Páginas

MЀKREDI 8-8-2018


Koulè Vèt
PREMYE LEKTI
“Mwen renmen ou ak yon renmen k’ap dire toutan”.
NAN LIV PWOFÈT JEREMI 31, 1-7
“Lè sa a, deklarasyon Granmèt la, m’ap Bondye tout fanmi Izrayèl yo, yo menm y’ap pèp mwen”. Men pawòl Granmèt la :
“Pèp la ki chape anba epe a, li jwenn favè nan dezè a; Izrayèl ap mache al nan repo 1’. Depi byen lwen Granmèt la parèt devan m’, li di pou pèp la: Mwen renmen ou ak yon renmen k’ap dire toutan; se pousa m’ap redi ou avèk kè sansib. M’ap bati ou ankò, w’ap rebati, vyèj Izrayèl: w’ap vin bèl ak tanbou ou yo, w’ap sòti nan gwoup k’ap danse yo. W’ap plante jaden rezen ankò sou mòn Samari yo; moun ki konn plante yo ap plante; joustan epòk la rive, yo p’ap keyi rezen. Gen jou k’ap rive kote santinèl yo ap rele sou mòn Efrayim nan: ‘‘Leve, an nou monte Siyon, kot Granmèt Bondye nou an ”. Paske men pawòl Granmèt la :
“Danse ak kè kontan, Jakòb, rele kont tèt nasyon yo; sonnen twonpèt, chante, di : ‘Sove pèp ou a Granmèt, rès Izrayèl la’ ”.
Pawòl Granmèt la.
SÒM Jer 31, 10. l l`12ab. 13
R/ Se pou Granmèt la veye sou nou tankou yon gadyen sou bann mouton 1’.
Koute pawòl Granmèt la, nasyon yo.
Anonse l’ nan zile yo ki lwen yo,
di : “Sila a ki te gaye Izrayèl la, 1’ap rasanble 1’,
L’ap pwoteje 1’, tankou yon gadyen fè pou bann mouton 1i ”. R
Sèke Granmèt la delivre Jakòb, li sove 1’ sot nan men sa ki pi fò a.
Y’ap vini, y’ap fè lwanj sou mòn Siyon,
Y’ap rasanble vin nan richès Granmèt yo.R.
Lè sa a vyèj la ap fete nan dans,
Ni jèn jan yo, ni granmoun yo tou;
M’ap fè dèy yo a vin tounen kè kontan,
M’ap konsole yo, m’ap fè kè yo kontan, nan plas soufrans yo a.R.
LEVANJIL
“Lafwa ou gran, madanm”.
MEN BÒN NOUVÈL JEZIKRI A DAPRÈ MATYE KI SEN 15, 21-28
  sa a :
Jezi pati, 1’ale nan rejyon Tir ak Sidon. Yon madanm Kanaan sòti nan rejyon sa yo, li rele byen fò, li di 1’:
“Pitye pou mwen, Granmèt, pitit David, pitit fi m’ nan gen yon demon k’ap maltrete 1’ anpil”. Li pa reponn li yon mo.
Patizan 1’ yo pwoche kote 1’, yo lapriyè  1’, yo di : “Ranvwaye 1’ paske 1’ap rele aprè nou”.
Li menm, li reponn, li di :
“Yo voye m’ sèlman kot mouton k’ap peri yo, nan kay Izrayèl la”.
Li menm li rive, li adore 1’, li di : “Granmèt, ede m’”.
Li reponn, li di : “Sa pa bon pou pran pen timoun yo, pou jete 1’ bay chyen”.
Li menm li di : “Wi, Granmèt; men ti chyen yo manje nan ti kal pen ki tonbe sot sou tab mèt yo”. Lè  sa a atò Jezi reponn, li di : “Madanm, lafwa ou gran, se pou sa rive pou ou jan ou vle a”. Pitit fi 1’ la geri menm lè  sa a.
An nou fè lwanj ak konpliman pou pawòl Bondye a.
REFLEKSYON : «Madanm, lafwa ou gran».
Jodi a, anpil fwa nou tande moun di «pa gen lafwa ankò», e se moun k’ap mande batize pitit yo, moun k’ap mande katechis oubyen moun k’ap mande selebre maryaj pou yo ki di sa. Mòd fason pale sa a, se yon fason yo wè tout bagay negatif nan mond lan, kòm si tan ki pase yo te pi bon epi n’ap viv nan yon epòk kote moun pa ka di anyen ki nouvo oubyen fè anyen ki nouvo. Nou vle pale de jèn gason ak jèn fanm ki tris lè yo rann yo kont ke gen anpil chanjman ki fèt nan mond lan depi nan epòk paran yo t’ap viv yon lafwa ki petèt te pi popilè, epi li te difisil pou yo te adapte. Se yon eksperyans ki pa pote satisfaksyon.
Pasaj Levanjil jodi a atire atansyon nou sou yon madanm moun lavil Kana, ki mande gras pou pitit fi li, antan li rekonèt Jezi se Pitit David: «Pitye pou mwen, Granmèt, pitit David, pitit fi m’ nan gen yon demon k’ap maltrete 1’ anpil» (Mt 15,22). Mèt la sezi wè kalite lafwa madanm nan, e li di li: «Madanm, lafwa ou gran». Nan ka sa a Jezi pa ka pa fè kichòy pou  sila yo ki mande li aji pou yo. Li di madanm nan: «se pou sa rive pou ou jan ou vle a!» (Mt 15,28). Lagras Bondye manifeste nan reyalite lavi moun.
Lafwa a, se pa patrimwán yon ti gwoup moun, konsa tou, li pa popriye prive sila yo ki kwè yo bon nèt, sila yo ki gen yon etikèt sosyal oubyen relijye. Avan Legliz la aji, se Bondye ki aji, e Sentespri a deja aji nan kè sila yo ki pote mesaj Bondye a, an favè sila yo ki plis nan bezwen.
LAPRIYÈ: «Pitye pou mwen, Granmèt, pitit David, mwen gen anpil pwoblèm k’ap trakase lavi m’.
PWOPOZISYON : Si nou sèvi pwochen nou, nou sèvi Bondye san mank.

No hay comentarios:

Publicar un comentario