peyi Zaboulon an ak peyi Neftali a te vin tounen yon dezè ; alafen wout lanmè lòt bò Jouden an, Galile nasyon yo, li jwenn glwa.
Pèp ki t’ap mache nan fènwa yo, li wè yon gran limyè ; moun yo ki abite nan rejyon lonbraj lanmò a, yon limyè leve pou yo. Ou te fè nasyon an vin anpil, men ou pa t’ fè kè kontan an vin anpil. Y’ap kontan devan ou, tankou moun ki kontan nan rekòlt, tankou moun ki ranpòte viktwa k’ap danse, lè yo fin pran byen ènmi an, lè y’ap separe richès yo. Sèke jouk li ki t’ap peze sou li a, baton an ki te sou zepòl li a, bagèt moun ki t’ap fè l’ pase tray yo, ou kraze sa, tankou Madyan an.
Pawòl Granmèt la.
R/ Mèsi Bondye, mèsi.        
SÒM REPONS 26, 1. 4. 13-14
R/ Granmèt la se limyè m’ak sove mwen.
Granmèt la se limyè m’ak sove mwen, ki moun pou m’ pè ?
Granmèt la se pwoteksyon lavi m’, devan ki moun pou m’ tranble.R.
Yon sèl bagay mwen mande Granmèt la, se sa m’ap chèche :
abite nan kay Granmèt la tout tan lavi m’, pou m’ wè dousè Granmèt la, pou m’ vizite tanp li a.R.
Mwen kwè m’ap wè byen Granmèt la nan tè vivan yo.Tann Granmèt la, pran kouraj, asire kè ou, apuiye sou Granmèt la. R.
DEZYÈM MOSO LABIB
« Se pou nou gen menm santiman, pou pa gen divizyon nan nou »
NAN PREMYE LÈT APOT PÒL KI SEN, POU KORENTYEN YO 1, 10-13. 17
Mwen mande nou avèk ensistans, frè m’ yo, o non Granmèt nou Jezikri, pou nou tout nou gen menm santiman, pou pa gen divizyon nan nou ; se pou nou kòrèk nèt nan menm santiman ak nan menm prensip.
Sèke yo ban m’ nouvèl sou nou, frè m’ yo, se moun Kloe yo ki di m’ sa, gen divizyon nan pami nou. Mwen di sa, paske chak moun nan nou ap di : « Mwen menm mwen se moun Pòl », « Mwen menm mwen se moun Apolon », « Mwen menm menm mwen se moun Sefas », « Kanta mwen menm mwen se moun Jezikri ».
Èske Jezikri divize ? Èske se Pòl yo te kloure sou kwa a pou nou ? Oubyen èske se o non Pòl yo te batize nou?
Jezikri pa voye m’ batize, men preche bòn nouvèl la san se pa nan sajès pawòl la, pou kwa Jezikri a pa vin vid.
Pawòl Granmèt la.
R/ Mèsi Bondye, mèsi.        
LEVANJIL
« Li rive Kafanawòm, pou sa Izayi te di a kapab reyalize »
MEN BÒN NOUVÈL JEZIKRI A DAPRÈ MATYE KI SEN 4, 12-23
Lè Jezi tande yo te arete Jan, li pati kite Galile a ; li kite vil Nazarèt la, li vin abite Kafawnawòm bò lanmè a, nan limit Zaboulon ak Neftali, pou pawòl pwofèt Izayi a te kapab reyalize :
« Tè Zaboulon, ak Neftali, wout lanmè a lòt bò Jouden an, Galile nasyon yo. Pèp ki te chita nan fènwa yo, li wè yon gran limyè, sou moun ki te abite nan rejyon lonbraj lanmò a, yon limyè leve pou yo ».
Apati lè sa a, Jezi kòmanse preche, l’ap di : « Fè penitans ; paske peyi wa syèl yo tou pre ».
Antan Jezi ap mache bò lanmè Galile a, li wè de frè, Simon, sa yo rele Pyè a, epi Andre, frè l’ la, yo t’ap voye filè nan lanmè a, se pechè pwason yo te ye. Li di yo: “Vini apre m’, m’ap fè nou konn fè lapèch moun”. Yo menm, menm lè a, yo kite filè yo, yo suiv li.
Li avanse pi lwen, li wè de lòt frè, Jak pitit Zebede a avèk Jan, frè l’ la, yo te nan kannòt la avèk Zebede, papa yo, yo t’ap rapyese filè yo, li rele yo. Yo menm, menm lè a, yo kite filè yo ak papa a, yo suiv li.
Jezi t’ap fè tout tou Galile a, li t’ap anseye nan sinagòg yo, li t’ap preche bòn nouvèl peyi wa a, li t’ap geri tout kalite maladi ak tout kalite feblès nan pèp la.
An nou fè lwanj ak konpliman pou pawòl Bondye a.
R/ Lwanj pou ou, Granmèt.
 REFLEKSYON: Frè ak sè m’ yo, yon gro kout chapo pou nou nan ane tout nèf sa! Mwa sa se mwa pa nou, mwa fèt endepandans nou, mwa Lavyèj Mari, Manman Notre-Dam Altagras. Konsa, se pou nou fè kè nou kontan menm jan ak Manman Mari. Nan Lekti nou sot tande yo Jezikri vle raple nou li se Limyè ki klere n’ nan fènwa lavi nou. Pèp la te wè yon bèl limyè pandan l’ap mache. Konsa nan pelerinaj nou sou tè a kòm pèp migran, n’a wè bèl limyè sa a. Ane sa, Jezi yon lòt fwa vle klere nou ak limyè l’ la. Se pou nou chante ak tout kè nou: “Limyè Jezikri klere nou, Limyè Jezikri sove nou...
Jezi klere nou ak limyè l’la pou nou pa viv nan divizyon, nan “chak koukouy klere pou je li”, pou limyè klere pou tout moun, pou nou viv nan lapè youn ak lòt, pou youn aksepte lòt, pou nou rekonèt nou gen yon menm Sovè ki se Jezikri. Se li pou nou swiv, se dèyè l’ pou nou mache, ni Apolon, ni Pòl, ni Sefas, se Jezi pou nou pran pou sèl Granmèt nou; se li ki te fèt nan mitan nou, ki te mouri pou nou sou bwa kalvè a; li sèl ki kapab sove n’. Menm jan li rele premye disip sa yo: Pyè, Jan ak Andre, se konsa li rele nou pou nou tounen pechè moun, pou n’al gaye nouvèl li a tou patou, pou tounen limyè pou lòt yo, pou nou klere nan fènwa tout enjistis ak mechanste k’ap fèt nan peyi nou ak nan sosyete a. Pou nou lite pou kwape fènwa ki vle bouche diyite nou kòm moun, sa ki vle fè nou konprann nou pa gen dwa, nou san nasyon, nou pa ka al lekòl, nou pa gen dwa fè soup kè kontan premye janvye nou an. Kèlkeswa kote nou ye, se pou nou fète kè kontan nou, se pou nou selebre kilti nou, nou se pitit Granmèt limyè a; pa kite fènwa lòt yo etenn limyè Jezi a nan nou. Nou te batize nan non li menm jan ak tout kretyen. Se pou Jezi toujou klere nou. Se pou nou mache tout kote nou pase ak flanbo limyè a byen limen. Se Bondye, limyè pòv yo, beni nou byen beni.
LAPRIYÈ: Bondye ki gen tout pouvwa, ki ekziste tout tan, dirije aksyon nou yo nan bon plezi ou, pou o non Pitit ou a ou renmen an, nou rive fè anpil bon aksyon. Pa pouvwa Jezikri.

PWOPOZISYON:Sèvi limyè pou frè w’ la, pa kite li rete nan fènwa e pa chèche divize ak li, paske nou batize nan non menm Jezikri a.

No hay comentarios:

Publicar un comentario