PREMYE LEKTI
«Rad li te blan tankou nèj»
LEKTI LIV PWOFÈT DANYÈL 7, 9-10. 13-14
Mwen t’ap gade,
joustan yo poze twòn yo; Ansyen nan jou yo vin chita. Rad li te blan tankou
nèj, cheve tèt li te tankou lenn ki byen pwòp; twòn li a se flanm dife, wou l’
yo se dife ki limen.Yon rivyè dife ap koule byen vit sot devan fas li; pakèt
mil fwa konbyen mil pèsonaj t’ap sèvi l’, di mil fwa konbyen san mil te kanpe
devan l’. Jijman an enstale, liv yo louvri.
Mwen t’ap gade
nan vizyon lannuit; sou nyaj syèl la se tankou yon pitit moun ki t’ap vini, li
rive jous devan Ansyen nan jou yo.Yo mennen l’ devan l’, yo ba l’ pouvwa,
konsiderasyon ak peyi wa; tout pèp, ras, lang ap sèvi l’. Pouvwa l’ se pouvwa
tout tan, ki p’ap disparèt; peyi wa l’ p’ap detwi.
Pawòl Granmèt la.
SÒM REPONS 96, 1-2. 5-6.9
R/ Granmèt la wa, li anwo nèt anlè tout tè a.
Granmèt la wa,
tè a danse, pakèt zile yo kontan.
Nyaj yo ak
bwouya antoure l’, jistis ak jijman se platfòm fotèy li.R.
Mòn yo fonn
tankou lasi devan fas Granmèt la, devan fas Granmèt la tout tè a blayi.
Syèl yo anonse
jistis li, tout pèp yo wè glwa li.R.
Paske ou menm
Granmèt, ou anwo nèt anlè tout tè a, ou anlè byen wo, anlè tout dye yo.R.
DEZYÈM LEKTI
«Vwa sa a, nou te tande l’ sot nan syèl la»
LEKTI DEZYÈM LÈT APOT PYÈ KI SEN 1, 16-19
Nou menm mwen
si tèlman renmen an:
Se pa istwa
moun envante nan tèt yo nou t’ap suiv, lè nou te fè nou konnen pouvwa ak
prezans Granmèt nou Jezikri, men se ak pwòp je nou nou te wè grandè l’.
Li te resevwa
konsiderasyon ak glwa nan men Bondye Papa a, lè vwa a sot nan grandè glwa
Bondye Papa a, desann sou li: «Sa a se
Pitit mwen an, sa m’ renmen an; nan li mwen jwenn plezi m’; koute l’». Vwa sa a nou te tande l’ sot nan syèl la, lè nou te avèk li sou mòn ki sen
an.
Nou gen pawòl
pwofèt yo ki solid; nou gen rezon ret ap gade l’ tankou yon lanp k’ap klere nan
yon kote ki fè nwa, joustan lajounen an parèt, pou zetwal granmaten an monte
nan kè nou.
Pawòl Granmèt la.
LEVANJIL
«Fas li klere
tankou solèy»
MEN BÒN NOUVÈL JEZIKRI A DAPRÈ MATYE KI SEN 17,
1-9
Lè sa a:
Jezi pran
Pyè, Jak ak Jan, frè l’ la, li mennen yo sou yon mòn ki wo anpil, yon kote apa;
li chanje figi devan yo. Fas li vin klere tankou solèy, rad li vin blan tankou
nèj.
Gen Moyiz ak
Eli ki vin parèt devan l’ k’ap pale avèk li.
Pyè pran
lapawòl, li di Jezi: «Granmèt, sa bon pou nou ret isit la: si ou vle, an nou fè
twa tant isit la, youn pou ou, youn pou Moyiz ak youn pou Eli».
Pandan li
t’ap pale toujou, yon nyaj klere vin kouvri yo. Yon vwa sot nan nyaj la, li di:
«Sa a se Pitit mwen an mwen renmen an, nan li mwen jwenn bon plezi m’: koute
l’».
Disip yo ki
tande sa, yo tonbe sou fas yo, yo sezi anpil.
Jezi pwoche, li
touche yo, li di yo: «Leve, pa pè». Yo leve je yo, yo pa wè pèsòn, sof Jezi
sèl.
Pandan y’ap
desann sot sou mòn nan, Jezi pase yo lòd, li di: «Pa di pèsòn vizyon an,
joustan Pitit moun nan resisite sot nan pami mò yo».
An nou
fè lwanj ak konpliman pou pawòl Bondye a.
REFLEKSYON: Jodi a nan Legliz la, n’ap fete Transfigirasyon, sa vle di n’ap sonje avèk kè
kontan moman kote vizaj Jezi te chanje devan kèk nan disip li yo. Pasaj nou li
nan labib la yo deja pèmèt nou gen yon lide sou gwo fѐt sa a. Se yon fѐt kote Bondye
Papa a montre ke Pitit li, Jezi, se Bondye nan tout laglwa li. Nan yon ti
moman, twa disip Jezi: Pyѐ, Jak ak Jan
goute pou kont yo kὸman sa ye nan syѐl la epi kontanple laglwa Bondye nan tout bѐlte li.
Avѐk
Jezi, te gen prezans Moyiz ki reprezante Lalwa ak Eli 2ki reprezante pwofѐt
yo. N’ap raple nou ke Moyiz ak Eli te mouri deja men yo vini pou yo kapab
temwaye ke tout sa ki te ekri nan Ansyen Testaman an, nan lalwa a ak sou pwofѐt
yo, tout vin akonpli nan Jezi.
Nou
remake ke prezans Moyiz ak Eli pa ase, Bondye Papa konfime l’ li menm avèk pwὸp
pawὸl pa l’ lѐ li di: «Sa a
se pitit mwen renmen an, nan li mwen jwenn plezi m’, koute li.» Twa mesye sa a
yo te toujou akonpaye Jezi nan anpil moman ansѐyman
ak mirak li yo.
Aprè
bѐl eksperyans sa a sou tèt mὸn
nan, se yo menm ankὸ ki pral akonpanye l’ nan moman agoni l’ nan
jaden Jetsemani an. Donk se pa t’ san rezon, paske chak mesye sa a yo te pral
tounen yon baz solid nan Legliz la. Pyѐ, se li menm ki
tounen wὸch ki bati Legliz la, Jak ta pral vin tounen
reponsab premye Legliz nan Jerizalѐm epi Jan, ki se
disip Jezi te pi renmen an, te pral vin tounen otѐ liv
ki pi pwofon, pi enpὸtan nan Nouvo Testaman an ki se Levanjil selon Sen
Jan an.
Aprè
yo fin viv bѐl moman sa a, mesye yo ta pral asiste ak yon moman
ki tris anpil, ki se pasyon ak lanmὸ Jezi; men
jamѐ yo p’ap janm bliye jou maten sa a, sou mὸn
nan kote Bondye te leve rido ki separe syѐl
la ak tѐ a, epi li te ba yo privilѐj
pou yo te kontanple vizyon sa a pou yo te deja genyen yon ide de sa ki rezѐve
nan lavi ki p’ap janm fini an pou tout moun ki gen kѐ yo
pwὸp.
Nou menm tou, menm jan ak Pyѐ, Jak ak Jan, Jezi rele nou chak pou nou
akonpnye l’, pou nou kapab goute depi sou tѐ a ki gou, ki kѐ kontan ki genyen
nan lavi ki p’ap janm fini an. Si
nou deside mache avѐ l’, non sѐlman n’ap goute l’ sou tѐ a men n’a rive
patisipe tout bon vre, nan dѐnye jou a, nan bѐl fѐt kѐ kontan sa a.
LAPRIYÈ:
Menm jan ak Pyѐ, Jak ak Jan, ki deja ap kontanple fas ou ki klere tankou solѐy
la epi rad ou ki vin blan tankou limyѐ a, tanpri fè m’ akonpaye w’ pou m’ ka
goute nan bèlte w’. Amѐn.
PWOPOZISYON: Si
m’ chanje mòd panse ak mòd aji mwen, mwen ka ede yon gwo chanjman fèt nan
sosyete a.
No hay comentarios:
Publicar un comentario