Koulè
Vèt.
PREMYE LEKTI
“Nou aprann nan men Bondye pou nou youn
renmen lòt”.
NAN PREMYE LÈT PÒL EKRI MOUN KORENT YO 1,
26-31
Gade nan kisa yo rele nou, frè m’ yo; sèke pa gen anpil moun bon
konprann daprè chè a, ni anpil moun ki gen pouvwa, ni anpil moun ki sot nan
gran ras. Men se sa k’ fou sou tè a Bondye chwazi, pou l’ fè moun bon konprann
yo wont; se sa k’ fèb sou tè a Bondye chwazi pou l’ fè sa k’fò yo wont; se sa k’
san konsiderasyon ak sa yo meprize sou
tè a Bondye chwazi, ak sa k’ pa anyen, pou l’ detwi sa k’ kichòy yo, pou okenn
chè pa fè grandizè devan fas li.
Se gras a li nou nan Jezikri, Jezikri sa a ki vin tounen bon konprann
pou nou k`sot nan Bondye ak jistis, ak sa k`ap fè nou vin sen an, ak delivrans;
konsa daprè sa k’ ekri a: “Moun k’ap leve tèt li, se nan Granmèt la pou l’ leve
tèt li.
Pawòl Granmèt la.
SÒM REPONS 32, 12-13. 18-19. 20-21 (r.: 12)
R/ Se chans pou pèp la Granmèt la
chwazi kòm eritaj li a.
Se chans pou nasyon an, ki gen Granmèt la pou
Bondye l’, pèp la li chwazi kòm eritaj li a.
Nan syèl la Granmèt la gade, li wè tout pitit
moun yo.R.
Men je Granmèt la sou moun ki respekte l’ yo,
sou moun ki espere sou kè sansib li,
pou l’ delivre nam yo sot nan lanmò, pou l’
ba yo manje nan grangou.R.
Nam nou ap konte sou Granmèt la, paske se sekou nou ak pwoteksyon nou li
ye;
paske se nan li kè nou kontan, se nan non l’
ki sen an nou espere.R.
LEVANJIL
« Pou tèt ou te fidèl nan yon ti bagay, antre nan kè kontan mèt ou
a »
MEN BÒN NOUVÈL
JEZIKRI A DAPRÈ MATYE KI SEN 25, 14-30
Lè sa a Jezi di patizan l’ yo parabòl sa a:
Yon mesye t’ ap pati al nan vwayaj, li rele sèvitè l’ yo, li renmèt yo yo byen l’
yo: li
Bay youn senk pyès lajan, youn lòt li menm de, epi
yon lòt menm yon sèl; chak moun
daprè kapasite pa l’; aprè sa li pati la
menm. Sa k’ te resevwa senk pyès lajan an, l’ ale, li travay avèk yo, li rapòte
senk lòt. Menm jan tou sa k’ te resevwa de pyès lajan an, li
rapòte de lòt. Men sa k’ te resevwa yon
sèl la, l’al fouye tè a, li kache lajan mèt li a.
Aprè anpil tan, mèt pyès lajan sèvitè sa yo vini, li
mande yo kont.
Sa k’ te resevwa senk pyès lajan an
li pwoche, li prezante senk lòt pyès lajan, li di: Mèt, se senk pyès lajan ou te
ban mwen, men senk lòt mwen rapòte. Mèt la di l’: Se byen, bon sèvitè
ki fidèl: poutèt ou te fidèl sou yon ti
kras, m’ap enstale ou sou anpil: antre nan kè kontan mèt ou a.
Sa k’ te resevwa de pyès lajan an, li pwoche tou, li di : Mèt se de pyès lajan ou te
renmèt mwen, men de lòt mwen rapòte.
Mèt li d l’: Se byen, bon sèvitè ki fidèl : poutèt ou te fidèl sou yon ti kras, m’ap enstale ou
sou anpil : antre nan kè kontan mèt ou.
Sa k’ te resevwa yon sèl pyes lajan, li proche atò, li
di: Mèt, mwen konnen ou se yon moun ki rèd : ou rekòlte kote w’ pa simen, ou
ranmanse kote ou pa t’ plante. Mwen te
pè, m’ale, mwen kache pyès lajan ou an nan tè a, men li, pran afè w’.
Mèt li reponn, li di l’ : Move sèvitè, ou parese,
ou te konnen mwen rekòlte kote mwen pa simen, mwen ramase kote mwen pa plante:
ou te dwe renmèt lajan m’ nan labank, lè m’ vini mwen ta resevwa sa m’ depoze a
avèk benefis. Pran pyès lajan an nan men
l’, bay moun ki gen dis pyès lanjan an ; konsa tout moun ki genyen va genyen, y’ap
ba li, l’ap gen plis ; moun kipa genyen an menm, sa l’ konpran li genyen
an menm, y’ap wete l’ nan men l’. Epi sèvitè sa a ki pa
vo ayen an, jete l’ nan fènwa deyò yo: kote sa a ap gen rèl ak manje dan”
An nou fè lwanj ak
konpliman pou pawòl Bondye a.
REFLEKSYON:
Gen yon bèl chante legliz ki di, “Tout sa n’ genyen, tout sa n’ ye, se ou ki ban nou yo…”. Sa
se mesaj premye lekti jodi a. Si ou gen
lespri oubyen bèlte, si ou gen kòb oubyen yon bèl kay, si ou gen sante, si
anpil moun renmen ou, se pa paske ou merite l’ plis pase yon lòt moun ki pa
genyen l’, men se yon favè Bondye Granmèt la fè w’.
Menm si ou te fè anpil efò pou ou te jwenn sa ou
genyen jodi a, fò ou konnen gen lòt moun ki travay plis pase ou, men yo pa t’
gen menm chans avè w’. Pou rezon sa a, nou
pa gen dwa vante tèt nou. Se remèsye pou
n’ remèsye Bondye pou lavi a ak pou tout sa li ba nou.
Chante a kontinye : “…Nou vin remèt yo nan men w’, Granmèt, pran yo pou fè sevis ou…”
Epi se mesaj sa a Levanjil jodi a pote pou nou. Se pa sèlman pou nou sonje
remèsye Bondye pou sa li ba nou. Se pou
nou sèvi ak sa nou gen nan men nou, ak nan tèt nou, pou nou fè travay Jezi, pou
nou fè byen pou moun ki bò kote nou.
Lè yo repete refren an nan chante a, dènye pati a chanje
epi yo di: “…pran yo pou sove frè n’
yo”. Tout sa n’ genyen,
tout sa n’ ye, se pa pou nou yo ye. Se
prete Granmèt la prete nou bagay sa yo pou nou fè yon misyon avè yo. Epi misyon
li mande nou fè a, se pou nou youn sèvi lòt.
Jezi pa mande manje, li mande nou bay moun ki grangou
yo manje. Jezi pa mande n’ limen balèn pou li, li mande n’ pote limyè
ledikasyon pou timoun yo.
PRIYÈ: Mèsi
Bondye, pou tout sa ou ban mwen ! Ou merite tout kalite konpliman, men se
pa konpliman ou mande. Sa ou mande m’ se pou m’ sèvi pwochen mwen ak bon kè. Sa
fè kè m’ kontan !
PWOPOZISYON: Pou mwen montre
mwen rekonesan pou sa Granmèt la fè pou mwen, m’ap separe sa li ban mwen ak
moun ki poko jwenn.
No hay comentarios:
Publicar un comentario