Páginas

DIMANCH 26-8-2018 (VENTEYINYEM DIMANCH ÒDINE, ANE B)


Koulè Vèt.
VENTEYINYEM DIMANCH ÒDINE, ANE B.
PREMYE LEKTI
"N’ap sèvi Granmèt la, paske se li menm ki Bondye nou".
LEKTI LIV JOZYE 24, l-2a. 15-17. 18b
Jou sa yo:
Jozye rasanble tout ras Izrayèl yo Sikèm, li rele ansyen yo ak chèf yo ak jij yo ak majistra yo, yo kanpe devan fas Granmèt la, li pale ak pèp la, li di: "Si nou konsidere sa mal pou nou sèvi Granmèt la, nou mèt chwazi: jodi a menm chwazi sa nou pito, sa nou pi pito sèvi, oubyen se zidòl yo zansèt nou yo te konn sèvi nan Mezopotami an, oubyen zidòl Amoreyen yo, nan peyi yo kote nou abite a; kanta mwen menm ak kay mwen, n’ap sèvi Granmèt la".
Pèp la reponn, li di: "Se pou lide sa a ret lwen nou, pou nou ta abandone Granmèt la pou nou ta sèvi dye etranje. Granmèt la Bondye nou an se li menm ki mennen nou, ni zansèt nou yo, sot nan peyi Lejip la, sot nan kay esklavaj la, li fè nou wè mèvèy ekstrawòdinè, li pwoteje nou sou tout wout kote nou pase, ak nan pèp kote nou travèse. Konsa se Granmèt la n’ap sèvi, paske se li menm ki Bondye nou".
Pawòl Granmèt la.                                                                                                       
SÒM REPONS  33, 2-3. 16-17. 18-19. 20. 21. 22-23 (r.: 9a)
R/ Goute, n’a wè kijan Granmèt la bon.
M’ap fè konpliman pou Granmèt la nan tout okazyon, tout tan lwanj li nan bouch mwen.
Nan Granmèt la nam mwen ap jwenn bèlte l’ se pou pòv yo tande, pou yo kontan.R.
Je Granmèt la sou moun ki kòrèk yo, zòrèy li sou rèl yo.
Fas Granmèt la sou moun k’ap fè mal yo, pou l’ fè souvni yo disparèt sot sou tè a.R.
Granmèt la tou pre moun ki gen kè yo kraze yo, l’ap sove sa k’ gen lespri yo boulvèse yo. 
Yo rele, Granmèt la tande, nan tout tray yo li delivre yo.R.
Moun ki kòrèk yo jwenn anpil tray, men Granmèt la ap delivre yo sot nan tout.
L’ap pwoteje tout zo yo, youn nan yo p’ap kraze.R.
Mechanste a ap touye mechan an, moun ki rayi sa k’ kòrèk la, y’ap jwenn pinisyon.
Granmèt la ap delivre nam sèvitè l’ yo, tout moun ki espere nan li yo, yo p’ap jwenn pinisyon.R.
DEZYÈM LEKTI
"Sakreman sa a gran, nan Kris la ak nan legliz la".
LEKTI LÈT APOT PÒL KI SEN POU MOUN EFÈZ YO 5, 21-32
Frè m’ yo:
Se pou nou youn obeyi lòt nan respè Jezikri. Se pou medam yo obeyi mari yo tankou y’ap obeyi Granmèt la; paske mari a se tèt madanm nan, tankou Jezikri se tèt Legliz la, li menm ki sovè kò l’ la. Men menm jan legliz la obeyi Jezikri a, se konsa tou pou medam yo obeyi mari yo nan tout bagay.
Mari yo, se pou nou renmen madanm nou, tankou Jezikri te renmen legliz la, epi li te renmèt tèt li pou li, pou l’ te kapab fè l’ vin sen, antan l’ pwopte l’ ak beny dlo a nan pawòl lavi a, pou l’ te kapab prezante legliz la nan bèlte a devan li, san l’ pa gen tach ni pli, ni anyen nan sans sa a; men pou l’ sen, san defo. Konsa mesye yo dwe renmen madanm yo tou, tankou kò yo. Moun ki renmen madanm li, se pwòp tèt li li renmen. Pèsòn pa janm gen rayisans pou pwòp chè l’, men li nouri l’, li swen l’, menm jan Jezikri fè pou legliz la, paske nou se manb kò l’, nou fè pati chè l’ ak zo l’.
Poutèt sa, moun nan ap kite papa l’ ak manman l’, l’ap kole kò l’ kot madanm li, yo de a ap yon sèl chè. Sakreman sa a gran, m’ap pale pou Jezikri ak legliz la.
Pawòl Granmèt la.
LEVANJIL
"Kot ki moun pou n’ale? Ou gen pawòl lavi tout tan an".
MEN BÒN NOUVÈL JEZIKRI A DAPRÈ SEN JAN 6, 61-70
Lè sa a:
Anpil nan disip Jezi yo te di: "Pawòl sa a rèd, ki moun ki kapab tande l’?"
Jezi konnen disip li yo t’ap babye sou sa antre yo, li di yo: "Sa dekontwole nou? Si nou te wè Pitit moun nan k’ap monte kote l’ te ye anvan an? Se Lespri a ki bay lavi, chè a pa kapab sèvi anyen. Pawòl yo mwen pale nou an, se lespri ak lavi yo ye. Men genyen nan nou ki pa kwè". Jezi te konnen depi nan kòmansman kilès ki pa t’ kwè, epi kilès ki t’ap renmèt li a.
Li di: "Se pousa mwen te di nou, pèsònn pa kapab vin jwenn mwen, si se pa yon favè Papa m’ fè li".
Depi lè sa a anpil nan disip li yo pati kite l’, yo pa mache avèk li ankò.
Jezi di douz yo: "Èske nou menm tou nou vle pati?"
Simon Pyè reponn: "Granmèt, kot ki moun pou n’ale?" Ou gen pawòl lavi tout tan an. Nou menm nou kwè, nou konnen ou se Kris la Pitit Bondye a".
An nou fè lwanj ak konpliman pou pawòl Bondye a.
REFLEKSYON: Nan 21èm dimanch tan senp la, pawòl Bondye a envite n’, ak linèt lafwa nou,  pou n’ dekouvri kilès Jezi (Pitit li a) ye pou nou. Jezi vini pou sove tout moun san okenn patipri, san gade sou figi pèson, sou  nasyonalite, koulè, entelijans ak kapasite.
Nan premye lekti a (Joz 24, 1-2. 15-17), se prèske sa nou dekouvri: Bondye ki  chwazi pwofèt Jozye pou akonpanye pèp la nan ede l’ refè angajman zansèt li yo te pran pou li nan pye mòn Sinayi a. Se tankou yon deklarasyon lafwa pèp la fè anba pye bwa Sikèm nan, kot Abraam te premye adore Bondye a (Gn12, 26). Pèp la rive nan laj pou l’ pran desizyon pou kont li, Jozye kòm ranplasan Moyiz, aprè l’ fin fè pèp la travèse larivyè jouden an, li fè l’ refè angajman batèm li, sa zansèt li te pran pou li depi lontan an.
Se kòmsi lè nou fin batize kòm timoun, rive yon lè nou vin gen laj pou nou angaje tèt nou pou kont nou, nou fè pwòp angajman nou.
Jezi chwazi Apot yo san yo pa t’ merite sa.Yo te vin jwenn li san yo pa fè tèt di. Li fè anpil mèvèy devan yo tankou nan nòs Kana, kote li te fè dlo tounen diven; tankou nan dezè a kote li bay senk mil moun manje avèk senk ti pen ak de ti pwason.
Nan dezyèm lekti a (Ef. 5, 21-32), Apot Pòl pwofite rakonte nou kòman Jezi mouri e li leve pou rasanble tout moun ansanm nan yon sèl pèp, nan yon sèl kò. Men, se Lespri Sen an ki nanm kò sa a. Se li tou ki fè chak patizan Jezikri chèche wè kisa ki volonte Granmèt la. ‘‘Madanm, mache sou lòd mari w’, e mari mache sou lòd madanm ou, tankou si se sou lòd Granmèt la. Nan fanmi an, se mari a ki tèt, menm jan Kris la se tèt Legliz la, li menm ki sove kò a. Menm jan, Legliz la sou lòd Kris la, se konsa pou madanm nan sou lòd mari a nan tout bagay. Mesye, renmen madanm ou menm jan Kris la renmen legliz la. Si Kris la kòm tèt la, pa renmen Legliz la ki se kò a, se konsa tou, mari a kòm tèt fanmi an p’ap renmen madanm li.
Konsa, se pou mesye yo renmen madanm yo menm jan ak tèt yo. Sa w’ pa renmen pou tèt ou, pa renmen l’ pou madanm ou. Pasaj sa se yon bon leson katechèz pou lafanmi ki vle devlope kòmsadwa.
Nan fanmi ki divize, ki kraze, youn pa respekte lòt : manman pa ka pale ak pitit, pitit pa ka pale ak papa e papa pa ka pale ak madanm. Se chen manje chen.
Nan levanjil la, Jezi tounen ak kesyon lekaristi a nan reyinyon li t’ap fè ak foul la nan Kafanawòm: ‘‘moun ki manje kò mwen, moun ki bwè san mwen, ap gen lavi ki p’ap janm fini an’’. Pawòl sa a te lakòz anpil bougonnen ak babye nan mitan patizan l’ yo.
Jezi di yo ankò, pèsonn pa ka vin jwenn mwen si se pa Papa a ki fè l’ favè a. Nan sans sa a, Jezi vle fè nou konnen li se kanal, sèl chemen k’ap pemèt nou rive jwenn Papa a. Jezi se sila a ki gen pawòl lavi ki p’ap janm fini an. Nou menm, nou kwè, e nou konnen, Jezi se sila a Bondye chwazi a. Gras a li menm nou vin tounen pitit adpotif. E tankou Apot Pòl di nou sa, si nou se pitit nou se eritye tou.Konsa, ann travay pou nou ka resevwa bèl eritaj Papa nou ki nan syèl la.
LAPRIYÈ: Bondye Papa, tanpri, pa lantremiz Manman Mari, ede nou vin wè pi klè nan kalite misyon ou konfye nou. Amèn!
PWOPOZISYON: M’ap asime responsabilite mwen genyen nan fanmi mwen.

No hay comentarios:

Publicar un comentario