Páginas

DIMANCH 5

Koulè Blan
DEZYÈM DIMANCH APRÈ NWÈL
PREMYE MOSO LABIB
« Sajès Bondye a abite nan pèp li chwazi a ».
NAN LIV SIRASID 24,1-4.12-16
Sajès la ap fè lwanj pwòp tèt li, l’ap jwenn konsiderasyon l’ nan Bondye, nan mitan pèp li a l’ap leve tèt li; nan Asanble Sa a ki anwo nèt la, l’ap louvri bouch li; devan fas pouvwa l’, l’ap leve tèt li; nan mitan pèp li a l’ap leve anlè; nan foul sen yo, y’ap konsidere l’; nan foul sa yo ki chwazi yo, l’ap jwenn lwanj, nan mitan sa yo ki beni yo l’ap jwenn benediksyon.
Sa a ki kreye tout bagay la, li pase m’ lòd, li di m’, sa a ki kreye m’ nan li abite nan tant mwen an, li di m’ : « Abite nan Jakòb, mete eritaj ou nan Izrayèl, voye rasin ou yo nan sa yo mwen chwazi a ».
Depi nan kòmansman, anvan syèk tan yo, li kreye m’, jous nan syèk tan k’ap vini yo, mwen p’ap disparèt, nan kay ki sen an devan l’ mwen sèvi.
Se konsa nan Siyon mwen enstale fèm, nan vil ki sen an tou mwen repoze, nan Jerizalèm pouvwa m’enstale.
Mwen pran rasin nan pèp ki gen konsiderasyon an, nan pòsyon Bondye m’ nan eritaj mwen ye, nan foul sen yo mwen jwenn plezi m’.
Pawòl Granmèt la.
R/ Mèsi Bondye, mèsi.        
SÒM REPONS 147, 12-13. 14-15. 19-20
R/ Pawòl la vin tounen chè, li abite nan mitan nou.
Fè lwanj Granmèt la Jerizalèm; fè lwanj Bondye ou, Siyon.
Paske li ranfòse kwochèt pòtay ou yo, li beni pitit ou yo nan ou.R.
Li menm ki poze limit ou yo nan lapè, li ba ou kont ble ki gra. Li menm ki voye pawòl li sou tè a, avèk vitès pawòl li a kouri.R.
Li menm ki anonse pawòl li bay Jakòb, jistis li ak jijman l’ bay Izrayèl. Li pa fè konsa pou okenn nasyon, jijman l’ yo, li pa fè konnen yo.R.
DEZYÈM MOSO LABIB
“Li te chwazi nou davans kòm pitit adoptif pa lentèmedyè Jezi”.
NAN LÈT APOT PÒL KI SEN POU EFEZYEN YO 1,3-6. 15- 18
Konpliman pou Bondye Papa Granmèt nou Jezikri, li menm ki beni nou nan tout benediksyon Lespri a nan syèl la nan Jezikri; jan l’ te chwazi nou nan li depi anvan tè a te fèt, pou nou te kapab vin sen, san tach devan fas li nan charite a; li menm ki te mete nou apa davans pou l’ adopte nou kòm pitit pa lentèmedyè Jezikri nan li menm, daprè plan volonte l’, pou lwanj glwa gras li a, sa l’ sèvi pou l’ fè nou gras nan Pitit li a li renmen an.
Se pousa lè m’ tande lafwa nou, ki nan Granmèt Jezi a, avèk renmen nou nan tout sen yo, mwen pa sispann ap di Bondye mèsi pou nou, antan m’ap fè sonje nou nan lapriyè m’ yo: Se pou Bondye Granmèt nou Jezikri, Papa glwa a, ba nou Lespri sajès avèk revelasyon nan konesans li: se pou l’ klere je kè nou, pou nou konnen ki esperans rele li rele nou an, ki richès glwa eritaj li nan sen yo.
Pawòl Granmèt la.
R/ Mèsi Bondye, mèsi.        
LEVANJIL
“Pawòl la vin tounen moun, li abite nan mitan nou”
KÒMANSMAN LEVANJIL KI SEN AN DAPRÈ JAN 1, 1-18
Nan kòmansman se te Pawòl la, Pawòl la te kot Bondye, se Bondye Pawòl la te ye.
Li te kot Bondye nan kòmansman. Tout bagay te fèt pa lentèmedyè l’, san li menm anyen pa t’ fèt nan sa k’ te fèt.
Nan li se te lavi, lavi a se te limyè lèzòm ; limyè a klere nan fènwa, fènwa yo pa vlope l’.
Gen yon moun Bondye voye, yo te rele l’ Jan. Li te vini nan temwayaj, pou l’ sèvi limyè a temwen, pou tout moun te kapab kwè pa lentèmedyè l’, li pa t’ limyè li menm, men se pou l’ te kapab sèvi limyè a temwen.
Te gen vrè limyè a, sa k’ klere tout moun k’ap vin sou tè sa a. Li te sou tè a, se pa lentèmedyè l’ tè a te fèt, men tè a pa t’ rekonèt li ; li vin lakay li, moun lakay li pa t’ resevwa l’.
Men tout moun ki te resevwa l’, li ba yo pouvwa pou yo vin tounin pitit Bondye, yo menm ki kwè o non l’, ki pa fèt sot nan san yo, ni nan volonte chè a, ni nan volonte gason, men ki fèt sot nan Bondye.
Pawòl la vin tounen moun, li abite nan nou ; nou wè glwa li, glwa tankou pa Sèl Pitit la ki sot nan Papa a, plen gras ak verite.
Jan sèvi l’ temwen, li rele byen fò, li di: “Sa a, se osijè l’ mwen te di: “Sa a k’ap vini aprè m’ nan, li pran plas devan m’, paske li te la anvan mwen”.
Nan sa l’ plen an, nou tout nou resevwa, epi gras sou gras. Sèke lalwa a yo te bay li pa lentèmedyè Moyiz, gras la ak verite a menm se pa lentèmedyè Jezikri li rive.
Bondye, pèsòn pa janm wè l’ ; sèl Pitit la, ki nan vant Papa a, li menm li montre l’.
An nou fè lwanj ak konpliman pou pawòl Bondye a.
R/ Lwanj pou ou, Granmèt.
REFLEKSYON: Pitit gason Bondye a prezante kòm yon pawòl, pawòl Bondye a ki eksprime tout bèl pouvwa Bondye Papa e ki te vin tounen moun pou montre nou renmen Papa a. Pitit gason sa a, se moun ki te ekziste avan kreyasyon mond lan; reyèlman li te sou tè a tankou youn nan nou, men mond la te inyore li, li te refize rekonèt li, se sa k’ fè li pa te resevwa li. Li vin nan peyi l'. Men tout moun nan peyi a pa t' resevwa li. Men, sa ki te resevwa l’ yo, sa ki te kwè nan li yo, li ba yo pouvwa tounen pitit Bondye. Yo pa t’ vin pitit Bondye jan sa fèt pami lèzòm sou latè, paske sa pa t’sòti nan ekzijans lachè, ni nan volonte lèzòm. Se Bondye menm ki te papa yo. Se konsa, lè yon moun ki resevwa batèm jwenn plis diyite ke yon moun ka genyen. Jezi vin reyalize tout sa pwofèt yo te anonse nan Ansyen Testaman. Epi li depase pwofèt yo, paske yo te yon senp kreyati. Pitit sa a, se pitit enfini Papa a, ki vini pou leve sa ki sou tè a nan yon nivo diven, pou l’ fè mond sa a antre nan tout bèl pouvwa ki depase sa nati ak entelijans lèzòm. Nan lavil Bètleyèm, nan tout lari Nazarèt, nan tout chemen yo nan peyi ke li renmen anpil la, se te menm Pitit Bondye a ki te prezan, se te lavi ki pa janm fini an, ki te vle manifeste tout bèl pouvwa li nan menm senplisite menm nan ti kras lavi nou an. Kantik sa a envite nou wè pi lwen. Pou rekonèt ke moun ki mete tant li nan mitan nou, se Pitit Bondye.
Men tou, reyalite sa dwe ede nou sonje ke pawòl ki te fè nou konnen entimite Papa a, se pa jis yon limyè envisib ki klere anndan nou, men se yon moun ki te vrèman youn nan nou, youn nan pwòp kò imen nou an. An nou medite pawòl sa a.
LAPRIYÈ: Bondye ki gen tout pouvwa, ki ekziste tout tan, ou menm ki klète nanm fidèl yo, aksepte plen tè a ak glwa w’ la; ou menm ki gen bon kè, parèt devan tout pèp yo gras a klète limyè w’ la. Pa pouvwa Jezikri.

PWOPOZISYON : Sonje Pawòl Bondye a te la avan tout bagay. Pa gen anyen ki te kreye san li, li vivan : Se Levanjil la. Se Limyè k’ap klere chemen nou. Se Jezikri.

No hay comentarios:

Publicar un comentario