Páginas

DIMANCH 5-8-2018

DIZUITYÈM DIMANCH ÒDINÈ, ANE B.
Koulè vèt
PREMYE LEKTI
"M'ap fè lapli pen tonbe sot nan syèl la pou nou".
LEKTI LIV EKZÒD 16, 2-4. 12-15
Jou sa yo:
Tout foul pitit Izrayèl yo pran babye kont Moyiz ak Aawon nan savann nan; pitit Izrayèl yo di yo: "Pito nou te mouri nan men Granmèt la nan tè Lejip la, lè nou te chita devan mamit vyann yo, lè nou t’ap manje pen kont kò nou an! Pouki sa nou te fè nou sòti pou nou mennen nou nan savann sa a, pou nou touye tout foul la avèk grangou?"
Granmèt la di Moyiz: "Men m’ap fè lapli pen tonbe pou nou sot nan syèl la: pèp la ap sòti, l’ap ranmase sa yo bezwen pou chak jou. Konsa m’a eseye l’, pou m’ wè si l’ap mache nan lalwa m’ nan ou non.
Mwen tande pitit Izrayèl yo k’ap babye; pale ak yo, di yo: "Aswè a n’ap manje vyann, nan maten n’ap jwenn pen kont kò nou, n’ap konnen se mwen menm Granmèt la Bondye nou an".
Nan aswè vre, gen ti pentad ki vole, ki kouvri kote yo te poze joupa yo a; nan maten tou te gen yon kouch lawouze ki kouvri tout alantou kote yo poze joupa yo a. Lè l’ evapore sot sou fas tè a gen yon ti po tou mens ki parèt, yon bagay ki tou fen tankou lanèj sou tè a. Lè pitit Izrayèl yo wè sa, youn di lòt: "Ma-nou?", sa vle di: "Sa sa a ye?"
Yo pa t’ konnen sa l’ te ye. Moyiz di yo: "Sa a se pen, Granmèt la ba nou pou nou manje".
Pawòl Granmèt la.
SÒM REPONS 77, 3 e 4bc. 23-24. 25 e 54 (r.: 24b)
R/ Granmèt la ba yo pen syèl la.
Se pa ti kras bagay nou tande, nou konnen, epi zansèt nou yo rakonte nou,
N’ap rakonte l’ bay jenerasyon k’ap vini an, lwanj Granmèt la ak pouvwa l’ yo.R.
Reyèlman vre li pase nyaj anwo yo lòd, li louvri pòt syèl yo;
Li fè lapli lamán tonbe pou yo pou yo manje, li ba yo pen syèl la.R.
Moun nan manje pen mesaje Bondye yo, li voye manje pou yo an kantite.
Li kondui yo jous nan peyi l’ ki sen an, sou mòn nan men dwat li te pran an.R.
DEZYÈM LEKTI
"Abiye nou ak moun nouvo a, ki kreye selon Bondye a".
LEKTI LÈT APOT PÒL KI SEN POU MOUN EFÈZ YO 4, 17. 20-24
Frè m’ yo:
Mwen di nou, mwen sètifye nou sa nan Granmèt la, pou nou pa mache ankò tankou moun yo ap mache nan bagay ki pa sèvi anyen pou lespri yo.
Nou menm se pa konsa nou te aprann Kris la, si omwen nou te tande l’epi nou te resevwa lansèyman nan li, daprè verite ki nan Jezi a. Se pou nou kite moun ansyen an ki t’ap aji daprè konduit lontan an, moun ansyen sa a gate antan l’ap suiv anvi k’ap twonpe moun. Men se pou nou vin tou nèf nan jan lespri nou jije tout bagay, se pou nou abiye nou ak moun nouvo a, ki kreye selon Bondye nan jistis ak verite ki sen an.
Pawòl Granmèt la.
LEVANJIL
"Moun ki vin jwenn mwen p’ap grangou, moun ki kwè nan mwen p’ap swaf'.
LEKTI LEVANJIL KI SEN AN DAPRÈ SEN JAN 6, 24-35
Lè sa a:
Lè foul la wè Jezi pa t’ la ni disip li yo, yo monte nan kannòt yo, yo rive Kafanawòm, y’ap chèche Jezi; lè yo jwenn li lòt bò lanmè a, yo di l’: "Rabi, ki lè ou rive isit la?"
Jezi reponn yo, li di: "An verite, an verite mwen di nou, n’ap chèche m’, se pa paske nou te wè mirak, men paske nou te manje pen, epi vant nou te plen. Se pa pou nou travay pou manje k’ap disparèt la, men se pou nou travay pou manje k’ap dire pou lavi tout tan an, sa Pitit moun nan ap ba nou an; li menm Bondye Papa a make ak so l’ la".
Yo di l’: "Ki sa pou nou fè pou nou travay travay Bondye yo?"
Jezi reponn, li di yo: "Men travay Bondye a, se pou nou kwè nan sila Bondye voye a".
Yo di l’: "Ki siy ou fè, pou nou wè, pou nou kwè nan ou? Ki sa ou fè? Zansèt nou yo te manje lamán nan savann nan, jan sa ekri a: 'Li ba yo pen sot nan syèl la pou yo manje' ".
Jezi di yo: "An verite, an verite mwen di nou, se pa Moyiz ki te ba nou pen sot nan syèl la, men se Papa m’ ki ba nou pen ki sot nan syèl la, vrè pen an. Pen Bondye a se sila a ki desann sot nan syèl la epi ki bay tè a lavi a".
Yo di l’: "Granmèt, toujou ba nou pen sa a".
Jezi di yo: "Mwen, mwen se pen lavi a; moun ki vin jwenn mwen p’ap grangou, moun ki kwè nan mwen p’ap janm swaf.
An nou fè lwanj ak konpliman pou pawòl Bondye a.
REFLEKSYON:Lè pèp Izrayèl la te nan esklavaj nan peyi Lejip, Granmèt la te ede yo jwenn libetè a. Men pandan yo t’ap travese dezè a pou ale nan tè Bondye te pwomèt la, pami yo gen moun ki te sonje jan yo te konn manje byen nan peyi Lejip. Moun Ejip yo te pete fyèl moun Izrayèl yo nan travay fòse, se vre. Yo te meprize yo tou. Yo te menm fè zak vyolans kont yo. Men, omwen yo te konn manje.
Se konsa moun yo t’ ap pale, pandan yo te nan wout lavi miyò a. Te gen nan yo ki te pito viv tankou esklav, nan lonbray sosyete a, olye pou yo te pase kèk jou nan yon wout ki te difisil, malgre se wout sa a ki te ka mennen yo nan libète a.
Lè Granmèt la wè sa, li pa dakò pou yo retounen nan esklavaj la. Li vle pou tout moun viv ak lonè, respè. Se sa k’ fè li te fè yo jwenn pen pou yo manje, chak maten, pandan yo t’ap mache nan wout libète a.  Bondye pa t’ lage yo, li ankouraje yo pou yo mache jis nan peyi li te resevè pou yo a.
E nou menm, pèp Ayisyen an?  Sa fè anpil tan depi n’ap mache nan yon wout libète ak demokrasi.  Gen de fwa nou dekouraje. Gen nan nou, se kritike yo plede kritike.  Men fò n’ ta mande moun sa yo, kisa yo pwopoze?  Èske se chita nan mitan wout la?  Oubyen, èske se avanse, malgre obstak yo?
Depi nou dakò pou nou fè yon jefò, avanse nan chemen mete jistis ak lapè nan sosyete a, nou mèt konte sou Bondye. Depi nou mete konfyans nou nan li, l’ap mache ansanm avèk nou, l’ap ba nou tout sa nou bezwen.
Paske Bondye Granmèt la vle wè tout pitit li yo viv byen ansanm.  Li vle pou malere yo jwenn yon lavi miyò.  Li vle pou chak grenn kretyen vivan kapab mache nan lari san l’ pa bezwen wont, san l’ pa bezwen pè anyen.  Li pa p lage nou.
LAPRIYE: Granmèt, pafwa nou dekouraje, men nou konnen nou ka konte sou ou.
Tanpri, ba nou fòs pou nou kontinye bati peyi kote se ou menm k’ap komande a! Amèn.
PWOPOZISYON: Olye m’ kritike, kisa mwen menm m’ kapab fè pou peyi a chanje?

No hay comentarios:

Publicar un comentario