Páginas

JEDI 30

Koulè Vèt
PREMYE MOSO LABIB
« Ki sa mwen ye, Granmèt Bondye, epi ki sa kay mwen ye » ?
NAN DEZYÈM LIV SAMYÈL 7, 18-19. 24-29
Apre Natan fin pale ak David la, wa a antre, li chita devan Granmèt la, li di : « Ki sa m’ ye, Granmèt Bondye, epi ki sa kay mwen ye, pou ou mennen m’ jous isit la? Men sa a tou parèt yon ti kras bagay devan fas ou, Granmèt Bondye, ki fè ou pale menm osijè kay sèvitè w’ la pou tan k’ap vini byen lwen an (sa a se lalwa Adan), Granmèt Bondye.
Sèke ou asire pèp ou Izrayèl kòm pèp tout tan ; epi ou menm, Granmèt Bondye, ou vin tounen Bondye l’. Koulye a, Granmèt Bondye, pawòl la ou pale pou sèvitè ou la ak pou kay li a, fè l’ kanpe pou tout tan, aji jan ou deklare a ; pou non ou vin gran jous pou tout tan, pou yo di : « Granmèt lame yo Bondye sou Izrayèl ». Kay sèvitè ou David ap asire devan Granmèt la.
Sèke ou menm, Granmèt lame yo, Bondye Izrayèl, ou devwale zòrèy sèvitè ou, antan ou di : « M’ap bati yon kay pou ou » ; se pousa sèvitè w’ la jwenn kè l’ pou l’ priye ou nan priyè sa a. Koulye a, Granmèt Bondye, se ou menm ki Bondye, pawòl ou yo vre ; ou deklare bon pawòl sa yo bay sèvitè w’ la.
Tanpri aksepte beni kay sèvitè w’ la, pou l’ kapab ret tout tan devan ou, paske se ou menm, Granmèt Bondye, ki pale, se pou kay sèvitè w’ la beni ak benediksyon w’ nan pou tout tan ».
Pawòl Granmèt la.
R/ Mèsi Bondye, mèsi.         
SÒM REPONS 131. 1-2. 3-4. 11. 12. 13-14
R/ Granmèt Bondye ap ba li twòn David papa li.
Sonje David, Granmèt ak tout bon kè l’. Sèke li te fè sèman bay Granmèt la, yon ve li te fè bay Sa a ki gen pouvwa nan Jakòb la:R.
« Mwen p’ap antre nan tant lakay mwen an, mwen p’ap monte sou kabann kote m’ kouche a ; mwen p’ap bay je m’ somèy ni pòpyè m’ yon ti repo, joustan mwen jwenn yon plas pou Granmèt la, yon tant pou Sa a ki gen pouvwa nan Jakòb la ».R.
Granmèt la fè sèman bay David, se verite, li p’ap demanti l’ : « Se nan fwi vant ou m’ap mete sou twòn ou an ».R.
Si pitit li yo kenbe testaman m’ nan, ak temwayaj mwen yo m’ap anseye yo a, pitit yo pou tout tan ap chita sou twòn ou an ».R.
Sèke Granmèt la chwazi Siyon, li te anvi l’ kòm kay pou li
« Sa a se repo m’ pou tout tan gen tan ; se isit la m’ap abite, paske mwen anvi li ».R.
LEVANJIL
« Yo vini ak yon lanp, pou yo mete l’ sou yon etajè. Ak mezi n’ap mezire a, se avèk li y’ap mezire pou nou tou ».
MEN BÒN NOUVÈL JEZIKRI A DAPRÈ MAK KI SEN 4, 21-25
Lè sa a : Jezi t’ap di foul la :
« Èske yo vini ak yon lanp, pou yo mete l’anba yon bokit oubyen anba kabann? Èske se pa pou yo mete l’ sou yon etajè ? Pa gen anyen ki kache ki p’ap parèt ; ni pa gen yon bagay ki kache, men se pou l’ vin aklè. Si yon moun gen zòrèy pou l’ tande, se pou l’ tande ».
Li t’ap di yo : « Gade byen sa n’ap koute. Ak mezi nou mezire a, y’ap mezire pou nou tou, epi y’ap mete an plis pou nou. Sèke moun ki genyen, y’ap ba li ; men moun ki pa genyen, menm sa l’ genyen an, y’ap wete l’ sot nan men li ».
An nou fè lwanj ak konpliman pou pawòl Bondye a.
R/ Lwanj pou ou, Granmèt.
REFLEKSYON : Èske yo vini ak yon lanp, pou yo mete l’anba yon bokit oubyen anba kabann ? Èske se pa pou yo mete l’ sou yon etajè ? Atravè de entèwogasyon sa yo, Jezi vle envite nou viv nan transparans, pou nou viv nan laverite. Nan tan Jezi t’ap viv, fason otorite relije ak leta yo t’ap aji vin fè sosyete a tounen yon sosyete tèt anba ; yo sosyete alanvè, ki pa wè ni devan ni dèyè, yon sosyete kote se koripsyon, vyolans, opresyon k’ap fè lapli ak bon tan. Nan tan m’ap viv jodi a ekziste anpil fòs fènwa, tankou bay manti, woule debò, bay fo mamit, enjistis, blòf. Nan mitan tout fòs fènwa sa yo Jezi ap envite nou pou nou tounen limyè. Yon kretyen pa kapab rete bra kwaze devan sitiyasyon sa yo, men li dwe ekzèse misyon li kòm pwofèt, pè ak wa nan Jezikri.
LAPRIYÈ : Granmèt, ou menm ki te voye pitit ou a tankou limyè tout nasyon yo, tanpri n’ap mande w’ ba nou lagras ou, dekwa pou nou ka tounen mesaje bòn nouvèl ou a, pou mond nou an kapab vin miyò.
PWOPOZISYON : Kòman m’ap viv vokasyon m’ pou m’ kab tounen limyè ak temwen pawòl Bondye nan milye sosyal m’ap viv la ?

No hay comentarios:

Publicar un comentario