Páginas

MЀKREDI 29-8-2018 (MATI JAN BATIS KI SEN)


Koulè Wouj.
MATI JAN BATIS KI SEN
(Memwa)
PREMYE LEKTI
"Si yon moun pa vle travay, li pa dwe manje".
LEKTI DEZYÈM LÈT APOT PÒL KI SEN, POU TESALONISYIN YO 3,6-10.16-18
Nou avèti nou, frè m’ yo, o non Granmèt nou Jezikri, pou nou pran distans nou ak tout frè k’ap mache san lòd, ki pa suiv lansèyman nou te transmèt yo a.
Nou konnen kijan pou nou pran modèl sou nou, paske nou pa t’ rete nan mitan nou san nou pa fè anyen, nou pa t’ manje pen lòt moun pou granmesi; men se nan travay avèk fatig nannuit ak lajounnen nou t’ap redi, pou nou pa peze sou kont pèsonn nan nou. Se pa paske nou pa ta gen dwa, men se pou nou te kapab mete nou kòm modèl pou nou imite. Reyèlman vre, lè nou te lakay nou an, nou te konn deklare nou sa: si yon moun pa vle travay, li pa dwe manje non plis tou.
Se pou Granmèt lapè a ba nou lapè tout tan tout kote. Se pou Granmèt la avèk nou tout.
Bonjou sa-a se men pa m’, Pòl, ki ekri l’: se siy mwen mete nan tout lèt yo: se konsa mwen ekri.
Favè Granmèt nou Jezikri avèk nou tout. Amèn.
Pawòl Granmèt la.
SÒM REPONS 127, 1-2. 4-5 (r.: cf. la)
R/ Se chans pou tout moun ki respekte Granmèt la.
Se chans pou tout moun ki respekte Granmèt la, k’ap mache nan wout li yo.
Se fui travay men ou w’ap manje, se chans pou ou, w’ap jwenn avantaj.R.
Men se konsa moun nan ap beni, sa k’ respekte Granmèt la.
Se pou Granmèt la beni ou sot Siyon, se pou ou wè byen Jerizalèm toulejou lavi ou.R.
LEVANJIL
"Nou se pitit sila yo ki te touye pwofèt yo".
MEN BÒN NOUVЀL JEZIKRI A DAPRЀ MATYE KI SEN 23, 27- 32
Lè sa a: Jezi pale, li di:
"Madichon pou nou, pwofesè ak farizyen ipokrit, paske nou sanble avèk kavo blanchi, deyò yo parèt byen bèl pou lèzòm, anndan-an menm plen ak zo mò avèk tout kalite bagay pouri! Se konsa nou menm tou, deyò nou parèt kòrèk vre pou lèzòm men anndan-an menm nou plen ipokrizi ak mechanste.
Madichon pou nou, pwofesè ak farizyen ipokrit, nou menm k’ap bati kavo pwofèt yo, k’ap dekore tonbo moun kòrèk yo, epi n’ap di: 'Si nou te nan epòk zansèt nou yo, nou pa t’ap konplis yo nan san pwofèt yo!' Se pousa se nou menm menm ki sèvi pwòp tèt nou temwen, nou se pitit sila yo ki te touye pwofèt yo. Ebyen nou menm, nou mèt fin fè sa zansèt nou yo te kòmanse fè-a".
An nou fè lwanj ak konpliman pou Pawòl Bondye a.
REFLEKSYON: «Madichon pou nou, pwofesè ak farizyen ipokrit»
Jodi a, tankou chak jou ki sot pase yo ak jou k’ap vini yo, nou kontanple Jezi ki kondane konpòtman ki pa garanti diyite moun: «deyò yo parèt byen bèl pou lèzòm, anndan-an menm plen ak zo mò avèk tout kalite bagay pouri!» (Mt 23, 28). Nan sans sa a Jezi konfime senserite, onètete, noblès… se kalite ke Bondye vle e se kalite lèzòm apresye.
Pou mwen pa tonbe nan ipokrizi, mwen dwe sense. Premyèman mwen dwe sense avèk Bondye: Li vle mwen gen yon kè ki pwòp e ki rayi mansonj, puiske li menm li totalman pwòp, li se Verite a menm. Mwen dwe sense avèk pwòp tèt mwen tou, pou m’ pa twonpe tèt mwen, pou m’ pa peche kont Lespri Sen an akoz mwen manke rekonèt pwòp peche mwen pou mwen manifeste sa byen klè nan sakreman Penitans la, oubyen pou mwen mete tout konfyans mwen nan Bondye, ki pa janm kondane ti gason banbochè a e ki pa janm abandone pèsonn sou pretèks ke li entèl se yon pechè, sof si moun nan pa rekonèt pwòp tèt li kòm yon pechè. Finalman, mwen se sense tou ak lòt yo: lè nou fè manti sou moun, lè nou twonpe moun, lè nou nan ipokrizi, nou malonèt, sa fè nou sòti nan nou menm, se poutèt sa nou dwe aplike prensip sa a: «Pa fè lòt moun sa ou pa ta renmen yo fè ou».
Twa atitid bon sans sa yo, nou dwe fè yo tounen pa nou pou nou pa tonbe nan ipokrizi e rann nou kont nou bezwen konkou lagras Bondye pou netwaye nou, akoz peche orijinèl la ke «papa manti a» te lakoz, demon an.
Ann nou pa neglije konsèy Sen Josemaría ki di nou: «Nan moman nou ap ekzamine konsyans nou an, nou dwe fè atansyon ak demon an ki bèbè a». Konsa tou, an nou fonksyone selon prensip elemantè sa a Jezi ba nou: «lè w'ap pale se wi ak non pou ou genyen ase». 
Mari pa pale anpil, men «wi» li te di a se te yon «wi» sensè, ki pa gen parèy.
LAPRIYЀ: Bondye Papa, tanpri ede m’ viv nan verite pou m’ ka lib. Pa pouvwa Jezikri. Amèn
PWOPOZISYON: M’ap viv nan senserite ak pwòp tèt mwen pou m’ ka sensè ak Bondye ak pwochen mwen.

No hay comentarios:

Publicar un comentario