Koulè
Vèt
PREMYE LEKTI
«Se poutèt anpil
peche ou yo mwen aji konsa avèk ou. M’ap fè joupa Jakòb yo tounen»
LEKTI LIV PWOFÈT JEREMI 30, 1-2. 12-15. 18-22.
Men pawòl
Granmèt la ki rive sou Jeremi, li di: «Men pawòl Granmèt Bondye Izrayèl la, li
di: «Tout pawòl sa yo mwen pale avèk ou a, ekri yo nan yon liv».
Men sa Granmèt
la di: «Kote ou blese a, li pa kapab geri, kote ou malad la, li grav anpil;
pèsonn pa plede kòz ou pou l’ panse ou, sa pa sèvi anyen pou yo ba ou swen.
Tout zanmi ou yo bliye ou, yo p’ap chèche ou; chatiman lènmi an frape ou ak yon
pinisyon ki rèd: poutèt pakèt fot ou, peche ou yo rèd. Sa ou bezwen rele sou soufrans ou a? Soufrans ou a pa gen gerizon. Se
poutèt pakèt fot ou yo ak poutèt move peche ou yo, mwen aji konsa avèk ou».
Men pawòl
Granmèt la: «Men m’ap fè prizonye joupa Jakòb yo tounen, m’ap pran pitye pou
kay li yo, m’ap bati vil sou tèt li, m’ap drese kay sakre a nan plas li.Y’ap fè
lwanj ak vwa mizisyen k’ap sot ladan l’. M’ap fè yo vin anpil, yo p’ap diminye;
m’ap fè yo jwenn bèlte, yo p’ap rabese. Pitit li yo ap vin tankou nan
kòmansman, fanmiy li a ap dire devan m’, m’ap vizite tout moun k’ap fè l’ pase
mizè. Chèf li ap sòti nan li, pitit wa ap fèt nan mitan l’; m’ap fè levasyon l’,
l’ap pwoche kote m’. Kilès ki leve kè l’ pou l’ pwoche kote m’?» Deklarasyon
Granmèt la.
«N’ap pèp
mwen, mwen menm m’ap Bondye nou».
Pawòl Granmèt la.
SÒM REPONS 101, 16-18. 19-21. 29 e 22-23
R/ Granmèt la bati Siyon, li parèt nan bèlte l’.
Nasyon yo ap
respekte non ou, Granmèt, tout wa yo sou tè a ap respekte bèlte w’ la;
paske Granmèt la
ap bati Siyon, l’ap parèt nan bèlte l’.
L’ap voye je sou
lapriyè pòv la, li p’ap meprize lapriyè yo a.R.
Se pou yo ekri
bagay sa yo pou lòt jenerasyon an pèp k’ap kreye a, l’ap fè lwanj Granmèt la.
Sèke li panche
sot nan kay sakre l’ la anwo a, Granmèt la gade sou tè a, antan l’ nan syèl la;
pou l’ koute rèl
prizonye yo, pou l’ delivre pitit lanmò yo.R.
Pitit sèvitè ou
yo ap abite, ras yo ap asire devan fas ou, pou yo anonse non Granmèt la nan
Siyon, avèk lwanj li nan Jerizalèm;
lè pèp yo ap
rasanble pou yo fè yon sèl, avèk rèy yo, pou yo sèvi Granmèt la.R.
LEVAN JIL
«Pase m’ lòd pou m’ vin jwenn ou sou dlo yo»
MEN BÒN NOUVÈL JEZIKRI A DAPRÈ MATYE KI SEN 14,
22-36
Lè foul la fin
manje kont li, menm lè a Jezi fòse disip yo pou yo monte nan batiman an pou yo
pran devan l’ lòt bò lanmè, joustan li fin ranvwaye foul yo. Lè l’ fin ranvwaye
foul la, li monte sou mòn nan pou l’ lapriyè pou kont li. Lè aswè rive, li te
pou kont li la a. Batiman an menm te nan mitan lanmè, lanm yo t’ap souke l’:
sèke van yo t’ap vin nan sans kontrè.
Vè twazè nannuit
Jezi vin kote yo, antan l’ap mache anwo lanmè a. disip yo wè l’ap mache sou
lanmè a, yo twouble; yo di: «Se yon zonbi», yo pran rele poutèt yo pè.
Tou suit Jezi
pale avèk yo, li di: «Pran tèt nou, se
mwen menm, pa pè». Pyè menm reponn, li di: «Granmèt, si se ou menm, pase m’ lòd pou m’ vin jwenn ou sou dlo yo».
Jezi di l’:«Vini».
Pyè desann
sot nan batiman an, li mache sou dlo a, pou l’al jwenn Jezi. Men lè l’ wè kijan
van an fò, li pè; li kòmanse fonse, li rele, li di: «Granmèt, sove m’».
Menm lè a
Jezi lonje men l’, li kenbe l’, li di l’: «Lafwa
ou piti, pouki sa ou fè dout?»
Lè yo monte nan
batimán an, van an sispann. Moun yo ki te nan batiman an, yo pwoche, yo adore
l’, yo di: «An verite, ou se Pitit Bondye».
Yo travèse lòt
bò lanmè a, yo rive nan peyi Jeneza. Moun peyi a rekonèt li; yo voye avèti tout
rejyon an, yo mennen tout malad yo ba li; yo lapriyè l’ pou l’ kite yo touche
omwen fil rad li.
Tout moun ki
te touche l’, yo te sove.
An nou
fè lwanj ak konpliman pou pawòl Bondye a.
REFLEKSYON: Jezi ki monte sou tèt mòn nan pou li priye. Sa fè nou konprann lapriyè
se yon bagay ki enpòtan nan lavi nou, paske se sèl mwayen pou nou antre an
kominikasyon ak Bondye epi se gras a li nou jwenn fòs pou nou kapab viv konba
lavi a. Èske nou toujou genyen bòn abitid sa a? Si nou genyen li an nou kontinye
apwofondi li. Anpil fwa nou ka di nou pa gen tan, li ka sanble sa vre, men nou
dwe sonje tan an se Bondye ki ba nou li, sante nou genyen an se kado Bondye;
konsa li bon pou nou pran yon ti tan pou nou di Bondye mèsi.
Si ou pa gen sante ki
sa ou ka fè? Mwen kwè ou pa ka fè anyen, se yon kote w’ap rete chita. Kidonk an nou pa tann lè nou nan kalamite pou nou ap rele chèche Bondye.
Pyè mande pou li al
jwenn Jezi men li doute; akoz doutans li li pral koule. Eksperyans Pyè a se yon
ekzanp pou montre frajilite nou kòm moun. Nou fèb epi a nenpòt moman nou ka
doute. Menm jan Jezi pa t’ kite Pyè koule nou ka rete kwè li p’ap kite nou
koule. Menm jan Pyè te rele sove li, konsa depi nou rele Bondye l’ap sove nou.
Yon twazyèm bagay,
n'ap mansyone se lè Jezi rive a kòman anpil moun anvayi li epi tout moun ki te
touche li te geri. Non sèlman paske yo te
rive touche li, men se paske yo te kwè nan Li. Nou ka wè la ki pouvwa Sovè nou
an. Konsa depi nou kwè nan li nou ka rive geri tou.
LAPRIYÈ: Granmèt, fè mwen gen yon lafwa ki pi solid pou m’ pa koule, tanpri
souple vin pote mwen sekou. Amèn.
PWOPOZISYON: Pandan jounen sa a,
m’ap pran yon ti tan pou m’ di Bondye mèsi paske li pa janm kite mwen peri.
No hay comentarios:
Publicar un comentario