Páginas

LENDI 3-9-2018 (Sen Gregwa Le Gran)


Koulè Vèt
Sen Gregwa  Le Gran.
PREMYE LEKTI
“Mwen te anonse nou temwanynaj Jezikri yo kloure sou kwa”.
 NAN PREMYE LÈT PÒL EKRI MOUN KORENT YO 2,1-5
Mwen menm, lè m rive lakay nou, frè m’ yo, mwen pa vini ak gwo diskou oubyen ak bon konprann moun pou  m´ anonse nou temwanynaj Jezikri a. Reyèlman vre mwen pa t´ konsidere mwen te konn kichòy nan pami nou, sof Jezikri epi Jezikri ki kloure sou kwa a. Epi mwen menm se ak feblès ak kè sote ak anpil sezisman mwen te lakay nou; pawòl mwen ak prèch mwen, se pa t´ pawòl chache pran tèt nou ak bon konprann moun, men se lespri a ak pouvwa a mwen te montre, pou lafwa nou pa t´ chita sou bon konprann lezòm, men sou pouvwa Bondye.
SÒM 118, 97. 98. 99. 100. 101. 102 (r.: 97a)
R/Se pa ti kras renmen mwen renmen lalwa ou la Granmèt !
Se pa ti kras renmen mwen renmen lalwa ou la, Granmèt!
Tout lajounen m’ap kalkile sou li. R.
Kòmandman ou an fè m’ gen plis bon konprann pase lènmi m’ yo,

paske li pou mwen pou tout tan. R.

Mwen vin  pi entèlijan pase tout moun ki ban m lansèyman yo,

paske se temwanyaj ou yo map kalkile. R.

Mwen konprann pi byen pase granmoun yo,paske mwen kenbe kòmandman ou yo. R.

Mwen anpeche pye m’ al nan okenn move chemen, pou m’ kenbe pa ou yo. R.

Mwen pa vire do bay desizyon ou yo,

Paske se ou menm ki mete lalwa a pou mwen.R.

LEVANJIL
“Li voye m’ anonse Bòn Nouvèl la bay pòv yo. Yo pa resevwa okenn pwofèt byen nan peyi 1”.
MEN BÒN NOUVÈL JEZIKRI A DAPRÈ LIK  KI SEN 4, 16-30
Lè sa a :
Jezi rive Nazarèt, kote yo fè levasyon 1’ lan, li antre nan kay reyinyon an, jan 1’ konn а, yon jou saba, li leve pou 1’ li. Yo renmèt li liv pwofèt Izayi a.
Kon 1’ louvri liv la, li jwenn pasaj la, kote ki te ekri: “Lespri Granmèt la sou mwen; se pousa li sakre m’, li voye m´ anonse pòv yo bòn nouvèl la, geri sa kgen kè yo kraze yo, deklare delivrans bay prizonye yo, limyè bay avèg yo, ranvwaye sa y’ap kraze yo pou yo lib, anonse yon ane Granmèt la fè gras, yon jou li bay rekonpans”. Kon 1’ woule liv la, li renmèt li nan men sèvitè a, epi li chita. Je tout moun nan kay reyinyon an te fikse sou li.
Li menm li kòmanse di yo: “Se jodi a pawòl Labib sa a reyalize nan zòrèy nou yo".
Tout moun t’ap fè temwayaj sou li, yo te sezi pou pawòl yo ki t’ap sòti nan bouch li a, yo t’ap di : “Ѐske sila a se pa pitit Jozèf la ?
Li di yo “Sètènman n’ap di m’ parabòl sa a : ‘Doktè, geri pwòp tèt ou’: tout sa nou tande ki fèt nan Kafanawòm nan, fè l’isit la tou nan peyi ou la”.
Li di : “An verite mwen di nou: yo pa byen resevwa okenn pwofèt nan peyi 1’. Se laverite mwen di nou la a : te gen anpil vèv nan tan Eli nan Izrayèl, lè syèl la te fèmen pandan twa zan ak si mwa, lè te gen gwo grangou sou tout tè a; men yo pa t’ voye Eli bay okenn nan yo, sof nan Sarepta Sidon an kot madanm ki te vèv la. Epi tou te gen anpil moun ki te gen maladi lalèp nan Izrayèl sou tan pwofèt Elize, men pèsonn nan yo pa t’ geri, sof Naaman, Siryen an”.
Tout moun nan kay reyinyon an te plen ak kòlè, lè yo tande bagay sa yo. Yo leve, yo jete 1’ deyò lavil la, yo kondi 1’ jous sou yon pwent tèt mòn, kote lavil yo а te bati a, pou yo jete 1’ anba.
Li menm menm, li pase nan mitan yo, li pati.
An nou fè lwanj ak konpliman pou pawòl Granmèt la.
REFLEKSYON: Pèsonn pa kabab konprann sa: depi jodi a sa k’ te ekri a rive vre. Se mwen menm ki Sovè n’, kris la pwofèt yo te anonse nan tan lontan an. Men nou pa t’ aksepte m’, nou te vle wè mirak paske nou manke lafwa.
Jezi sot Galile li rive Nazarèt, l’ ap mache ak pèp la, li ale nan Tanp la, tout moun ap tann sa l’ paral di e sa l’ pral fè, paske yo tande li fè anpil mèvèy tout kote li te pase yo. Pandan y’ ap poze tèt yo kesyon, Jezi louvri liv la li di: Lespri Bondye a sou mwen li voye m’ anonse Bòn Nouvel la bay pòv yo…. Mesaj sa a fè nou konprann, li pa t’ vini pou l’ montre pouvwa li, li sèlman revele nou se Pitit Bondye nou ye ak diyite a ki ba nou yon filyasyon ekstrawòdinè. Nou lib pou n’ chwazi sa kris la pwopoze n’, nou lib pou n’ bati, pou n’ detwi. Chak jou Legliz la ede nou grandi nan lafwa, nan renmen ak libète le n’ koute pawòl Bondye. Sa a se gran defi pou moun ki vle swiv Jezikri nan tan n’ap viv la.
LAPRIYE: Granmèt, menm jan ou te voye Kris la pou libere tout moun ki t’ap soufri yo, voye bon lidè pou pran desizyon pou byen peyi Ayiti.
PWOPOZISYON: Jezi pa rele m’ suiv li sèlman, men li vle mwen kolabore ak li pou yon lavi miyò nan fanmi mwen, nan kominote mwen, nan peyi mwen.

No hay comentarios:

Publicar un comentario