Koulè blan
MONIK KI SEN
(Memwa)
PREMYE LEKTI
«Non Granmèt la jwenn bèlte nan nou epi nou menm
tou nan li»
KÒMANSMAN DEZYÈM LÈT APOT PÒL KI SEN POU
TESALONISYEN YO 1, 1-5. 1l b-12
Pòl ak Silven
ak Timote, pou Legliz Tesalonisyen yo nan Bondye Papa nou ak Granmèt Jezikri.
Favè pou nou ak lapè sot nan Bondye Papa nou ak Granmèt Jezikri.
Nou dwe di
Bondye mèsi tout tan pou nou menm, frè m’ yo, jan sa merite, paske lafwa nou fè
pwogrè depase mezi, charite nou genyen youn pou lòt ap depase limit ki fè nou
menm menm nou kontan nou nan pami Legliz Bondye yo pou jan nou gen pasyans ak
lafwa nan tout pèsekisyon ak tray nou sipòte; sa sèvi yon ekzanp pou montre
jijman Bondye yo kòrèk: nou merite antre nan peyi wa Bondye a poutèt sa nou te
soufri pou li.
Se pou Bondye
nou an fè nou merite viv jan li rele n’ pou n’ viv la, se pou li kore n’ ak
pouvwa li pou nou rive reyalize tout sa nou vle ki bon, tout sa lafwa a mande
pou n’ fè. Konsa non Granmèt nou Jezikri va jwenn bèlte nan nou, epi nou menm
tou nan li, daprè favè Bondye nou an ak Granmèt Jezikri.
Pawòl
Granmèt la.
SÒM REPONS 95, l-2a. 2b-3. 4-5
R/ Anonse mèvèy
Granmèt la nan tout pèp yo.
Chante pou
Granmèt la yon kantik nouvo, chante pou Granmèt la, tout tè a.
Chante pou Granmèt la, fè konpliman
pou li.R.
Anonse jou an
jou delivrans li.
Anonse bèlte l’
pou nasyon yo, nan tout pèp yo mèvèy li yo.R.
Sèke Granmèt la
gran, li merite anpil lwanj, li terib pase tout dye yo.
Sèke tout dye
nasyon yo se pa anyen, men se Granmèt la ki fè syèl yo.R.
LEVANJIL
«Madichon pou nou, chèf avèg»
MEN BÒN NOUVÈL JEZIKRI DAPRÈ MATYE KI SEN 23,
13-22
Lè sa a: Jezi
pale, li di:
«Madichon pou
nou, pwofesè ak farizyen ipokrit, paske nou fèmen rèy syèl yo devan moun yo!
Nou menm nou pa antre, epi moun k’ap antre yo, nou pa kite yo antre.
Madichon pou
nou, pwofesè ak farizyen ipokrit, paske n’ap manje kay vèv yo, pandan n’ap fè
lapriyè ki long; se pousa n’ap jwenn kondanasyon ki pi rèd!
Madichon pou
nou, pwofesè ak farizyen ipokrit, paske n’ap fè tout tou lanmè a ak savann nan
pou nou fè yon disip; men lè nou fin pran l’, nou fè l’ vin tounen pitit lanfè
a de fwa plis pase nou!
Madichon pou
nou, chèf avèg, k’ap di: «Moun ki fè sèman sou kay sakre a, sa pa anyen; men
moun ki fè sèman sou lò kay sakre a, li gen dèt». Enbesil, avèg! Ki sa ki pi gran: lò a oubyen kay sakre a ki fè lò a vin
sen an?
«Epi moun ki
fè sèman sou lotèl la, sa pa anyen; men moun ki fè sèman sou kado a ki sou li
a, li gen dèt». Avèg! Ki sa k’ pi gran: kado a oubyen lotèl la ki fè kado a vin
sen an?
Moun ki fè
sèman sou lotèl la, li fè sèman sou li, ak sou tout sa k’ sou li. Moun ki fè
sèman sou kay sakre a, li fè sèman sou li ak sou sila a ki abite nan li a. Moun
ki fè sèman sou syèl la, li fè sèman sou fotèy Bondye a, ak sou sila a ki chita
sou li a».
An nou
fè lwanj ak konpliman pou pawòl Bondye a.
REFLEKSYON: Fè lwanj pou
Bondye nan tout aktivite lavi nou, se devwa nou kòm kretyen. Bondye rele nou
pou nou travay pou nou fè bèlte l’ parèt aklè sou fas tè a, gras a Bòn Nouvèl
delivrans li a li voye nou pote bay tout moun, dekwa pou sila yo ki rive kwè
ladan l’ kapab jwenn lavi ki p’ap janm fini an, gras a non Sila a ki te mouri e
ki leve byen vivan an, Sovè nou, Jezikri.
Se sou reyalite
sa a Pòl, Silven ak Timote te vle fè yon ti koze ak kretyen k’ap viv Tesalonik
yo. Moun Tesalonik yo rive bay bon
jan temwanyaj ki makonnen ak lafwa yo. Yo pa sèlman kwè nan Bòn Nouvèl la, men
yo aksepte tout soufrans, tout enkonpreyansyon yo jwenn akoz lafwa yo nan Kris
la.
Anpil fwa sa
konn rive nou pè temwaye non Jezi nan kote n’ap travay yo, nou konn pè di nou
se kretyen, nou konn menm pè defann yon koz ki jis. Fòk nou pa kite echape nou
vrè reyalite n’ap chache a, Wayòm Bondye a. Nou p’ap ka rive rantre ladan l’ si
lavi nou pa sanble ak lavi Sila a ki te mache nan pami nou pou l’ montre nou
kòman Bondye renmen nou. Gras a sakrifis li sou lakwa a, li te vin kase chennen
nou yo, epi l’ te vin ba nou zam pou n’ konbat kont tout fòs fènwa yo, paske
jous nan bout li te rive padone bouwo li yo. Se lakòz bèl jès renmen sa a li te
rive rache nou nan mond fènwa a pou fè nou antre nan wayòm limyè a
Nan levanjil
la, Jezi modi farizyen yo ak pwofesè lalwa yo akoz yo t’ap chèche akapare glwa
Bondye a, yo te fè relijyon an tounen mwayen pou jwenn lonè, yo pa t’ an akò ak
volonte Bondye. Se pou sa Jezi trete yo de
ipokrit. Sa yo montre sou deyò a, se pa sa yo ye andedan.
Pawòl sa yo Jezi
pwononse yo a ede nou menm tou reflechi sou atitid nou dwe genyen nan sèvis
Granmèt la, kèlkeswa responsablite nou genyen nan Legliz la. Chak kretyen dwe
konnen li gen yon responsablite anvè Bondye nan kèlkeswa sèvis l’ap fè. Nou dwe
makonnen sa n’ap fè avèk sa n’ap di a, nou dwe viv selon sa nou kwè a (nou dwe
koeran ak tèt nou).
Jezi mande nou
pou nou viv nan laverite, pou nou sispann viv nan blòf, sispann fente moun. Sa
mande nou genyen anpil imilite pou n’ pa akapare n’ de pwòp glwa Bondye a, pou
nou sanble avèk lavyèj Mari ki te rekonèt li se “Sèvant Granmèt la”.
Angajman nou nan
Legliz la dwe yon mwayen pou nou chèche bèlte Bondye a, pou n’ rive travay pou
fè konnen li, renmen li, dekouvri prezans li nan mitan nou dekwa pou moun yo
rive aksepte mache ansanm ak li. Jezi te di: “Moun ki zanmi m’ se moun ki fè sa Papa m’ mande”; ann chache pa
janm bliye envitasyon sa a Bondye fè nou chak la pou n’ viv lafwa nou nan
Bondye yon fason ki vizib; sa vle di, pa sèlman nan di nou kwè, men se pou n’
kite sa n’ap fè yo temwanye lafwa nou nan Sila a ki se Renmen an menm, kè poze
a menm, li menm Jezikri, Chemen, Verite, ak Lavi pou tout moun k’ap viv sou
latè beni. Amèn.
LAPRIYÈ: Granmèt, fè nou tounen yon bon zouti
k’ap travay pou fè bèlte w’ la klere toupatou. Pa pouvwa Jezikri Gran Frè nou
an! Amèn.
PWOPOZISYON: Se nan jan mwen viv ak
pwochen mwen m’ap bay pi bon temwayaj sou Jezikri.
No hay comentarios:
Publicar un comentario