Koulè Blan
PREZANTASYON GRANMÈT LA,
Fèt.
BENDIKSYON CHANDÈL YO AVÈK PWOSESYON AN
PREMYE MOSO
LABIB
«L’ap rive nan
Tanp li a, chèf sa a n’ap chèche a».
NAN LIV PWOFÈT MALACHI 3, 1-4
Men pawòl Granmèt Bondye a:
«Men m’ap voye zanj mwen an, l’ap prepare
chemen devan fas mwen; sanzatann, l’ap rive nan Tanp li a, chèf sa a n’ap chèche
a, epi zanj alyans la, sa nou anvi wè a».
«Men l’ap vini», deklarasyon Granmèt
lame yo. «Epi ki moun ki kapab panse jou l’ap vini an? Epi ki moun ki kapab
kanpe pou l’ gade l’? Sèke li menm li tankou dife nan fòj, tankou plant k’ap
sèvi pou lesiv, l’ap chita pou l’ fonn, pou l’ pwòpte lajan, l’ap netwaye pitit
Levi yo, l’ap vide yo gout-a-gout, tankou lò ak tankou lajan, y’ap vin tounen
moun k’ap ofri sakrifis ki kòrèk pou Granmèt la. Sakrifis Jida ak Jerizalèm ap
fè Granmèt la plezi, tankou jou lontan yo, tankou ane ansyen yo».
Pawòl Granmèt la.
R/ Mèsi Bondye, mèsi.
SÒM REPONS 23, 7. 8. 9. 10
R/ Granmèt
lame yo, se li menm ki wa bèlte a.
Pòt
yo, leve tèt nou, drese nou, pòt ki la depi syèk tan yo,
pou l’ kapab antre, sa a ki wa glwa a.R.
Kilès
sa a ki wa glwa a? Se Granmèt la ki fò, ki gen pouvwa,
se
Granmèt la, ki gen pouvwa nan batay.R.
Pòt
yo, leve tèt nou, drese nou, pòt ki la depi syèk tan yo,
Pou l’ kapab antre, sa a ki wa glwa a.R.
Kilès
sa a, ki wa glwa a? Se Granmèt lame yo, se li menm ki wa glwa a.R.
DEZYÈM MOSO LABIB
«Li te gen pou l’ sanble ak frè yo
nan tout bagay, pou l’ te kapab pran pitye pou yo».
NAN
LÈT POU EBRE YO 2, 14-18
Paske
pitit yo te kominike nan chè a ak san an, Jezi li menm tou te vle patisipe nan
yo, pou, gras a lanmò a, li te kapab detwi sa a ki te gen pouvwa lanmò a, sa vle
di dyab la; pou l’ te kapab delivre sila yo ki t’ap pase tray pandan tout lavi a
poutèt esklavaj kè sote lanmò a.
Se
pa zanj yo li vin pote sekou, men se ras Abraam nan li vin pote sekou. Se pousa
li te gen pou l’ sanble ak frè yo nan tout bagay, pou l’ te kapab pran pitye
pou yo, pou l’ te kapab vin tounen yon prèt an chèf ki fidèl kot Bondye, pou l’
te kapab padonnen fot pèp la.
Kòm
li menm li soufri, li kite yo tante l’, li gen pouvwa pou l’ soutni sa yo y’ap
tante a.
Pawòl Granmèt la.
R/ Mèsi Bondye, mèsi.
LEVANJIL
«Je m’ wè
sove ou la»
MEN BÒN NOUVÈL JEZIKRI A DAPRÈ LIK 2,
22-40
Lè jou Mari yo fin rive bout yo pou
netwayaj lalwa Moyiz la te prevwa a, paran Jezi yo pote l’ Jerizalèm, pou yo prezante
l’ bay Granmèt la, daprè sa k’ te ekri nan lalwa Granmèt la: «Tout pitit gason
ki sòti an premye nan vant, y’ap rele l’ sen pou Granmèt la»; epi pou yo ofri
sakrifis, daprè sa k’ pale nan lalwa Granmèt la, «yon pè toutrèl oubyen de jèn
pijon».
Te
gen yon mesye Jerizalèm, yo te rele Simeyon, mesye sa a te kòrèk, li te gen respè,
li t’ap tann konsolasyon Izrayèl, epi Espri Sen an te nan li. Li te resevwa
avètisman nan men Lespri Sen an, li pa t’ap wè lanmò, anvan l’ wè Kris Granmèt
la.
Li
rive nan Tanp la sou direksyon Espri a, pandan paran Jezi t’ap antre avèk li,
pou yo aji daprè abitid lalwa a pou pitit la, li resevwa l’ nan bra l’, li fè
konpliman pou Bondye, li di: «Koulye a ou mèt ranvwaye sèvitè w’ la, Granmèt,
daprè pawòl ou a nan lapè; paske je m’ wè sove w’ la, sa ou te pare devan fas
tout pèp yo, limyè pou klere nasyon yo epi glwa pèp ou, Izrayèl.»
Papa
l’ ak manman l’ te sezi poutèt sa yo t’ap di sou li a.
Simeyon
beni yo, li di Mari, manman l’: «Men sa a poze, pou anpil moun nan Izrayèl tonbe,
pou yo leve, l’ap yon siy k’ap jwenn kontradiksyon (yon epe ap travèse nanm
ou), pou panse ki nan kè anpil moun kapab devwale».
Te
gen Án madanm nan ki pwofèt la, pitit fi Fanwèl, nan ras Asè: li te vye anpil,
li te viv avèk mari l’ pandan sètan, depi l’ te vyèj. Li te ret vèv jous katrevenkatran;
li pa t’ kite Tanp la, li t’ap sèvi lannuit kon lajounen nan jèn ak priyè. Nan
menm lè sa a, li vin rive, l’ap fè konpliman pou Granmèt la, l’ap pale sou
pitit la ak tout moun ki t’ap tann sove Izrayèl.
Lè
yo fin fè tout sa lalwa Granmèt la te mande a, yo tounen Galile a, nan vil li a
Nazarèt.
Ti
pitit la menm t’ap grandi, li t’ap pran fòs, li te plen sajès, gras Bondye te
nan li.
An nou fè lwanj ak konpliman
pou pawòl Bondye a.
R/ Lwanj
pou ou, Granmèt.
REFLEKSYON: Jodi a Legliz la ap fete fèt Prezantasyon
Granmèt la, ke nou selebre ak pwosesyon chandèl yo. Nan okazyon sa nou kapab
reflechi sou istwa ak siyifikasyon fèt sa. Malgre fèt sa pa tonbe nan tan Nwèl,
yo konsidere li tankou yon reyon nan solèy Nwèl la, tankou yon epifani aprè
karantyèm jou yo fin fete Nesans Jezi.
Fèt Prezantasyon Granmèt la, se yon fèt ki la lontan, se nan zòn Oryan
yo te kòmanse fete li. Depi katriyèm syèk Legliz Jerizalèm te pran abitid
selebre fèt sa. Yo te konn selebre li ak anpil lajwa kòmsi se te fèt Pak la
menm, nan dat 14 fevriye, sa vle di 40 jou aprè Fèt Epifani. Fèt Prezantasyon
Granmèt la te pwopaje nan lòt legliz Oryan ak Oksidan; se konsa nan setyèm syèk
Legliz Wòm te kòmanse selebre li. Avèk fèt sa a yo asosye yon pwosesyon
chandèl. Legliz Womèn nan te konn selebre li 40 jou aprè Nwèl. Nan legliz
oryantal yo, yo te rele fèt sa a «fèt rankont». Non sa a trè siyifikatif, li
vle di anpil bagay, paske li mete aksan sou yon aspè fondamantal nan fèt la:
rankont sila a Bondye konsakre a avèk pèp li a. Sen Lik rakonte nou sa nan
dezyèm chapit levanjil li a. «
Lè jou Mari yo fin rive bout yo pou netwayaj lalwa Moyiz la te prevwa a, paran
Jezi yo pote l’ Jerizalèm, pou yo prezante l’ bay Granmèt la…». Fèt sa te
kòmanse gen popilarite nan Oksidan apati dizyèm syèk, sou non «Pirifikasyon Byennerez
Vyèj Mari». Se konsa yo te vin mete li pami fèt Notredam yo. Aprè sa yo te jije
sa pa t’ fin kòrèk, paske nan jou sa, se yon mistè Granmèt la Legliz la
selebre. Nan kalandriye Wòm nan, ke yo te revize nan ane 1969, yo te chanje non
fèt sa e yo te rele li «Prezantasyon Granmèt la». Sa se yon siy ki montre vrè
nati ak objè fèt sa a. Men sa pa vle di nou derekonèt gwo wòl Mari te jwe nan
evènman n’ap selebre yo. Mistè Kris la ak manman li tèlman makonnen ansanm,
ebyen jodi a nou ta kapab konsidere se fèt toulede n’ap fete. Avèk Kantik
Simeon an nan levanjil la (Lik 2, 22-40), n’ap aklame Kris la se «Limyè pou
klere nasyon yo epi glwa pèp Bondye a, Izrayèl». A travè selebrasyon jodi a,
nou selebre rankont Bondye fè ak pèp li a atravè de pèsonaj respektab ki
reprezante tout limanite: Simeon ak Án.
Pwosesyon chandèl la, li reprezante pelerinaj nou kòm moun
sou tè a, antan limyè Kris la ap gide nou epi ede nou kenbe lespwa yon jou nou
va antre nan wayòm li a. Chandèl yo fè nou sonje limyè nou te resevwa nan batèm
nou, yo raple nou Kris la se limyè e nou dwe toujou branche lavi nou sou li.
LAPRIYÈ: Bondye, ki gen
tout pouvwa, ki ekziste tout tan, n’ap priye grandè ou ak tout kè nou, menm jan
jodi a Sèl Pitit ou a prezante nan Tanp ou a avèk [nannan] [ekzistans] chè nou
an, konsa tou fè nou prezante devan ou avèk kè nou pwòp. Pa pouvwa Jezikri.
PWOPOZISYON: Montre ou se limyè ki sòti nan Kris la, nan fason ou
akeyi lòt yo, nan fason ou renmen yo epi sèvi yo.
No hay comentarios:
Publicar un comentario