Páginas

SAMDI 4

Koulè Blan
PREMYE MOSO LABIB
« Li pa kapab fè peche, paske li fèt sot nan Bondye ».
NAN PREMYE LÈT APOT JAN KI SEN 3, 7-10
Ti pitit mwen yo, pa kite pèsòn twonpe nou. Moun ki fè sa k’ kòrèk, li kòrèk, menm jan sa a kòrèk la. Moun ki fè peche, se nan dyab la li sòti, paske depi nan kòmansman dyab la fè peche. Se nan sa Pitit Bondye a parèt, pou l’ defèt travay dyab la.
Tout moun ki fèt sot nan Bondye, li pa fè peche, paske semans sa a rete nan li ; li pa kapab fè peche, paske se nan Bondye li sòti. Se nan sa yo wè klè sa k’ pitit Bondye yo ak sa k’ pitit dyab yo. Tout moun ki pa kòrèk, epi moun ki pa renmen frè l’, li pa sot nan Bondye.
Pawòl Granmèt la.
R/ Mèsi Bondye, mèsi.        
SÒM REPONS 97, 1. 7-8. 9
R/ Tout limit tè a ap wè viktwa Bondye nou an.
Chante yon kantik nouvo pou Granmèt la, poutèt mèvèy li fè,
Men dwat li sove pou li, bra li ki sen an.R.
Se pou lanmè a sonnen ak sa k’ plen l’ nan, fas tè a ak sa ki abite nan li yo. Se pou rivyè yo bat bravo, se pou tout mòn yo danse.R.
Devan fas Granmèt la, paske l’ap vin jije tè a. L’ap jije fas tè yo nan jistis ak pèp yo nan dwati.R.
LEVANJIL
“Nou jwenn Mesi a”
MEN BÒN NOUVÈL JEZIKRI A DAPRÈ JAN KI SEN 1, 35-42
Lè sa a:
Jan te kanpe epi de nan disip li yo avèk li. Li gade Jezi k’ap mache, li di: “Men Mouton Bondye a”. De disip yo tande l’ap pale, yo suiv Jezi.
Jezi menm vire, li wè y’ap suiv li, li di yo: “Ki bagay n’ap chèche”?
Yo menm yo di l’: “Rabi (sa vle di Mèt), kote ou abite”?
Li di yo: “Vini, n’a wè”. Yo vini, yo wè kote l’ te rete, yo rete lakay li jou sa a; lè sa a, se te apeprè dizyèm “è” a.
Te gen Andre, frè Simon Pyè a, youn nan de yo, ki te tande Jan an, epi ki te suiv li a.
Sa a rankontre tou dabò frè l’ la Simon, li di l’ : « Nou jwenn Mesi a (sa vle di Kris la) ». Li mennen l’ bay Jezi. Jezi menm gade l’, li di : « Ou se Simon, pitit Jonas : y’ap rele ou Sefas (sa vle di Pyè) ».
An nou fè lwanj ak konpliman pou pawòl Bondye a.
R/ Lwanj pou ou, Granmèt.
REFLEKSYON : Nan levanjil jodi a n’ap kontanple figi Jezi ak 2 nan disip li yo ; Jezi wè mesye yo t’ap suiv li, li mande yo : Ki bagay n’ap chache ? Jezi te konnen trè byen ke tout moun ki vle suiv li an verite gen anvi yon bagay espesyal, li konnen li pa t’ vini pou tèt li, ni pou l’ te fè wè men pito pou l’ te anseye yon bagay trè enpòtan, e se bagay sa yo Pyè ak Andre t’ap chache, Wayòm Bondye a. Gade byen, Jezi te wè kè yo, li te li lespri yo anvan l’ te poze yo kesyon sa a ; epi yo menm ak anpil transparans, yo te reponn li pa yon lòt kesyon yo te di l’: Mèt ki kote ou rete? Repons mesye sa yo fè m’ sonje yon blag yon dominiken te ban mwen. Li di m’ : Ey ! Se verite Ayisyen pa janm reponn yon kesyon afimativman ? M’ te reponn li, poukisa ? Li te tonbe ri epi li te di m’ : M’ te rive Ayiti, mwen te di yon ayisyen, yo di m’ ke tout repons yon ayisyen, se yon lòt kesyon ; èske se vre ? Li te reponn mwen : ki moun ki di ou sa ? Enben se sa k’ rive nan levanjil jodi a, mesye yo pa t’ reponn Jezi kesyon l’ lan, men yo te poze li yon kesyon tou. Jezi : « Ki bagay n’ap chache ? » - Mesye yo : « Mèt ki kote ou rete ? » Kesyon pa mesye yo nan levanjil la ap montre nou ke sa k’ enpòtan an, se pa levanjelizatè a sinon sa l’ap preche a. Jodi a, se nou menm Jezi ap poze kesyon sa : ki bagay n’ap chache ? Ki repons nou gen pou li ? Pyè ak Andre te konn sa yo t’ap chache. Pou sa, tousuit yo te kesyone l’ : mèt ki kote ou rete ? Ou menm k’ap tande pawòl Bondye jodi a, èske ou konn sa w’ap chache ? Jezi te reponn mesye yo: “vini non n’a wè”. Yo te ale epi yo te wè. E pou menm ki kiryozite pa ou jodi a? Ou pa ta renmen wè kot Jezi rete? Jezi pa janm pase nan yon kote obyen nan kè pou bagay yo kontinye menm jan an, mesye yo te rankontre l’, yo te rete lakay li pou yon bon moman. Lè yon moun rankontre ak Jezi, li pa menm moun nan ankò. Lè jezi touche kè yon moun li pa kite l’ an pè ni yon ti tan, li mete l’an boulvès ak prewokipasyon pou fè sa ki fè l’ plezi, yon dezi pou kase tèt tounen vin jwenn li.
LAPRIYÈ : Bondye Granmèt, n’ap mande ou lagras fè nou dekouvri wayòm ou an nan frè ak sè nou yo ki mare anba chenn peche pou nou ka ansanm avèk yo kase tèt tounen vin jwenn ou. N’ap mande ou sa pa pouvwa Jezi Kri Granmèt nou an. Amèn

PWOPOZISYON : Èske mwen rankontre ak Jezi deja ? Si wi, Kilè ? Ki kote ?

No hay comentarios:

Publicar un comentario