Páginas

JEDI 30-8-2018


Koulè vèt.
PREMYE LEKTI
«Nan tout bagay, nou vin rich nan li»
KÒMANSMAN PREMYE LÈT APOT PÒL KI SEN POU KORENTYEN YO 1, 1-9
Pòl, li menm Jezikri rele pou l’ apot, daprè volonte Bondye, avèk Sostèn, frè a, pou legliz Bondye a ki Korent, nou menm ki vin sen nan Jezikri, nou menm li rele pou nou vin sen, avèk tout sa k’ap rele non Granmèt nou Jezikri tout kote yo ye avèk kote nou ye a: favè pou nou ak lapè sot nan Bondye Papa nou ak Granmèt Jezikri.
Mwen di Bondye m’ nan mèsi tout tan pou nou nan favè Bondye a, sa l’ ba nou nan Jezikri a.An verite, nou vin rich nan tout bagay nan li, nan tout pawòl ak nan tout syans. Sèke jan temwayaj Jezikri a vin solid nan nou an; kifè nou pa manke anyen nan okenn favè a pou nou tann revelasyon Granmèt nou Jezikri, li menm k’ap asire nou jouskalafen san repwòch, nan jou Granmèt nou Jezikri ap vini an. Bondye fidèl, li menm ki rele nou pou nou asosye avèk Pitit li Jezikri Granmèt nou an.
Pawòl Granmèt la.
SÒM REPONS 144, 2-3. 4-5. 6-7
R/ M’ap fè konpliman pou non ou pou tout tan, Bondye m’ ki wa.
Chak jou m’ap fè konpliman pou ou, m’ap fè konpliman pou non ou, pou tout tan ak tout tan gen tan.
Granmèt la gran, li merite anpil lwanj, yo pa kapab sonde grande l’.R.
Yon jenerasyon ap fè lwanj pou travay li, bay yon lòt jenerasyon, y’ap rakonte fòs pouvwa ou.
Grandè bèlte wotè ou, y’ap declare l’, mèvèy ou yo, y’ap detaye yo.R.
Fòs ou ki terib yo, yo di yo, grande ou la, y’ap rakonte l’.
Y’ap pibliye souvni richès dousè ou la, y’ap fete nan jistis ou a.R.
LEVANJIL
«Se pou nou rete ap veye»
MEN BÒN NOUVÈL JEZIKRI A DAPRÈ MATYE KI SEN 24, 42-51
Se poutèt sa, pa kite dòmi pran nou, paske nou pa konnen ki jou Mèt nou va vini. Se yon bagay nou tout dwe konnen: Si mèt kay la te konnen kilè nan lannwit lan vòlò a t'ap vini, li ta veye, li pa ta kite l' kase kay la. Se pou sa tou, nou menm se pou nou toujou pare, paske Moun Bondye voye nan lachè a ap vini lè nou pa ta kwè. Ki moun ki ka di li se yon jeran entelijan ki fè tout travay li byen? Se moun sa a mèt kay la va mete pou veye sou moun nan kay la, pou bay lòt domestik yo manje lè pou yo manje. Se va bèl bagay pou domestik la si mèt la jwenn li ap fè travay li lè l' tounen lakay li. Sa m'ap di nou la a, se vre wi: Mèt la va mete l' reskonsab tout byen l' yo. Men, si domestik sa a se yon move moun, l'ap di nan kè l': Mèt mwen ap fè reta. Li poko ap vini. L'ap tonbe bat kanmarad li yo, l'ap rete ap plede manje, ap plede bwè ak tafyatè. Mèt domestik sa a va rive jou l' pa t'ap tann, yon lè li p'ap konnen. L'ap rachonnen misye anba kou, l'ap regle avè l' menm jan yo regle ak moun ipokrit yo. Se lè sa a va gen rèl, se lè sa a va gen manje dan.
An nou fè lwanj ak konpliman pou pawòl Bondye a.
REFLEKSYON: «Se pou nou toujou pare».
Jodi a, tèks Levanjil a pale nou sou dout ki genyen osijè moman Jezi genyen pou li vini an: «Se poutèt sa, pa kite dòmi pran nou, paske nou pa konnen ki jou Mèt nou va vini (Mt 24,42). Si nou vle Mèt la vin jwenn nou pare lè li vini an, nou pa dwe kite dòmi pran nou, nou pa dwe distrè: nou dwe toujou pare. Jezi bay kèk ekzanp sou pwen sa a: sila k’ap veye pou si yon vòlò ta vini, domestik la ki vle fè mèt li plezi…Petèt nan tan sa a li ta ka pale nou de yon gadyen foubòl kip a konnen kòman boul la ap rive sou li.
Men avan, nou dwe klè sou ki vini Jezi ap pale nou an. Èske se lè lanmò a? Èske se finisman mond lan? San dout sijè sa Granmèt la kite nou nan dout sou li pou nou kapab toujou ba li atansyon. Men, an nou fè yon kalkil, petèt pa gen pèsonn nan jenerasyon pa nou an k’ap temwen yon dezas ki ta kapab mete bout nan lavi moun sou planèt sa a. E, pou sa ki konsène lanmò a, sa sèlman gen pou pase yon sèl fwa. Toutotan sa pa ko rive, èske pa gen yon lòt vini ki pi pwòch ke no uta dwe prepare pou li?
«Ala ane yo pase vit! Mwa yo tounen semèn, semèn yo tounen jou, jou yo tounen lè, e lè yo tounen segond…» (Sen Franswa de Sal). Chak jou, chak lè, chak moman, Granmèt la tou pre lavi nou. Atravè enspirasyon sou pa anndan, atravè moun ki anviwonnen nou, atravè sa k’ap rive de tanzantan, Granmèt la ap frape pòt nou e, tankou Apokalips la di nou: «Koute. Men mwen kanpe la devan pòt la, m'ap frape. Si yon moun tande vwa m', si l' louvri pòt la ban mwen, m'a antre lakay li, m'a manje ansanm avè l', la manje ansanm avèk mwen» (Apokalips 3, 20).
PRIYE: Granmèt, tanpri, montre m’ kijan pou mwen pare vini ou an, pou mwen kapab fè yon bon rankont avèk ou.
PWOPOZISYON: Èske aprè m’ mouri, yo pral sonje mwen tankou yon zanmi Bondye?

No hay comentarios:

Publicar un comentario