Páginas

VANDREDI 31

Koulè Blan
JAN BOSKO KI SEN, Prèt
(Memwa)
PREMYE MOSO LABIB
« Ou meprize m’, ou pran madanm Iri a pou l’ vin tounin madanm ou »
NAN DEZYÈM LIV SAMYÈL 11, l-4a. 5-10a. 13-17
Rive, nan kòmansman ane a, nan tan wa yo konn al fè lagè, David voye Joab ak sèvitè l’ yo ansanm avèk li, ak tout Izrayèl ; yo detwi pitit Amon yo, yo bloke Raba. David menm te rete Jerizalèm.
Pandan bagay sa yo ap pase, rive David leve sot sou kabann li aprè midi, l’ap pwonmennen sou teras kay wa a ; li wè yon madanm k’ap fè twalèt li an fas sou teras lakay li ; madanm nan te bèl anpil. Wa a voye mande kilès madanm sa a ; yo anonse l’ se Betsebe, pitit Elyam, madanm Iri, moun Èt. David voye mesaje, li pran l’; epi li tounen lakay li, li vin ansent, li voye nouvèl bay David, li di: “Mwen ansent”.
David voye kot Joab, li di: “Voye Iri pou mwen, pitit Èt la”. Joab voye Iri bay David. Iri vin kot David. David mande si sa te mache byen pou Joab ak pèp la, epi kijan lagè a t’ap dirije. David di Iri: «Al lakay ou, lave pye ou». Iri sòti lakay wa a, manje wa a ap suiv li. Men Iri dòmi devan pòt kay wa a ansanm avèk lòt sèvitè wa yo, li pa desann lakay pa l’.Yo bay David nouvèl, yo di: «Iri pa al lakay li». David rele l’ pou l’ fè l’ manje devan l’, pou l’ fè l’ bwè, li fè l’ vin sou. Li sòti aswè, li dòmi sou kabann li avèk sèvitè mèt li yo; li pa desann lakay li.
Rive nan maten, David ekri yon lèt bay Joab, li voye l’ pa lentèmedyè Iri, men sa l’ te ekri nan lèt la: «Mete Iri drèt kote ki gen lagè a, kote batay la pi rèd la, epi kite l’ pou yo frape l’, pou l’ mouri».
Konsa, lè Joab atake vil la, li mete Iri kote li te konnen te gen moun ki pi terib yo. Mesye yo fè yon sòti sot nan vil la, yo batay kont Joab; gen nan sèvitè David yo nan pèp la ki tonbe, menm Iri moun Èt la mouri tou.
Pawòl Granmèt la.
R/ Mèsi Bondye, mèsi.        
SÒM REPONS 50, 3-4. 5-6a. 6bc-7. 10-11
R/ Pitye, Granmèt, paske nou fè peche.
Pitye pou mwen, Bondye, daprè mizerikòd ou ; daprè kantite bon kè ou, efase fot mwen an. Lave m’ nèt sot nan fot mwen an, pwòpte m’ sot nan peche m’ nan.R.
Sèke fot mwen an se mwen menm ki konnen l’, peche m’ nan devan m’ tout tan. Kont ou, kont ou sèl mwen fè peche, sa k’ mal devan w’ nan, mwen fè l’.R.
Se pou yo jwenn ou kòrèk nan desizyon ou, dwat nan jijman ou. Gade, nan fot mwen pran nesans, nan peche manman m’ te ansent mwen.R.
Fè m’ tande kè kontan ak fèt, zo m’a danse, yo menm ou te rabese a. Vire fas ou lwen peche m’ yo, tout fot mwen yo, efase yo.R.
LEVANJIL
« Li fin lage semans la, li dòmi, epi semans la devlope, san l’ pa konnen »
MEN BÒN NOUVÈL JEZIKRI A DAPRÈ MAK KI SEN 4, 26-34
Lè sa a : Jezi t’ap di foul yo :
« Se konsa peyi wa syèl yo ye, tankou yon moun k’ap voye semans la nan tè a, aprè sa, li dòmi, li leve, lannuit ak lajounen, epi semans la jèmen, li devlope, san li menm li pa konnen. Aprè sa tè a donnen fwi : tou dabò se fèy, aprè sa se zepi, anfen se plen ble nan zepi a. Lè l’ donnen fwi, menm lè a li voye sèpèt, paske se rekòlt la ».
Li t’ap di : « Ak ki sa nou ta konpare peyi wa Bondye a? Oubyen ak ki parabòl nou ta konpare li ? Se tankou yon grenn seneve, lè yo simen l’ nan tè a, li pi piti pase tout semans ki nan tè a ; lè yo fin simen l’, li monte, li vin pi gran pase tout legim yo, li fè gran branch, atèl pwen zwazo syèl yo kapab abite anba lonbraj li ».
Se ak anpil parabòl konsa li t’ap anonse yo pawòl la, nan mezi yo te kapab koute ; men li pa t’ pale ak yo san parabòl. Men pou disip li yo menm li te konn eksplike tout bagay apa pou yo.
An nou fè lwanj ak konpliman pou pawòl Bondye a.
R/ Lwanj pou ou, Granmèt.
OUBYEN: SI YO VLE, YO KAPAB LI POU JOU SA PITO:
PREMYE LEKTI: Filipyen 4, 4-9
SÒM REPONS: sòm 111, 1-2. 3-4. 5-7a. 7b-8. 9
LEVANJIL: Matye 18, 1-5
REFLEKSYON: Jodi a se jou Sen Jan Bosko, zanmi jèn yo. Se menm li menm ki te di nou: «Depi se jèn li ye mwen renmen li». Nan anpil pawas sou tè a y’ap selebre gran rankont ak jèn yo jounen jodi a. Konsa tou, nou ka sonje jèn ki pa ka selebre yo, jèn yo paralize oubyen elimine avni yo, jèn san idantite, jèn ki pa ka al lekòl, jèn ki lage nan lari a, jèn san manman san papa, jèn ki pèdi nan dwòg yo, jèn fi ki oblije ap vann kò yo pou yo viv. N’ap lapriyè pou yo tout pou Jezi ede yo sòti nan enpas, pou li kase tout chenn ki mare yo a, epi tou pou sila ki konplis yo pou li chanje kè yo.
Granmèt, pitye pou pèp ou a k’ap pase mizè, traka grangou. Tout kote l’ pase se lapenn. Nan premye lekti nou sot tande a, nou ka dekouvri 2 gwo peche David te komèt: Adiltè ak konplisite lanmò youn nan sòlda l’ yo, mari Betsabe a, Iri. Li komèt de gwo peche ki parèt trè difisil pou nou ta padone. Men kè sansib Bondye pa gen limit, li padone yo. Li tande lapriyè David ki mande l’ padon, li pran konsyans de peche l’ yo nan sòm 50 (51); Bondye padone li. Sa ka fè nou aprann ke Bondye nou an, se Bondye mizerikòd; li prè pou l’ padone peche moun ki repanti yo, moun ki pran konsyans de eta peche yo. Se konsa li mande nou pou nou gen pitye pou frè ak sè nou, padone yo, retire diliv tè a sou lestomak nou. Fè nou tou pitit devan Bondye, rekonèt tò nou, n’a wè grandè Bondye; pa kouri diskrimen frè ak sè nou yo, paske chak moun gen yon grenn zanno kay òfèv la. Se pou Bondye ede nou tounen tè ki pote anpil fwi a. Se Bondye beni nou byen beni.
LAPRIYÈ: Granmèt, menm jan ak Jan Bosko ki te tounen yon papa ak yon mèt pou ti moun ki kòmanse ap grandi yo, ba nou yon kè ki konn padone, yon kè ki dispoze pou akeyi lòt yo, ki pa vle malè rive yo. Nou mande w’ sa pa pouvwa Jezikri pitit ou, li ki vivan e wa depi tout tan e pou tout tan. Amèn.

PWOPOZISYON: Pran konsyans de eta nou pou peche a pa anpare nou, pou nou ka toujou pre pou nou retounen vin jwenn Bondye ki dispoze pou padone nou.

No hay comentarios:

Publicar un comentario