Páginas

SAMDI 25

Koulè Blan
KONVÈSYON PÒL KI SEN, Apot 
(Fèt)
PREMYE MOSO LABIB
“Leve, resevwa batèm, lave peche ou yo, antan ou priye non Jezi”.
NAN TRAVAY APOT YO 22, 3-16
Jou sa yo: Pòl di pèp la:
“Mwen se Juif, mwen fèt nan vil Tas, nan Silisi, men se nan vil Jerizalèm nan mwen resevwa edikasyon nan pye Gamalyèl, mwen resevwa ansèyman daprè verite lalwa papa yo, mwen te cho pou lalwa a, tankou nou tout jodi a; mwen te konn pèsekite chemen sa a jous nan lanmò, mwen te konn mare gason ak fi, mwen kondui yo nan prizon, jan chèf prèt yo sèvi m’ temwen, ni tout chèf yo, mwen te resevwa lèt nan men yo pou m’ al Damas kot frè yo, pou m’ kondui prizonye yo sot la vin Jerizalèm, pou yo kapab pini yo.
Rive, pandan m’ap pwoche Damas, nan mitan jounen an, sanzatann, yon gran limyè vlope m’ sot nan syèl la, mwen tonbe atè, mwen tande yon vwa k’ap di m’: “Sòl, Sòl, pouki sa w’ap pèsekite mwen”?
Mwen reponn: “Kilès, ou ye, Granmèt?”
Li di m’: “Mwen se Jezi moun Nazarèt la, sa a w’ap pèsekite a”. Moun yo ki te avèk mwen an te wè limyè a, men yo pa t’ tande vwa moun nan ki t’ap pale avèk mwen an.
Mwen di: “Ki sa pou m’ fè, Granmèt?”
Li menm li di m’: “Leve, al Damas, lè w’a rive la, y’a di ou tout sa ou gen pou w’ fè”.
Kòm mwen pa t’ wè akòz klète limyè sa a, se nan men moun yo ki t’ap vwayaje avèk mwen an yo kondui m’, konsa mwen rive Damas.
Te gen yon moun yo rele Ananyas, yon mesye ki t’ap kondui tèt li daprè lalwa a, tout Juif yo ki te abite menm kote avèk li a, yo te rann li temwayaj, li vin kote m’, li kanpe kote m’, li di m’: “Sòl, frè m’, se pou ou wè”. Menm lè sa a, mwen wè l’. Li menm li di: “Bondye papa nou yo te mete ou davans daprè plan l’, pou ou konnen volonte l’, pou ou wè Sa a ki Kòrèk la, pou ou tande vwa l’ nan bouch li; paske w’ap sèvi l’ temwen devan tout moun osijè sa ou wè ak sa ou tande. Epi koulye a, kisa w’ap tann? Leve, resevwa batèm, lave peche ou yo, antan w’ap priye non li”.
Pawòl Granmèt la.
R/ Mèsi Bondye, mèsi.        
OUBYE : SI YO TA VLE, YO KAPAB LI POU JOU SA PITO
PREMYE LEKTI SA A :
LÉKTU TRAVAY APOT YO 9, 1 -22
SÒM REPONS 116, 1.2
R/ Ale sou tout tè a, preche Bòn Nouvèl la.
Fè lwanj Granmèt la, tout nasyon yo, fè lwanj li ansanm, tout pèp yo.R.
Paske li asire sou nou mizerikòd li a, verite Granmèt la dire pou tout tan.R.
LEVANJIL
“Ale sou tout tè a, preche Bòn Nouvèl la”.
MEN BÒN NOUVÈL JEZIKRI A DAPRÈ MAK KI SEN 16, 15-18
Lè sa a: Jezi parèt kot onz yo, li di yo:
“Ale sou tout tè a, preche Bòn Nouvèl la bay tout kreyati. Moun ki kwè epi ki batize, l’ap sove; men moun ki pa kwè, l’ap kondane.
Men ki siy k’ap suiv moun ki kwè yo: o non m’ y’ap chase demon yo, y’ap pale lang nouvo, y’ap kenbe sèpan, epi, si yo bwè yon pwazon, li p’ap fè yo anyen; y’ap poze men sou malad yo, y’ap geri”.
An nou fè lwanj ak konpliman pou pawòl Bondye a.
R/ Lwanj pou ou, Granmèt.
REFLEKSYON: Konvèsyon Sen Pòl se youn nan pi bèl temwayaj nou kapab jwen n’ nan Labib la, ki montre nou kijan Jezi chanje kè, mantalite ak lavi moun. Nan okazyon fèt konvesyon Pòl la, n’ap di Bondye mèsi pou fason li te sèvi ak gwo gason sa a nan travay simaye bòn nouvèl la sou tè a. Kòm nou tout konn istwa a, Pòl se te yon Juif ki te vrèman jalou nan defann lalwa epi nan lite kont kretyen yo. Sou wout Damas, Jezi te rankontre ak li, e li te mande l’: poukisa w’ap pèsekite m’? ( Travay 26, 12-18).
Aprè rankont sa a lavi Pòl te chanje nèt epi li te tounen yon vrè temwen, yon apot Jezikri, yon vrè disip-misyonè pou Granmèt la. Nan fèt jodi a, nou kapab sonje anpil lòt bagay sou lavi Apot la. Konvèsyon Pòl ede nou konprann kòman Jezi chanje kè ki pi rezistan yo. Chak fwa nou rankontre ak Jezi, se yon ekperyans ki ede n’ viv yon vre konvèsyon. Konvèsyon sa a toujou mache ak temwayaj nan fason n’ap viv pawòl Bondye a.
LAPRIYÈ: Bondye, ou menm ki anseye tout tè a gras a prèch apot Pòl ki sen, tanpri, nou menm k’ap fete konvèsyon l’ jodi a, fè nou suiv modèl li pou nou rive kote ou, pou nou sèvi verite ou la temwen sou tè a. Pa pouvwa Jezikri.

PWOPOZISYON: Viv yon vrè konvèsyon nan lavi m’.

No hay comentarios:

Publicar un comentario