Koulè Blan
OGISTEN KI SEN,
Evèk e Savan sakre Legliz la.
(Memwa)
PREMYE LEKTI
«Kenbe lansèyman nou aprann yo»
LEKTI DEZYÈM LÈT APOT PÒL KI SEN, POU
TESALONISYEN YO 2, l-3a. 14-16
Nou lapriyè
nou, frè m’ yo, pa pouvwa Granmèt nou Jezikri k’ap vini an, avèk nou menm tou
k’ap rasanble nan li a: pa prese kite anyen twouble lespri nou, pa pè anyen, ni
lespri, ni pawòl, ni lèt yo pretann nou voye ban nou, ki ta fè nou konprann jou
Granmèt la rive. Pa kite pèsòn twonpe nou okenn fason.
Bondye rele
nou pa pouvwa levanjil nou an pou nou jwenn bèlte Granmèt nou Jezikri.Konsa,
frè m’ yo, kanpe, kenbe lansèyman yo te transmèt nou yo, sa nou te aprann yo,
swa nan prèch nou, swa nan lèt nou. Granmèt nou Jezikri ak Bondye Papa nou, li
menm ki renmen nou, ki fè n’ favè bannou konsolasyon tout tan an ak bon espwa
a, se li menm k’ap ankouraje kè nou, k’ap asire l’ nan tout sa nou fè ak tout
sa nou di ki bon.
Pawòl Granmèt la.
SÒM REPONS 95, 10. ll-12a. 12b-13
R/ Granmèt la vini pou l’ jije tè a.
Di nan nasyon
yo: «Granmèt la wa». L’ap drese fas tè a pou l’ pa souke; l’ap jije pèp yo nan
jistis.R.
Se pou syèl yo
kontan, pou tè a danse, pou lanmè a sonnen ansanm ak tout sa k’ plen l’; jaden
yo ap kontan ansanm ak tout sa ki nan yo. R.
Lè sa a tout bwa
nan rak yo ap danse devan fas Granmèt la, paske l’ap vini, paske l’ap vini pou
l’ jije tè a. L’ap jije fas tè a nan jistis epi pèp yo nan verite l’.R.
LEVANJIL
«Se pou nou te fè bagay sa yo, san nou pa neglije
lòt yo»
MEN BÒN NOUVÈL JEZIKRI A DAPRÈ MATYE KISEN 23, 23-26
Lè sa a: Jezi
pale, li di:
«Madichon pou
nou, pwofesè ak farizyen ipokrit, nou menm k’ap bay dizyèm pòsyon sou mant la
avèk lanis la avèk legim yo, men nou kite sa k’ pi konsekan nan lalwa a:
jijman, kè sansib, lafwa! Se pou nou te fè bagay sa yo, san nou pa neglije lòt
yo. Chèf avèg, n’ap pase mouch la nan paswa, men nou vale chamo a!
Madichon pou
nou, pwofesè ak farizyen ipokrit, paske n’ap pwòpte sa k’ deyò vè a avèk plat
la, men anndan an menm nou plen bagay nou vòlè, ak sa ki pa pwòp! Farizyen
avèg, kòmanse pwòpte sa k’ anndan vè a avèk asyèt la, pou sa k’ deyò a kapab
vin pwòp».
An nou
fè lwanj ak konpliman pou pawòl Bondye a.
REFLEKSYON: Jodi a n’ap sonje yon gwo sen, ki rele Ogisten. Li te fèt an Afrik, nan
zòn nò a. Lè l’ te jèn gason, li te nan dezòd, men aprè l’ te konvèti, li te
tounen yon gwo lidè nan Legliz la, nan epòk senkyèm syèk la. Pa sèlman li te chèf legliz kote l’ te ye a
antan ke evèk, men li te ekri yon bann refleksyon enpòtan sou renmen Bondye a
ak sou jan pou kretyen yo aji nan lavi yo.
Malgre Ogisten te viv nan yon epòk ki diferan
anpil ak epòk pa nou an, li gen anpil refleksyon ki ka itil nou. Pa ekzanp, gen
yon ti istwa: yon lè misye t’ap mache nan bòdmè, epi li te wè yon timoun ki te
fouye yon twou nan sab la, epi li t’ap plen twou a ak dlo lanmè. Ogisten mande
timoun nan ki sa l’ap fè. Timoun nan reponn li, l’ap mete tout dlo lanmè a
anndan ti twou a. Lè Sen Ogisten tonbe ri, li di timoun nan sa enposib; timoun
nan te reponn li konsa, li ta pi enposib toujou pou yon moun konprann jan
Bondye laj. Ti twou nan sab la se yon ekzanp pou fè nou wè sa konpreyansyon nou
ye devan renmen Bondye, ki pi gwo pase tout dlo ki gen nan lanmè. Timoun
nan se yon zanj li te ye, Bondye te voye l’ bay Ogisten mesaj sa a.
Sen
Ogisten gen yon pakèt bèl fraz tou, pa ekzanp li di konsa, ke nanm nou pa jwenn repo jis lè yo poze nan
Granmèt la. Lè fini, li te bay anpil konsèy pou kretyen yo. Li di konsa, lè nou peche, se tankou lè nou swaf, epi nou
bwè dlo sèl. Dlo sèl la p’ap rezoud pwoblèm nou, okontre l’ap fè nou pi
swaf toujou. Pito nou chache dlo Jezi ofri nou an, pou nou pa janm swaf ankò.
Lespwa
lavi miyò a, lespwa lavi tounèf nou
genyen depi nan batèm nou an, nou jwenn li nan Jezikri ki pote lavikwa sou tout
fòs mal yo. Ebyen, Jezi di nou madichon pou nou si nou pa chanje kè nou, jijman
Bondye ap tonbe sou nou.
Jodi a nou wè kòman Jezi pale di ak Farizyen
yo, paske yo bay lalwa plis valè kè sove nanm yo, yo neglije sa ki korèk la,
tankou renmen pwochen yo, kenbe lafwa yo nan Bondye Granmèt la. Ebyen Jezi ap
di nou jodi a se pa prensip yo ki dwe gen plis valè nan lavi nou, men se lanmou
pou frè ak sè nou yo, ki dwe gen premye plas nan kè nou. Konsa yon jou, n’a wè
jistis Bondye a, paske Granmèt la se wa
nou, l’ap drese fas tè a pou l’ pa souke ; l’ap jije pèp yo nan jistis. Se
pou Bondye lavi a ede nou detwi tout jèm lanmò ki nan sosyete nou an, se pou l’
beni nou byen beni !
LAPRIYÈ: Granmèt,
tanpri, renouvle nan Legliz ou a lespri ou te vide nan evèk Ogisten ki sen an
pou, antan nou plen ak menm lespri sa a, se ou menm sèl nou swaf, se ou menm
sèl nou chèche, ou menm ki sous veritab sajès la, epi ki bay renmen ki anwo
tout renmen an. Pa pouvwa Jezikri.
PWOPOZISYON: Ann sispann aji pou fè wè, ann sispann fè enjistis. Si mwen viv selon
sa mwen kwè lavi mwen va chanje tout bon vre.
No hay comentarios:
Publicar un comentario