Páginas

VANDREDI 3

Koulè Blan
PREMYE MOSO LABIB
« Tout moun ki rete nan li, li pa fè peche ».
NAN PREMYE LÈT APOT JAN KI SEN 2, 29-3, 6
Nou menm mwen renmen anpil la :
Si nou konnen li kòrèk, se pou nou konnen tou tout moun ki fè sa k’ kòrèk, se nan li li fèt. Gade ki kalite charite Papa a ba nou, pou yo rele nou pitit Bondye, epi se sa nou ye vre. Se pousa tè a pa rekonèt nou, paske li pa rekonèt li. Nou menm mwen renmen anpil la, koulye a se pitit Bondye nou ye, men sa n’ap ye a pa ko parèt. Nou konnen lè 1’a parèt, n’a sanble ak li ; paske n’ap wè l’ jan l’ ye a. Tout moun ki gen esperans sa a, li fè tèt li vin sen nan li, menm jan li menm menm nan li sen an. Tout moun ki fè peche, li fè sa k’ pa kòrèk, peche a se sa k’ pa kòrèk. Nou konnen li menm li parèt pou l’ wete peche nou yo, epi pa gen peche nan li. Tout moun ki rete nan li, pa fè peche, tout moun ki fè peche, li pa wè l’, ni li pa rekonèt li.
Pawòl Granmèt la.
R/ Mèsi Bondye, mèsi.        
SÒM REPONS 97, 1. 3cd-4. 5-6
R/ Tout limit tè a ap wè viktwa Bondye nou an.
Chante yon kantik nouvo pou Granmèt la, poutèt mèvèy li fè.
Men dwat li sove pou li, bra li ki sen an.R.
Tout limit tè a ap wè viktwa Bondye nou an.
Bat bravo pou Bondye, tout tè a, eklate, danse, chante.R.
Chante pou Granmèt la sou gita, sou gita ak son mizik ; sou twonpèt ki dous ak kòn, fè konpliman devan fas Granmèt la ki wa a.R.
LEVANJIL
« Men Mouton Bondye a »
MEN BÒN NOUVÈL JEZIKRI A DAPRÈ JAN KI SEN 1, 29-34
Nan landmen, Jan wè Jezi k’ap vin kote l’, li di : « Men Mouton Bondye a, men sa a ki wete peche tè a. Sa a se osijè l’ mwen te di : « Apre m’ gen yon moun k’ap vini, li plase devan m’, paske li te ekziste anvan m’. Mwen menm, mwen pa t’ konnen l’ ; men se pou l’ te kapab parèt klè nan Izrayèl, se pousa mwen vini mwen menm m’ap batize nan dlo a ».
Jan sèvi l’ temwen, li di : « Mwen wè Lespri a k’ap desann tankou yon kolonb sot nan syèl la, li rete sou li. Mwen menm mwen pa t’ konnen l’ ; men sa a ki voye m’ batize nan dlo a, li menm menm li di m’ : « Sou moun nan ou a wè Lespri a desann li rete sou li a, se li menm k’ap batize nan Lespri Sen an ». Mwen menm mwen wè, mwen sèvi temwen, sa a se Pitit Bondye a ».
An nou fè lwanj ak konpliman pou pawòl Bondye a.
R/ Lwanj pou ou, Granmèt.
REFLEKSYON : Bondye ap kontinye fè nou yon deklarasyon damou. Si Bondye renmen nou konsa, kisa nou menm pou nou fè ? Se pou nou renmen l’ tou, menm jan li menm li renmen nou. Men si nou di nou renmen Bondye nou pa wè a, epi nou rayi frè ak sè nou yo, nou nan manti : kijan nou kapab renmen Bondye nou pa wè ! Pa bliye Bondye kreye nou pòtre avèk li, epi li mande nou avan tout bagay se pou nou gen renmen nan kè nou ; se sa nou aprann nan kòmandman l’ yo. Si nou vle renmen Bondye, se pou nou kòmanse renmen pwochen nou ; paske tout sa ki pran nesans, se nan Bondye yo sòti, epi Jan di nou kòmandman sa yo pa twò lou. Se pou nou remen san mezire, lè yon moun renmen, li fè sa ki bon, sa ki bèl, li gen konpasyon tankou Jezi. Jezi te kite Lespri a kondwi l’epi li te toujou ap mache avèk li ; se ak menm fòs Lespri a li te ale Galile, li tounen nan peyi l’ kote li te resevwa edikasyon : la, li kòmanse preche nan Tanp la. Nan tout sa Jezi t’ap fè, se Lespri a ki t’ap gide l’, se sa Lik vle montre nou atravè Levanjil la, tout moun te etone wè kijan li t’ap pale byen epi avèk anpil otorite. Pawòl li yo te gen pwa, moun yo menm te kòmanse ap fè l’ konpliman, epi pawòl li t’ap di yo te sanble ak travay li t’ap fè, se pa t’ pawòl nan bouch sèlman, tout bagay sa yo, se Lespri Granmèt la ki te chwazi l’, li sakre l’ pou l’al bay Bòn Nouvèl la toupatou, sitou sila yo ki pòv yo, ki malad, ki blese ; ki nan prizon, ki avè. Jodi a pawòl sa a reyalize, tout moun t’ap rann temwayaj sou Jezi, paske chak pawòl ki te sòti nan bouch li se te yon gras, yon rekonfò. Nou menm, daprè sa nou tande ak sa nou wè, se pou nou bay temwayaj pa nou tou, tout kote nou pase, konsa rèy Bondye a va tabli nan tout sosyete a, epi pitit Bondye yo va rale yon souf.
LAPRIYÈ : Granmèt, padon pou chak fwa mwen anpeche pwomès ou yo akonpli sou tè a.Tanpri fè m’ kado Lespri ki te gide Jezi al bay Bòn Nouvèl la. Amèn

PWOPOZISYON : Avèk gras batèm ak konfimasyon m’, mwen te di mwen dakò pou m’al fè misyon pou Jezi, kisa m’ fe ak wi m’ te di a ? M’ap reflechi !

No hay comentarios:

Publicar un comentario