Páginas

SAMDI 1

Koulè Vèt
PREMYE MOSO LABIB
« Mwen fè peche kont Granmèt la »
NAN DEZYÈM LIV SAMYÈL 12, l-7a. 10-17
Jou sa yo :
Granmèt la voye Natan kot David. Li rive kote l’, li di l’ :« De mesye te nan yon vil, youn te rich, lòt la te pòv. Rich la te gen mouton ak bèf an kantite ; pòv la menm pa t’ gen anyen sof yon sèl ti mouton, li te achte, li te nouri l’, li te fè l’ grandi lakay li ansanm ak pitit li yo, li fè l’ manje nan pen l’, li fè l’ bwè nan gode l’, li fè l’ dòmi sou lestomak li : se te tankou pitit fi l’.Gen yon etranje ki vin rive kay moun rich la, li menm li evite pran nan mouton l’ yo ak nan bèf li yo, pou l’ofri atab dévan etranje sa a ki te vin kote l’ la, li pran mouton mesye ki pòv la, li pare manje pou moun nan ki te vin lakay li a».
David fache, li fè kòlè kont mesye sa a anpil, li di Natan. «Sou lavi Granmèt la, mesye sa a ki fè bagay sa a, l’ap mouri; l’ap renmèt kat fwa plis, poutèt bagay sa a li fè a, san l’ pa gen pitye a».
Natan di David : « Se ou menm menm mesye sa a. Se pousa epe a p’ap rekile sot nan kay ou ditou, poutèt ou meprize m’, ou pran madanm Iri moun Èt la, pou l’ vin tounen madanm ou. Se pousa men pawòl Granmèt la. « Men m’ap leve malè sou ou sot anndan kay ou a, m’ap pran madanm ou yo devan je ou, m’ap bay pwochen ou, l’ap dòmi avèk madanm ou yo devan je solèy sa a.Ou menm ou te aji an kachèt ; mwen menm m’ap fè bagay sa a devan tout Izrayèl ak devan solèy la ».
David di Natan : « Mwen fè peche kont Granmèt la ». Natan di David : « Granmèt la tou padonnen peche ou la, ou p’ap mouri. Sèlman, poutèt ou fè ènmi Granmèt yo blasfeme l’akòz bagay sa-a, pitit la ki fèt pou ou a l’ap mouri sètènman ». Natan tounen lakay li.
Granmèt la frape ti pitit la, David fè jèn, li antre pou kont li, li kouche atè a. Ansyen yo nan lakay li a rive, yo fòse l’ pou l’ leve sot atè a; li refize menm manje yon ti manje ansanm avèk yo.
Pawòl Granmèt la.
R/ Mèsi Bondye, mèsi.        
SÒM REPONS 50, 12-3. 14-15. 16-17
R/ Kreye yon kè pwòp nan mwen, Bondye.
Kreye yon kè pwòp nan mwen, Bondye, refè yon espri fèm nan zantray mwen yo. Pa jete m’ lwen fas ou, Espri Sen w’ nan, pa wete l’ nan mwen.R.
Renmèt mwen kè kontan sove ou sove m’ nan, asire m’ak espri ki pi vif la. M’ap aprann pechè yo chemen ou yo, mechan yo ap tounen vin jwenn ou.R.
Delivre m’ sot nan san yo, Bondye, Bondye sovè mwen, lang mwen ap chante jistis ou.R.
Granmèt, louvri po bouch mwen, bouch mwen ap anonse lwanj ou. R.
LEVANJIL
« Kilès sa a, paske van ak lanmè obeyi li » ?
MEN BÒN NOUVÈL JEZIKRI A DAPRÈ MAK KI SEN 4, 35-40
Jou sa a, kòm aswè te fin rive, Jezi di disip li yo : « An nou travèse anfas la ». Yo ranvwaye foul la, yo pran l’ jan l’ te ye nan batiman an, te gen dòt batiman yo avèk li.
Vin gen yon gran tanpèt van ; lanm lanmè a t’ap vòltije nan batiman an, atèl pwen batiman an te plen. Li menm menm li te nan plas gouvènay la, sou kousen an, li t’ap dòmi ; yo reveye l’, yo di-l: « Mèt, sa pa fè ou anyen n’ap peri »? Li reveye, li menase van an, li di lanmè a: «Silans, pe bouch ou». Van an sispann, vin gen yon gran kalmi.
Li di yo: «Pouki sa nou manke lodas konsa a? Nou pa gen lafwa»? Yo sezi yon gran sezisman, youn t’ap di lòt: «Kilès ou kwè li ye, sa a, paske ni van ni lanmè obeyi l’»?
An nou fè lwanj ak konpliman pou pawòl Bondye a.
R/ Lwanj pou ou, Granmèt.
REFLEKSYON: Frè ak sè m’ yo, tankou nou konnen li deja, Bondye se pa yon bagay nou kapab touche ak men nou, oubyen konprann sèlman ak lespri moun nou genyen an. Bondye ale pi lwen pase sa nou menm moun nou kapab konprann ak ti kapasite konpreyasyon nou genyen an. Bondye, nou kapab konnen sèlman kiyès li ye se nan eksperyans pèsonèl nou, nan rankont nou ak li nan lapriyè, nan fason n’ap sèvi moun n’ap rankontre sou wout nou.
Youn nan aspè nou kapab dekouvri sou Bondye n’ap sèvi nan Levanjil la, se wè ke li se Bondye-avèk, Bondye ki pwòch moun, ki la pou tande moun lè yo adrese li avèk lafwa e se Bondye kè sansib. Sa pa vle di pou otan si Bondye toujou pre pou li tande priyè nou nan moman difisil se ekzakteman nan moman difisil yo sèlman pou nou rele li, epi kou nou fin jwenn sa nou bezwen an nou abandone li, nou bliye non li. Nan sans sa nou kapab konprann esans Bondye se pa fè mirak, donk nou kapab konprann Bondye pa yon fezè mirak. Se poutèt sa, anpil fwa Bondye toujou tann nou pou nou fè premye pa a. Li kite nou ak tout libète nou. Anpil fwa, nou pa janm rekonèt grandè Bondye toutan se pa nan yon eksperyans difisil nou ye epi li ede nou sòti. Men nou bliye anpil gras li fè nou chak jou. Anpil fwa, nou manje, nou dòmi, nou leve, nou jwenn yon seri byen materyèl sou wout nou, nou pa janm poze tèt nou kesyon kijan nou fè ap jwi privilèj sa yo, pandan anpil lòt moun ap viv kèk sitiyasyon difisil. Èske se nou menm ki pi bon? Tou senpleman se yon gras, se yon chans nou genyen nan lavi nou. Piti kou li ye. Men nou toujou twouve sa pa sifi toujou fòk nou ta jwenn plis. Malgre mirak Jezi te fè pou mesye yo, yo te toujou doute kiyès li ye. Malgre tout bagay, Jezi nan kè sansib li pa t’ neglije aji, li pa t’ neglije montre yo bonte li. Jounen jodi a, nou menm ki di nou se kretyen, li enpòtan pou nou sèvi modèl pou lòt yo, nan fason n’ap temwanye Bondye nou an, pou moun ki te konn ap doute yo rive konprann pi byen toujou kilès Bondye nou an ye ak jan li gran atravè fason n’ap viv.
LAPRIYÈ: Granmèt, lè van pwoblèm yo ap sekwe bak lavi mwen , fè m’ sonje ou la ou p’ap kite mwen peri.

PWOPOZISYON: Di Bondye mèsi pou tout tanpèt li kalme nan lavi mwen. 

No hay comentarios:

Publicar un comentario