Koulè Blan
SEN ANTWÁN,Abe
(Memwa)
PREMYE MOSO
LABIB
« N’ap rele
devan fas wa nou an, Granmèt la p’ap koute nou, paske se nou menm ki te mande
yon wa pou nou »
NAN PREMYE LIV SAMYÈL 8, 4-7. 10-22a
Jou sa yo :
Tout chèf Izrayèl yo rasanble, yo vin kot Samyèl nan
Ramata, yo di l’ : « Men ou fin vye, epi pitit ou yo pa mache nan chemen
w’ yo : enstale yon wa pou nou, pou l’ jije nou, menm jan tout nasyon yo genyen
an ». Samyèl priye kot Granmèt la. Granmèt la menm di Samyèl : « Koute
vwa pèp la nan tout sa yo di ou ; sèke se pa ou menm yo rejte, men se mwen
menm, pou m’ pa kòmande sou yo kòm wa ».
Konsa Samyèl di pèp la tout pawòl Granmèt la, pèp sa a ki
te mande l’ yon wa a, li di : « Men dwa wa a, k’ap kòmande sou nou an.
L’ap pran pitit gason nou yo, l’ap mete yo sou charyo li yo, l’ap fè yo vin
tounen kavalye l’, l’ap fè yo kouri devan kabwèt li yo ; l’ap fè yo sèvi
kòm chèf lame l’ak chèf eskwad li kòm kiltivatè jaden l’ yo ak moun k’ap keyi fwi
pou li, moun k’ap fè zam ak charèt li. Pitit fi nou yo tou, l’ap fè yo sèvi kòm
moun k’ap prepare losyon pou li, k’ap fè manje pou li, k’ap fè pen. Ni jaden
nou yo tou ak pye rezen nou yo ak pye oliv nou yo ki pi bon yo, l’ap pran yo, l’ap
bay sèvitè l’ yo. Ata fwi nou yo, ak rekòt rezen nou yo, l’ap fè nou ba l’ dizyèm
pòsyon nan yo, pou l’ bay minis li yo ak sèvitè l’ yo. Menm sèvitè nou yo ak
sèvant nou yo, ak jèn jan nou yo ki pi bon yo, ak bourik nou yo, l’ap pran yo,
l’ap mete yo nan travay li. Ni mouton nou yo tou, l’ap fè nou bay dizyèm pòsyon
sou yo, n’ap vin tounen esklav li. N’ap rele jou sa a devan fas wa nou an, sa
nou te chwazi pou nou an ; men Granmèt la p’ap koute nou jou sa a, paske
nou te mande yon wa pou nou ».
Pèp la pa t’ vle koute vwa Samyèl, men yo di : « Pa
ditou : nou bezwen yon wa sou nou, nou menm tou se pou vin tounen tankou
tout nasyon yo, wa nou an ap jije nou, l’ap sòti devan nou, l’ap batay nan lagè
nou pou nou. Samyèl koute tout pawòl pèp la, li repete yo nan zòrèy Granmèt la.
Granmèt la menm di Samyèl : « Koute vwa yo, enstale yon wa sou yo ».
Pawòl Granmèt la.
R/ Mèsi Bondye, mèsi.
SÒM REPONS 88,
16-17. 18-19
R/ Mizerikòd ou, Granmèt, se tout tan m’ap
chante l’.
Ala kontantman pou pèp la ki konn fè konpliman ;
Granmèt, nan limyè fas ou y’ap mache, o non ou y’ap fete tout jounen, nan
jistis ou a y’ap leve tèt yo.R.
Sèke se ou menm ki glwa pouvwa yo, se nan bon plezi ou
kòn nou leve, paske zam defans nou se pou Granmèt la, pou sen Izrayèl la, wa
nou an.R.
LEVANJIL
« Pitit
moun nan gen pouvwa sou tè a pou l’efase peche yo »
MEN BÒN NOUVÈL JEZIKRI A DAPRÈ MAK KI SEN 2, 1-12
Aprè kèk jou, Jezi tounen ankò Kafanawòm. Lè yo tande li
te nan kay la, anpil moun rasanble, atèl pwen kay la pa t’ kapab kenbe moun menm
nan pòt la, li t’ap anonse yo pawòl la. Yo vin kote l’, antan y’ap pote yon
moun ki pa t’ kapab mache, se kat moun ki t’ap pote l’. Kòm yo pa t’ kapab prezante
l’ ba li akòz foul la, yo defèt plafon an kote l’ te ye a, yo louvri l’, yo
glise kabann nan kote moun nan ki pa t’ kapab mache a te kouche a. Lè Jezi wè
lafwa yo, li di moun nan ki pa t’ kapab mache a : « Pitit mwen, peche
ou yo efase ».
Te gen kèk pwofesè la, yo te chita, yo t’ap kalkile nan
kè yo : « Kisa sa a ap di konsa a? L’ap blasfeme. Kilès ki kapab
padonnen peche, si se pa Bondye sèl » ?
Menm lè a Jezi konnen nan espri l’, se konsa yo t’ap
kalkile anndan kè yo, li di yo : « Ki sa n’ap kalkile nan kè nou an?
Ki sa ki pi fasil pou di moun nan ki pa kapab mache a: « Peche ou yo efase »
oubyen: « Leve, pran kabann ou, mache »? Ebyen pou nou kapab konnen, Pitit
moun nan gen pouvwa sou tè a pou l’ padonnen peche yo, li di moun nan ki pa t’
kapab mache a : « Mwen di ou : « Leve, pran kabann ou, al
lakay ou ».
Menm lè a li leve, li pran kabann nan, li pati devan tout
moun, atèl pwen tout moun te sezi, yo t’ap fè konpliman pou Bondye, yo t’ap di :
« Nou pa t’ janm wè bagay konsa ».
An nou fè lwanj ak konpliman
pou pawòl Bondye a.
R/ Lwanj
pou ou, Granmèt.
OUBYEN: SI YO TA VLE, YO KAPAB LI PITO POU JOU SA A:
PREMYE LEKTI : Efezyen
6, 10-13. 18
SÒM REPONS : sòm 15,
1-2a e 5. 7-8.
11
LEVANJIL: MATYE 19, 16-21
REFLEKSYON: Jodi a Legliz la ap selebre memwa Antwán,
Abe. Se yon bèl okazyon pou nou fè lwanj pou Bondye pou mèvèy li fè nan lavi
sen sa ak nan lavi Legliz la. Nan moso levanjil nou li nan okazyon fèt sa a,
nou kapab konprann sa Jezi vle pou nou ak pou tout moun k’ap soufri nenpòt ki
maladi. Jezi pote yon delivrans total pou nou, se sa ki fè li padone tou peche
paralize a avan li geri li. Se yon delivrans ki fè nou vin yon moun nouvo. Levanjil
jodi a ap ede n’ konprann enpòtans sakreman padon ak rekonsilyasyon Legliz la
selebre avan li selebre sakreman malad yo. Se toujou yon bèl eksperyans lafwa
ki pote lajwa ak kè kontan nan lavi yon moun malad, ak nan lavi tout kretyen
chak fwa yo gen chans viv li. Bondye si tèlman renmen nou, li voye sèl pitit li
a sou tè a, pou l’ kapab padonen peche nou yo epi rekonsilye nou ak li. N’ap di
Bondye mèsi epi n’ap chante lwanj li pou tout tan. Amèn.
LAPRIYÈ: Bondye, Antwán te chèf mwán, li vin
sen. Ou te ba l’ gras pou l’ sèvi ou nan dezè a, antan l’ap pale avèk ou yon
fason ekstrawòdinè, l’ap plede kòz nou. Fè nou konsidere tèt nou pou anyen, pou nou renmen ou plis pase tout
bagay. Pa pouvwa Jezikri.
PWOPOZISYON: Viv sakreman rekonsilyon
epi vizite moun malad yo.
No hay comentarios:
Publicar un comentario