Koulè Vèt
VENNDEZYÈM
DIMANCH ÒDINÈ, ANE-B
PREMYE LEKTI
"Pa ajoute nan pawòl mwen pale nou yo... Kenbe
kòmandman Granmèt la".
LEKTI LIV
DETEWONÒM NAN 4,1-2.6-8
Koulye a,
Izrayèl, koute kòmandman yo ak desizyon yo, sa m’aprann ou an, pou ou viv antan
ou obsève yo, pou ou posede tè a antan ou antre ladan l’, tè sa a Granmèt la
Bondye zansèt nou yo ap ba nou an. Nou p’ap ajoute nan pawòl la, sa m’ pale nou
an, ni nou p’ap wete ladan l’: kenbe kòmandman Granmèt la Bondye nou an,
kòmandman sa yo mwen pase nou lòd la. N’ap obsève yo, n’ap aji daprè yo.
Se sajès nou ak
entelijans nou devan pèp yo, konsa lè yo tande tout kòmandman sa yo, y’ap di:
"Men yon pèp ki gen sajès, ki entelijan, se yon gran nasyon". Pa gen
yon lòt nasyon ki si tèlman gran, ki gen dye yo ki tou pre l’, tankou Bondye
nou an prezan bò kot nou tout k’ap lapriyè l’. Èske gen yon lòt nasyon ki si
tèlman gran, ki gen seremoni yo ak desizyon kòrèk yo ak tout lalwa a, mwen
prezante jodi a devan je nou yo?
Pawòl Granmèt la.
SÒM REPONS 14, 2-3ab. 3cd-4ab. 5 (r.: la)
R/ Granmèt, ki moun k’ap abite nan joupa ou la?
Moun k’ap antre
san tach, k’ap fè sa k’ kòrèk;
K’ap pale verite
nan kè l’, ki p’ap fè manti ak lang li.R.
Li p’ap fè
pwochen l’ sa k’ mal, li p’ap fè pwochen l’ sibi lawont.
Li konsidere
mechan an pou anyen devan je l’, men li fè lwanj moun ki respekte Granmèt yo.R.
Moun ki p’ap bay
lajan l’ pou gwo enterè, ki p’ap aksepte kado sou do inosan.
Moun k’ap aji
konsa, li p’ap janm souke.R.
DEZYÈM LEKTI
"Se pou nou fè sa pawòl la mande".
LEKTI LÈT
APOT JAK KI SEN 1, 17-18. 21b-22. 27
Frè m’ yo mwen
si tèlman renmen an:
Tout sa yo
resevwa gratis ki pi bon, ak tout kado ki kòrèk nèt, se anwo a li sòti, li
desann sot nan Papa limyè yo; kote l’ pa gen chanjman, pa gen lonbraj bagay
k’ap pase.Reyèlman vre se ak volonte l’ li anfante nou ak pawòl verite a, pou
nou vin tounen kòmansman tout sa l’ kreye yo.
Fè kè nou tou
piti pou nou resevwa pawòl la ki simen anndan nou an, li menm ki gen pouvwa
sove nam nou yo. Se pou nou fè sa pawòl la mande a, pou nou pa ret ap koute l’
sèlman, antan n’ap twonpe tèt nou.
Relijyon ki nèt,
ki san tach kot Bondye ak Papa a, men li: vizite òfelen yo ak vèv yo nan tray
yo, kenbe tèt ou san tach parapò a syèk sa a.
Pawòl Granmèt la.
LEVANJIL
"Nou kite kòmandman Bondye a, nou kenbe abitid
lèzòm".
MEN BÒN NOUVÈL
JEZIKRI A DAPRÈ SEN MAK 7, l-8a. 14-15.
21-23
Lè sa a:
Farizyen yo ak
kèk pwofesè ki te sot Jerizalèm rive, yo gonfle sou Jezi. Lè yo wè detwa nan disip li yo ap manje pen yo konsa, sètadi san yo pa
lave men yo, yo fè yo repwòch. Sèke farizyen yo ak tout Juif yo, si yo pa lave
men yo avèk swen, yo pa manje, pou yo kenbe abitid ansyen yo. Lè yo sot nan
mache, si yo pa plonje nan dlo, yo p’ap manje. Gen anpil lòt bagay ankò yo
obsève, sa yo te transmèt yo: lave gode, krich, plat ak kabann.
Farizyen yo
ak pwofesè yo t’ap poze l’ kesyon: "Poukisa disip ou yo pa mache daprè
abitid ansyen yo, men y’ap manje pen an ak men yo jan yo ye a?"
Li menm li
reponn, li di yo: "Izayi te byen pale sou nou kòm pwofèt, bann ipokrit,
daprè sa k’ ekri a: 'Pèp sa a ap fè lwanj mwen ak po bouch li, men kè yo lwen
m’. Se pou bontan y’ap sèvi m’, y’ap anseye lansèynman ak kòmandman lèzòm'. Nou
kite kòmandman Bondye a, nou kenbe abitid lèzòm".
Li rele foul la
ankò, li t’ap di yo: "Koute m’, nou tout, epi konprann. Pa gen anyen
andeyò yon moun ki antre nan li, ki kapab sal li; men se sa k’ sòti nan yon
moun, se yo menm ki fè l’ vin pa pwòp. An verite, se anndan kè moun yo move
kalkil yo sòti ansanm ak adiltè, move plezi, krim, vòlè, renmen lajan,
mechanste, riz, move konduit, move je, derespekte Bondye, pran pòz ou siperyè,
fè sa k’ twòp pou ou. Tout bagay sa
yo ki mal la, se anndan an yo sòti, yo fè yon moun vin pa pwòp".
An nou fè lwanj ak konpliman pou pawòl Bondye a.
REFLEKSYON: «Nou kite kòmandman Bondye a, nou kenbe abitid lèzòm».
Jodi
a, pawòl Bondye ap ede nou disène, pi lwen abitid lèzòm, genyen kòmandman
Bondye yo.
Se
vre, avèk tan an k’ap pase nou gen tandans defòme konsèy levanjelik yo, e yon
fason volontè oubyen non, nou chanje yo oubyen nou toufe yo: ‘‘Lè yo sot nan mache, si yo pa plonje nan
dlo, yo p’ap manje. Gen anpil lòt bagay ankò yo obsève, sa yo te transmèt yo:
lave gode, krich, plat ak kabann’’ (Mak 7,4).
Se
poutèt sa moun ki senp yo, avèk bon sans popilè yo, yo pa t’ koute sa
espesyalis lalwa yo ak farizyen yo t’ap di, yo menm ki te bay entèpretasyon moun
plis enpòtans ke Pawòl Bondye a.
Jezi
fè referans ak denosyasyon Izayi te fè kòm pwofèt kont sila yo ki t’ap pratike
relijyon an ak anpil ipokrizi : "Izayi te byen pale sou nou kòm pwofèt, bann
ipokrit, daprè sa k’ ekri a: ‘‘Pèp sa a
ap fè lwanj mwen ak po bouch li, men kè yo lwen mwen’’ (Mak 7,6).
Nan
moman Jan Pòl II t’ap mande padon nan non Legliz la pou tout mal ke pitit li yo
te komèt pandan listwa a, li te eksprime sa nan sans ke ‘‘yo te vire do bay
Levanjil la’’.
Granmèt
la di nou : ‘‘Pa gen anyen andeyò
yon moun ki antre nan li, ki kapab sal li; men se sa k’ sòti nan yon moun, se
yo menm ki fè l’ vin pa pwòp’’ (Mak 7,15). Jezi di nou se anndan kè moun yo
move kalkil yo sòti ansanm ak adiltè, move plezi, krim, vòlè, renmen lajan,
mechanste, riz, move konduit, move je, derespekte Bondye, pran pòz ou siperyè,
fè sa k’ twòp pou ou. Tout
bagay sa yo ki mal la, se anndan an yo sòti, yo fè yon moun vin pa pwòp". Kidonk, pou nou pwòp, sa pa sifi pou nou lave men nou,
men se pou nou debarase kè nou ak tout salte move santiman.
Sen
Terèz de Lanfan Jezi eksprime sa yon fason pozitif nan tèks li te ekri sous
pwòp lavi li : ‘‘(…) Antan mwen kontanple kò mistik Kris la, mwen
konprann Legliz la gen yon kè ki gen yon flanm lanmou’’. Nan yon kè ki
renmen, gen yon sous bon aksyon byen konkrè ki ede sila yo ki nan bezwen ‘‘ paske mwen te grangou, ou te ban mwen
manje…’’ (Mat.25, 35).
LAPRIYE: Tanpri Bondye Papa, ede m’ sèvi w’ ak yon
kè ki sensè. Pa pouvwa Jezikri.
PWOPOZISYON:M’ap chanje konduit mwen, pou m’ gen yon pi bon relasyon
ak Bondye ak pwochen mwen.
No hay comentarios:
Publicar un comentario