Koulè Vèt
PREMYE MOSO
LABIB
« Izrayèl
tonbe, yo pran ach Bondye a »
NAN PREMYE LIV SAMYÈL 4, 1-11
Rive jou sa yo, Filisten yo rasanble pou batay ;
Izrayèl sòti devan Filisten yo nan batay la, yo kanpe bò Wòch sekou a. Filisten
yo rive nan Afèk, yo leve epe kont Izrayèl. Nan kòmansman batay la, Izrayèl vire
do bay Filisten yo ; nan batay sa a gen apeprè kat mil gason ki tonbe nan
rak bwa yo tout kote.
Pèp la tounen nan kote joupa yo te ye a, chèf Izrayèl yo di :
« Pouki sa Granmèt la frape nou jodi a devan Filisten yo? An nou fè chèche
ach alyans Granmèt la sot Silo, 1’a vin nan mitan nou, pou l’ sove nou sot nan
men ènmi nou yo ».
Pèp la voye nan Silo, yo pran ach alyans Granmèt lame yo
ki chita sou Cheriben yo. De pitit Eli yo te avèk ach alyans Bondye a, Ofni ak
Fineyès. Lè ach alyans Granmèt la rive nan kote tant yo ye a, tout Izrayèl rele
byen fò, tè a sonnen.
Filisten yo tande vwa rèl la, yo di : « Ki
kalite vwa gran rèl sa a nan kan Ebre yo » ? Yo rekonèt se ach
Granmèt la ki te vini nan kan an. Filisten yo vin pè, yo di: “Bondye vin
nan kan an”; yo plenn, yo di: « Madichon pou
nou! Pa t’ gen tout kontantman sa a ni yè ni avantyè. Madichon pou nou ! Kilès
k’ap sove nou sot nan men dye sa yo ki gran anpil la ? Se dye sa yo, ki te
frape Ejip la ak tout kalite chatiman nan dezè a. Se pou nou ankouraje, se pou
nou gason, Filisten yo, pa sèvi Ebre yo, tankou yo menm yo te sèvi nou an :
pran kouraj, batay. »
Filisten yo batay, Izrayèl tonbe, chak moun sove nan tant
li, vin gen yon gran chatiman, trant mil sòlda tonbe nan Izrayèl. Yo pran ach
Bondye a, de pitit Eli yo mouri tou, Ofni ak Fineyès.
Pawòl Granmèt la.
R/ Mèsi
Bondye, mèsi.
SÒM REPONS 43,
10-11. 14-15. 24-25
R/ Delivre nou, Granmèt, poutèt mizerikòd
ou a.
Koulye a menm ou rejte nou, ou fè nou wont, ou pa sòti
avèk lame nou yo, Bondye. Ou fè nou vire do devan ènmi nou yo, moun ki rayi nou
yo, yo piye nou.R.
Ou fè nou vin tounen wont pou vwazen nou yo, rizib ak jwèt
pou sa yo ki alantou nou yo. Ou fè nou vin tounen pwovèb nan nasyon yo, pèp yo
ap souke tèt sou nou.R.
Leve, pouki sa w’ap dòmi an, Granmèt ? Leve, pa repouse
nou pou tout tan. Pouki sa w’ap vire fas ou a, ou bliye malè nou ak tray nou » ?
R.
LEVANJIL
“Lèp la pati
sot sou li, li vin geri”
MEN BÒN NOUVÈL JEZIKRI A DAPRÈ MAK KI SEN 1, 40-45
Lè sa a:
Yon lepre vin kot Jezi, li priye l’, li met ajenou, li di
l’ : « Si ou vle, ou kapab pwòpte m’ ». Jezi menm pran pitye pou
li, li lonje men l’, li touche l’, li di l’ : « Mwen vle, se pou ou pwòpte ».
Kon l’ di sa, menm
lè a lèp la pati kite l’, li pwòpte.
Li menase l’ menm lè a li ranvwaye l’ sèk; li di l’: “Gade,
pa di pèsòn sa; men ale, fè chèf prèt yo wè ou, ofri pou gerizon ou nan, sa
Moyiz te kòmande a, kòm temwayaj pou yo”.
Men li menm menm li pati, li kòmanse deklare bagay la, li
gaye nouvèl la, atèl pwen li pa t’ kapab parèt aklè pou l’ antre nan yon vil. Men
se deyò nan kote dezè yo li te rete, yo te sot tout kote pou yo vin jwenn li.
An nou fè lwanj ak konpliman
pou pawòl Bondye a.
R/ Lwanj
pou ou, Granmèt.
REFLEKSYON: Prezans Bondye nan mitan
nou, se pa yon mwayen pou nou kouvri tout sa ki mal ni pou nou konbat sèlman
kont lènmi nou yo. Gen moun ki panse yo ka itilize Bondye menm jan yo itilize lòt
moun pou zafè pèsonèl yo. Se pa vre. Si Bondye li menm ki gran, ki wa, li pa
chache itilize nou poukisa nou menm nou panse nou gen plis entèlijans pase li.
Nou konn wè anpil vòlè, zenglendou, kriminèl, gangstè,
dilè dwòg, elatriye, k’ap mache anpil fwa ak yon chaplè nan kou yo tout jounen
oubyen devan machin yo, si w’ ta poze yo kesyon, ou konn lapriyè ak chaplè? Yo va reponn ou: “m’ pa gen
tan pou bagay sa yo”. Nan levanjil la nou wè kijan Jezi te menase moun ki te
gen lèp la pou l’ pa pale de sa Bondye fè pou li. Men nèg sa li te geri a te
tèlman gen yon kè kontan ki t’ap debòde, li pa t’ santi li te kapab rete bouch
be; se konsa li kouri al gaye nouvèl la. Kilès moun jounen jodi a ki ta gen
kansè oubyen sida oubyen yon lòt maladi grav, epi li ta jwenn gras Granmèt la, pou
li pa ta monte sou yon tèt mòn pou l’ sonnen klòch remèsiman l’. Lè yon moun
bay temwayaj de sa Bondye fè pou li, se paske li kontan, li santi li libere, li
se yon moun nouvo. Dife lajwa sa a ki limen anndan kè w’ e kif è w’ap pale de
grandè Bondye nan lavi ou la, si m’ ta di w’ li pi gran ke maladi ou te genyen
an, w’ap dim manti! Li tèlman grav, lè w’ te malad la ou te ka kache pou tout
moun pa konn vi pèsonèl ou, ou te ka viv li sèlman ak doktè k’ap swaye w’ la ak
lòt moun pwòch ou, men m’asire ou ke kontantman Bondye ba ou a, si ou pa pale li
pou tout moun tande l’, ou ka pran lari, w’ap tonbe pale pou kont ou, w’ap
tonbe ri pou nenpòt ti krik ti krak jiskaske ou chache remèd pou maladi w’ la
ki se temwaye grandè Bondye devan tout moun san pèrèz. Jodi a, an nou repase
lavi nou pou nou wè ki kalite mèvèy Bondye fè pou nou. An nou di li mèsi.
LAPRIYÈ: Bondye Granmèt m’ap
mande ou fòs ak kouraj pou m’ temwaye sa w’ fè pou mwen, pou tout moun ka
konnen grandè ou, pouvwa ou ak mizerikòd ou.
PWOPOZISYON: Mande Granmèt la gras ak kouraj pou temwaye sa l’ fè nan
lavi ou.
No hay comentarios:
Publicar un comentario