Koulè
Vèt.
PREMYE LEKTI
«Bèlte Granmèt la antre nan kay sakre a»
LEKTI LIV PWOFÈT EZEKYÈL 43, l-7a
Jou sa yo:
Mesaje a kondui
m’ nan pòt la ki gade nan direksyon solèy leve a, men bèlte Bondye Izrayèl la
t’ap antre nan direksyon solèy leve a, vwa l’ se te tankou vwa gran dlo yo, tè
a te klere ak bèlte l’. Mwen wè vizyon an, daprè aparans mwen te wè, lè l’ te
vini pou l’ te detwi lavil la, aparans la te tankou sa mwen te wè bò larivyè
Kobar la; mwen tonbe sou fas mwen.
Bèlte Granmèt la
antre nan kay sakre a nan direksyon pòt la ki bay sou solèy leve a; lespri a
leve m’, li fè m’ antre nan lakou anndan an, men kay la te plen ak bèlte
Granmèt la.
Mwen tande y’ap
pale avèk mwen anndan kay la, mesye a ki te kanpe bò kote m’ nan di m’: «Pitit
moun, kote sa a se kote fotèy mwen an ak kote plant pye m’, se kote mwen abite
nan mitan pitit Izrayèl yo pou tout tan».
Pawòl Granmèt la.
SÒM REPONS 84, 9ab-10. 11-12. 13-14
R/ Bèlte Granmèt la ap abite nan peyi nou an.
M’ap koute sa
Granmèt Bondye ap di, se lapè l’ap pale pou pèp li a ak sen l’ yo.
Reyèlman vre li
tou pre moun ki respekte l’ yo, delivrans li a, pou bèlte a abite sou tè nou
an.R.
Kè sansib ak
verite rankontre, jistis ak lapè anbrase.
Verite a leve
sot sou tè a, jistis la panche sot nan syèl la.R.
Wi, Granmèt
la ap bay bon kè, tè nou an ap bay fwi l’.
Jistis ap
mache devan l’, l’ap poze pye l’ sou wout la.R.
LEVANJIL
«Yo di, men yo pa fè»
MEN BÒN NOUVÈL JEZIKRI A DAPRÈ MATYE KI SEN 23,
1-12
Lè sa a:
Jezi pale ak
foul yo epi avèk disip li yo, li di:
«Sou fotèy Moyiz
la pwofesè yo ak farizyen yo chita; tout sa yo di nou, obsève l’, fè l’, sèlman
pa swiv sa yo fè: sèke yo di men yo pa fè. Yo mare chaj ki lou, bagay moun pa
kapab pòte, yo mete yo sou zepòl moun yo; men yo pa vle souke yo ak yon ti
dwèt. Tout aksyon yo, yo fè yo pou moun yo kapab wè yo: yo laji bwat priyè yo,
yo lonje fil manch yo. Yo renmen premye plas nan soupe yo, ak premye chèz nan
kay reyinyon yo, ak bèl bonjou sou laplas, epi pou moun yo rele yo «Rabi».
Kanta nou menm
pa kite yo rele nou «Rabi»; sèke se yon sèl la ki mèt nou, nou tout se frè nou
ye. Epi pa rele moun «papa» nou sou tè a; paske se yon sèl la ki Papa nou, ki
nan syèl la. Pa kite yo rele nou «mèt»; paske se yon sèl ki mèt nou, se
Jezikri.
Moun ki pi gran
nan pami nou an, se pou l’ vin tounen sèvitè nou. Moun ki leve tèt li, y’ap
rabese l’, men moun ki rabese tèt li, y’ap leve li».
An nou
fè lwanj ak konpliman pou pawòl Bondye a.
REFLEKSYON: Jodi a ankò, Jezi voye yon apèl imilite ba nou, yon envitasyon pou nou rete
nan vrè plas nou: «Pa kite yo rele nou «mèt» (…). Pa rele moun
«papa» nou sou tè a (…).Pa kite yo rele nou «mèt» non plis (Mt 23,8-10).
Avan nou vante tèt nou, avan nou pran pòz nou se gwo nèg oubyen gwo fanm, gran
nèg oubyen gran fanm, ann kòmanse di Bondye mèsi pito pou tout sa nou genyen ak
sa nou resevwa nan men li.
Tankou Sen Pòl di sa «Èske gen yon
bagay ou genyen ke ou pa t’ resevwa nan men pèsonn»? Bon, si ou
resevwa tout bagay, poukisa w’ap chante kantamwa ou, kòmsi se pa t’ yon favè yo
te fè w’?» (1Ko 4,7). Alò, lè nou gen konsyans nou dwat
daprè fason nou te aji, li ta pi bon pou nou di: «Nou se sèvitè initil: nou sèlman fè sa nou te dwe fè» (Lik 17,10)
Lòm k’ap viv nan tan modèn nan tèlman pèdi tèt li, sa fè lapenn. N’ap viv
epi nou aji kòmsi se nou menm ki mèt lavi a, kreyatè mond lan.Yon fason
kontradiktwa, Aristòt se yon sous admirasyon. Nan diskou li te fè sou Bondye li
pa t’ mansyone mo oubyen konsèp “kreyasyon” (kite sèlman site nan Labib nan
epòk sa a), e poutan li te rekonèt ke mond lan se pa yon aza ki fè li ekziste
men li gen yon orijin divin (Motè ki fè bouje tout bagay).
Jan Pòl II mande nou pou nou toujou sonje dèt nou genyen anvè Bondye: «Fòk lòm nan toujou bay kreyatè li ochan,
onè, nan ofrand l’ap fè antan l’ap di mèsi, antan l’ap chante lwanj Granmèt la
ki ba li tout bagay». Lòm nan pa kapab bliye dèt sa a, puiske pami tout kreyati
yo, se li menm sèl ki ka rekonèt sa».
Nan sans sa a, si nou fè yon ti reflechi sou lavi espirityèl nou, n’ap
konprann kolaborasyon pa nou, se evite fè obstak ak travay Lespri Sen an: Kite
Bondye aji!, paske sentete a se pa nou menm ki fabrike li.
Se Bondye ki Mèt ak Papa, se li ki ba nou sentete a. Antouka, si nou kwè
nou gran oubyen nou gen kèk merit, se pou nou mete li nan sèvis lòt yo: «Moun
ki pi gran nan pami nou an, se pou l’ vin tounen sèvitè nou.» (Mt 21,11).
LAPRIYÈ: Granmèt, ou menm ki gran e ki anlè tout bagay, mwen fè lwanj ak
konpliman pou ou, paske ou montre nou chemen pou nou vin gran menm jan ak ou,
se lè nou renmen epi sèvi frè ak sè nou yo.
PWOPOZISYON:M’ap kontanple grandè
Bondye ki manifeste nan kreyasyon an, antan m’ap rekonèt petitès mwen ak povrete
mwen devan li.
No hay comentarios:
Publicar un comentario