Koulè
Vèt
PREMYE LEKTI
"N’ap preche Jezikri yo kloure sou kwa a, se
yon antrav pou lèzòm, men pou sila yo Bondye rele yo, se sajès Bondye".
LEKTI PREMYE LÈT
APOT PÒL KI SEN, POU KORENTYEN YO 1,17-25
Frè m’ yo:
Jezikri pa
voye m’ batize, men li voye m’ preche levanjil la, san m’ pa sèvi avèk sajès pawòl
la, pou kwa Jezikri a pa pèdi valè l’. Sèke pawòl lakwa a, se yon foli pou moun
k’ap peri yo; men pou moun k’ap sove yo, sa vle di pou nou menm, se pouvwa Bondye.
Men sa labib la di: "M’ap detui
sajès moun ki gen sajès yo, m’ap rejte entelijans moun lespri yo". Kote moun sajès la? kote pwofesè-a? kote moun k’ap ranpòte laviktwa soutè
sa-a? Èske Bondye pa fè sajès tè sa a
vin fou? Reyèlman vre, paske nan sajès Bondye-a, moun yo pa t’ konnen Bondye
gras a sajès pa yo-a, poutèt sa Bondye chwazi pou l’ fè moun ki kwè yo vin sove
gras a foli n’ap preche-a. Sèke Juif yo ap mande siy, Grèk yo ap chèche sajès;
nou menm menm n’ap preche Jezikri yo kloure sou kwa-a. Pou Juif yo se yon
antrav, pou nasyon yo se yon pawòl moun fou, men pou sila yo yo rele yo, ni
Juif ni Grèk, se Jezikri, pouvwa Bondye ak sajès Bondye-a; paske sa k’ fou pou
Bondye, li gen plis sajès pase lèzòm, sa k’ fèb la pou Bondye, li pi fò pase lèzòm.
Pawòl Granmèt
la.
SÒM REPONS
32, 1-2. 4-5. lOab e 11 (r.: 5b)
R/ Kè sansib Granmèt la plen tè a.
Fete nan Granmèt la, nou menm ki
kòrèk yo; lwanj la ale ak moun ki dwat yo.
Fè lwanj pou
Granmèt la sou gita, sou enstriman dis kòd la, chante pou li.R.
Sèke pawòl
Granmèt la dwat, tout aksyon l’ yo nan fidelite.
Li renmen
jistis ak jijman, kè sansib Granmèt la plen tè-a.R.
Granmèt la
gaye plan nasyon yo, li bloke kalkil pèp yo.
Men plan
Granmèt la rete pou tout tan, kalkil kè l’ pou jenerasyon ak jenerasyon.R.
LEVANJIL
"Men mesye marye-a ap vini: soti al
rankontre l’".
MEN BÒN NOUVЀL JEZIKRI A DAPRЀ MATYE KI SEN 25, 1-13
Lè sa a: Jezi
di disip li yo parabòl sa a:
"Rèy syèl
yo sanble ak dis vyèj ki pran lanp yo, yo sòti al rankontre mesye marye-a ak
madanm marye-a. Senk nan yo te sòt, epi senk te gen lespri. Senk sa ki sòt yo,
lè yo fin pran lanp yo a, yo pa pran luil avèk yo; sa k’ gen lespri yo menm, yo
pran luil nan veso yo avèk lanp yo. Antan y’ap tann mesye marye a ki te an reta,
yo tout yo dòmi, fon somèy.
Nan mitan
nannuit, yo tande yon rèl: 'Men mesye marye a, soti al rankontre l'. Lè sa-a
atò tout vyèj sa yo leve, yo pare lanp yo. Sa k’ te sòt yo di sa k’ te gen
sajès yo: 'Ban nou nan luil nou-an, paske lanp nou yo etenn'. Sa k’ gen lespri
yo di yo: 'Riske p’ap gen kont pou ni nou menm ni nou menm, pito nou ale nan
boutik yo, n’a achte".
Pandan yo t’al
achte, mesye marye a rive; sa k’ te pare yo antre avèk li nan nòs yo, yo fèmen
pòt la.
Alafen lòt vyèj
yo vin rive, yo di: 'Granmèt, Granmèt, louvri pou nou'. Li menm menm li reponn, li di: 'An verite mwen di nou, mwen pa konnen
nou'.
Konsa, se pou
nou veye, paske nou pa konnen ni jou a ni lè a".
An nou fè lwanj ak konpliman pou Pawòl Bondye a.
REFLEKSYON: «An verite mwen di nou, mwen pa konnen nou».
Jodi
a, Granmèt la fè nou sonje nou dwe toujou vijilan e nou dwe prepare pou nou
rankontre ak li. A minui, a nenpòt kilè, Granmèt la kapab frape pòt kay nou. Lanmò
pa bay randevou. Konsa «nou
pa konnen ni jou a, ni lè a»
(Mt 25,13).
Vijilans la pa vle di pou nou viv nan
laperèz oubyen nan boulvèsman. Sa vle di, nou dwe viv lavi lafwa a ak
responsablite tankou pitit Bondye, nou dwe espere sa k’ap vini an, antan n’ap
viv nan lanmou youn ak lòt. Granmèt la toujou ap tann nou ba li yon repons
lafwa ak lanmou, antan nou kenbe fèm, nan okipasyon ak pwoblèm n’ap fè fas chak
jou.
E repons sa a, se nou menm sèl ki
kapab bay li, ou menm ak mwen. Pèsonn pa kapab bay li nan plas nou. Se la nou dekouvri sans repons negativ medam
ki gen sajès yo bay sila yo ki te sòt yo, lè yo te mande yo pou yo ba yo nan
luil yo a: «pito nou ale nan boutik yo, n’a achte» (Mt 25,9). Se konsa, nou
chak nou gen yon repons pèsonèl bay Granmèt la, pèsonn pa ka fè sa nan plas
nou.
An nou pa di n’ap
tann demen pou nou limen lanp lanmou an pou Mesye Marye a (petèt demen p’ap
janm rive). Konsa, nou dwe viv chak segond nan lavi nou ak pasyon yon kretyen
dwe genyen pou Granmèt la. Nou dwe viv chak jou nan lavi nou kòmsi se te dènye
jou nan ekzistans nou, kòmsi se te sèl jou nou te genyen pou viv. Apèl konvèsyon an pa mande pou nou pran tan. An nou frekante Granmèt la,
konsa n’a zanmi ak li toutan.
LAPRIYÈ: Nan mizerikòd li a ki san limit la, se pou Bondye fè nou gras pou nou pa
tande pawòl sa a lè nou rankontre ak li: «An verite mwen di nou, mwen pa konnen
nou» (Mt 25,12), sa vle di «ou pa gen okenn rapò ni relasyon ak mwen». Amèn
PWOPOZISYON: M’ap gade ki mezi luil mwen genyen nan lanp lavi mwen
kòm kretyen.
No hay comentarios:
Publicar un comentario