Koulè Vèt
BLÈZ
KI SEN, Evèk e Mati (pa obligatwa)
PREMYE MOSO
LABIB
« An nou
sove kò nou devan fas Absalon. Kite Semeyi pou l’ bay madichon, daprè lòd
Granmèt la ».
NAN DEZYÈM LIV SAMYÈL
15, 13-14. 30 ; 16, 5-13a
Jou sa yo :
Yon mesaje vin kot David, li di : « Tout Izrayèl
ap suiv Absalon ak tout kè yo ». David di sèvitè l’ yo ki te avèk li Jerizalèm :
« Leve, an nou sove kò nou ; nou p’ap chape devan Absalon. Fè vit, sòti,
pou l’ pa gen tan vin mèt men sou nou, pou l’ pa fè dezas tonbe sou nou, pou l’
pa frape vil la ak epe ».
David menm t’ap monte sou pwent tèt mòn Olivye yo, li t’ap
redi, li t’ap kriye, li te pye atè, li t’ap mache, san anyen sou tèt li ;
ni tout pèp la, ki te avèk li a, li t’ap monte san anyen sou tèt li, li t’ap
kriye.
Wa David rive jous Baourim, gen yon mesye ki sòti la, nan
ras kay Sayil, yo te rele l’ Semeyi, pitit Gera ; li t’ap mache, toutotan
l’ap mache, l’ap bay madichon, li t’ap voye wòch kont David ak kont tout sèvitè
wa yo. Tout pèp la menm ak tout sòlda yo adwat epi agòch wa a t’ap mache.
Men kijan Semeyi t’ap pale pandan li t’ap bay wa a
madichon an : « Sòti, sòti, kriminèl, pitit Belyal ; Granmèt la
renmèt ou tout san kay Sayil la, sèke ou te pran peyi-wa a nan plas li. Granmèt
la renmèt peyi-wa a men Absalon pitit ou a ; koulye a, malè ou yo ap kraze
ou, paske se kriminèl ou ye ».
Abisayi pitit Sarvi, di wa a: «Pouki chyen mouri sa a ap
madichonnen mèt mwen ki wa a? M’aprale, m’ap koupe tèt li».
Wa a di: «Ki sa k’ genyen ant mwen menm ak nou menm,
pitit Savi? Kite l’ pou l’ bay madichon; Granmèt la kòmande l’ pou l’ madichonnen
David; kilès ki gen lodas di pouki l’ap aji konsa a? «Wa a di Abisayi ak tout
sèvitè l’ yo: “Men pwòp pitit mwen, ki sòti nan zantray mwen, l’ap chèche touye
m’; nou pa bezwen mande koulye a atò pou pitit Jemini an. Kite l’ pou l’
bay madichon daprè lòd Granmèt la. Si petèt Granmèt la te kapab konsidere tray
men, pou Granmèt la renmèt mwen byen nan plas madichon sa a jodi a ».
Konsa David te kontinye ap mache, ni moun ki te avèk li
yo sou wout la.
Pawòl Granmèt la.
R/ Mèsi Bondye, mèsi.
SÒM REPONS 3,
2-3. 4-5. 6-7
R/ Leve, Granmèt, sove m’.
Granmèt, se pa ti kras anpil yo anpil, sa yo k’ap fè m’
pase tray la, yo anpil ki leve kont mwen, yo anpil k’ap di nam mwen : «Pa gen sove pou
li nan Bondye».R.
Ou menm, Granmèt, ou sèvi m’ pwoteksyon, glwa mwen, ou menm
k’ap leve tèt mwen. Vwa m’ rele kot Granmèt la, li koute m’antan l’ sou mòn li
ki sen an.R.
Mwen menm mwen dòmi, mwen nan pwofon somèy, mwen leve,
paske Granmèt la resevwa m’. Mwen pa pè mil pèp k’ap antoure m’.
Leve, Granmèt, sove m’, Bondye mwen.R.
LEVANJIL
« Pati, espri
papwòp, sot nan mesye a »
MEN BÒN NOUVÈL JEZIKRI A DAPRÈ MAK 5, 1-20
Lè sa a :
Jezi rive avèk disip li yo lòt bò lanmè a nan rejyon Gerazenyen
yo. Kon l’ sot nan batiman an, menm lè a gen yon mesye ki kouri sot nan kavo
yo, li te gen yon espri papwòp, se nan kavo yo li te rete, menm ak chenn pèsòn
pa t’ kapab reyisi mare l’ ; paske anpil fwa, yo te mare l’ak wonn fè ak
chenn, li te kase chenn yo, li te kraze wonn fè yo, pèsòn pa t’ kapab donte l’.
Tout tan lajounen ak nannuit, li te ret nan kavo yo ak nan mòn yo li t’ap rele
byen fò, li t’ap blese kò l’ak wòch.
Lè l’ wè Jezi depi byen lwen, li kouri, li adore l’. Li rele
byen fò, li di: «Ki sa k’ genyen ant mwen minm ak ou minm, Jézu, Pitit Bondié
ki anro nèt la? Mouin sipliyé-ou pa pouvoua Bondye, pa fè m’ pase mati ».
Sèke li t’ap di
l’: «Pati, espri papwòp, sot nan mesye a». Li t’ap poze l’ kesyon: «Ki non ou?»
Li di l’: «Se lejyon yo rele m’, paske se anpil nou ye». Li t’ap priye
l’anpil pou l’ pa chase l’ sot nan rejyon an.
Nan kote sa a, sou mòn nan, te gen yon bann kochon, yo te
anpil, yo t’ap manje. Espri yo sipliye l’, yo di : «Voye nou nan kochon
yo, pou nou antre nan yo». Menm lè a Jezi ba yo pèmisyon. Espri papwòp yo sòti,
yo antre nan kochon yo, ak yon gran fòs bann nan plonje nan lanmè a, yo te anviwon
de mil konsa, yo toufe nan lanmè a.
Moun yo ki t’ap gadiyen yo, yo kouri, y’al pot nouvèl nan
vil la ak nan jaden yo. Moun yo sòti, pou yo wè ki sa k’ te rive. Yo vin kot Jezi,
yo wè mesye a demon an te konn ap maltrete a, li te chita, abiye, ak espri l’
kòrèk, yo sezi. Moun yo ki te wè a, yo rakonte yo sa k’ te rive mesye a ki te gen
demon an, epi kesyon kochon yo. Yo kòmanse mande l’ pou l’ pati sot nan teritwa
yo.
Pandan l’ap monte nan batiman an, mesye a demon an te
konn ap maltrete a priye l’, pou l’akonpaye l’. Li pa aksepte l’, men li di
l’ : «Al lakay ou kot moun ou yo, anonse yo tout sa Granmèt la fè pou ou,
kijan l’ gen pitye pou ou». Li pati, li kòmanse preche nan Dekapòl la tout sa Jezi
te fè ; tout moun te sezi.
An nou fè lwanj ak konpliman
pou pawòl Bondye a.
R/ Lwanj
pou ou, Granmèt.
REFLEKSYON :
Frѐ
ak sѐ
m’ yo, yon lὸt fwa ankὸ,
nou rankontre nan menm ti randevou nou an pou nou kapab reflechi ansanm sou pawὸl
lavi a ki se bousὸl k’ap dirije nou epi nouriti pou nanm
nou.
Nan premye moso labib la, nou wè kòman wa David te
tonbe anba anpil tѐt chaje paske li pa t’ rete fidѐl
ak misyon Bondye te konfye l’ la. Se konsa Absalon te tou
pwofite pou l’
etabli rèy li nan mitan pѐp la epi anpil nan yo te deside swiv li.
David te oblije mete deyὸ ansanm ak patizan li yo pou Absalon pa t’
met men sou li. Pandan yo sou wout la, genyen ki t’ap bay David madichon, men
David te pran konsyans e li te toujou kenbe konfyans nan Bondye, se sa k’ fѐ lѐ
patizan l’ yo te vle frape moun ki t’ap bal madichon yo, li te di kite yo
madichonnen l’, petѐt se Granmѐt la ki vle l’ konsa, pou
l’ te kapab repare mal li te fѐ yo. Nou
menm jodi a, lѐ Bondye konfye nou yon misyon se pou nou mache daprè lwa Bondye
pou malѐ pa fonn sou nou. Lὸt ekzanp nou jwenn ankὸ, menm lѐ nou wѐ malѐ ta
tonbe sou nou nan kèlkeswa sikonstans, nou dwe toujou espere nan Granmѐt la, li
menm ki ka fѐ malediksyon tounen benediksyon pou nou.
Nou konnen majorite sòm yo, se David ki ekri yo, se sa k’
fѐ nan sòm 3 yo pwopoze nou jodi a nou kapab wѐ kòman David ap mande Granmѐt la
sove l’, pwoteje l’anba men moun k’ap pѐsekite l’ yo.
Pi devan, nan Levanjil la, nou wѐ kὸman Jezi libere yon
nѐg ki te gen yon pakѐt lespri move sou li, ki t’ap toumante l’e menm chenn ak
fѐ pa t’ kapab mare l’. Jezi te voye move lespri sa yo nan yon bann kochon e mѐt
kochon sa yo t’ap bay nѐg la pwoblèm antan yo t’ap mande l’ kite zὸn
nan paske yo te bay kochon yo plis enpὸtans pase lavi nѐg la ki te mare anba
men dyab la. Se
sa k’ fѐ li te pѐ, li te mande Jezi pou
l’ monte nan bato a avѐ l’ men Jezi te mande l’ pou l’al fѐ fanmi l’ yo wѐ li. Se
konsa nѐg la mache gaye Bὸn nouvѐl la nan tout zὸn kote l’ te pase, li t’ap fѐ
konnen sa Bondye fѐ pou li. Jezi bay lavi anpil enpὸtans, se pou sa li pase
tout lavi li ap geri moun, ap leve moun mouri. An nou pran ekzanp sou Jezi pou
nou kapab bay lavi moun enpὸtans olye pou n’ap chèche detwi lavi yon frѐ nou. Nou
dwe pran ekzanp tou sou nѐg ki te jwenn gerizon an, pou lѐ Bondye fin fѐ yon
mѐvѐy nan lavi nou, pou nou pa chita men pou nou mache fѐ lὸt moun konnen
grandѐ li.
LAPRIYÈ : Bondye Papa, fѐ m’ rete fidѐl ak misyon ke
ou konfye m’ e si yon jou m’ ta rive enfidѐl avѐ w’, toujou fѐ m’ gen
konviksyon ke ou p’ap janm lage m’ nan mitan tanpѐt lavi a. Amѐn.
PWOPOZISYON :
Bay lavi anpil enpὸtans menm jan ak Jezi epi respekte lavi.
No hay comentarios:
Publicar un comentario