Koulè
Wouj
BATELEMI KI
SEN, Apot
(Fèt)
PREMYE LEKTI
“Nan fondasyon yo menm, te gen douz non Apot
Mouton an”.
NAN LIV
APOKALIPS APOT JAN KI SEN 21, 9b-14
Zanj la pale
avèk mwen, li di: “Vini, m’ap montre ou madanm nan ki fèk marye ak Mouton an”.
Li soulve m’
nan espri sou yon mòn ki gran, ki wo, li montre m’ vil ki sen an, Jerizalèm,
k’ap desann sot nan syèl la, kot Bondye, li gen glwa Bondye a; limyè l’ te
tankou pyè kalite siperyè, tankou pyè yo rele jasp la, tankou kristal.
Li te gen yon
miray ki gran, ki wo, ki gen douz pòt; nan pòt yo te gen douz zanj, te gen non
ki ekri, non douz ras pitit Izrayèl yo.
Nan direksyon
olevan: twa pòt; nan direksyon nò: twa pòt; nan direksyon sid: twa pòt; nan
direksyon okouchan: twa pòt. Miray vil la te gen douz kolòn, sou yo te gen douz
non douz Apot Mouton yo.
Pawòl Granmèt la.
SÒM REPONS 144, 10-11. 12-13ab. 17-18
R/ Granmèt, se pou sen w’ yo fè konnen glwa peyi wa w’
la.
Se pou yo fè
lwanj ou, Granmèt, tout sa ou fè yo; se pou sen ou yo fè konpliman pou ou.
Se pou yo
deklare glwa peyi wa w’ la, se pou yo anonse pouvwa ou.R.
Se pou yo fè
pitit moun yo konnen mèvèy ou yo, ak glwa grandè peyi wa w’ la.
Peyi wa w’ la se
peyi wa tout tan, kòmandman w’ nan pou jenerasyon ak jenerasyon.R.
Granmèt la
kòrèk nan tout wout li yo, li sen nan tout aksyon l’ yo.
Granmèt la
tou pre tout moun k’ap rele l’ yo, tout moun k’ap rele l’ nan verite.R.
LEVANJIL
“Men pitit Izrayèl tout bon vre, nan li pa gen
manti”.
MEN BÒN
NOUVÈL JEZIKRI A DAPRÈ JAN KI SEN 1, 45-51
Lè sa a:
Filip jwenn
Natanayèl, li di l’: “Sa a Moyiz te ekri sou li nan lalwa a ak pwofèt yo, nou
jwenn li, se Jezi, pitit Jozèf, moun Nazarèt la.
Natanayèl di
l’: “Nazarèt! èske yon bagay ki bon kapab sòti la?”
Filip di l’:
“Vini w’a wè”.
Jezi wè
Natanayèl k’ap vin kote l’, li di sou li: “Men yon pitit Izrayèl tout bon vre,
nan li pa gen manti”.
Natanayèl di
l’: “Kote ou konnen m’?”
Jezi reponn, li
di l’: “Anvan Filip te rele ou, lè ou te anba pye figye a, mwen te wè ou”.
Natanayèl reponn
li, li di: “Rabi, ou se Pitit Bondye, ou se wa Izrayèl”.
Jezi reponn, li
di l’: “Paske mwen di ou “Mwen te wè ou anba pye figye a”, ou kwè: w’ap wè pi
gran bagay pase sa”.
Epi li di l’:
“Amèn, amèn mwen di nou: n’ap wè syèl la louvri, epi zanj Bondye yo k’ap
monte-desann anlè Pitit moun nan”.
An nou
fè lwanj ak konpliman pou pawòl Bondye a.
REFLEKSYON: Nan tèks nou li nan liv Apokalips Sen Jan an, nou wè vizyon Jan ki
montre nou Jerizalèm ki bèl, ki klere anpil. Imaj sa pèmèt nou konprannn tankou
kretyen ke nou pa dwe janm dekouraje, ke nou dwe toujou kenbe fèm pou nou pa
janm lage pawòl Bondye a, paske nou gen pou nou al viv nan glwa Granmèt la ki
gen tout pouvwa, viv pou tout tan nan kè kontan, kote p’ap gen tristès ni kè
sere, kote n’ap jwenn tout sa nou bezwen, kote lavi p’ap janm fini.
Nimewo 12 la trè senbolik nan Bib la:
te gen 12 disip ki te pwòch Jezi anpil; Izrayèl te gen 12 tribi, etc… Liv
Apokalips la pèmèt nou wè e konprann tou, kòman Bondye gran, kòman pouvwa li
san limit e tout bèl pwojè li genyen pou nou kòm pitit li.
Levanjil sen
Jan fè nou konprann nou dwe kwè san nou pa wè. Istwa Filip ak Natanayèl la, se
yon istwa ki trè klè: Filip wè nan Jezi pitit Jozèf la sa ki ekri nan lwa Moyiz
la, Natanayèl pa ka kwè ke Nazarèt ka gen yon bagay ki bon ki sòti ladan l’. Lè
Natanayèl rive kot Jezi, li wè nonm sa konn tout sa k’ap pase, lè sa li kwè. Li
enpòtan pou nou menm jodi a kòm kretyen met lafwa nou nan Bondye san nou pa wè;
fòk nou pa tann se yon mirak, se yon bagay sinatirèl ki pou fè nou kwè. Paske
nan Bib la Jezi fè nou konnen ak lafwa, nou kapab fè anpil bagay, nou menm
kapab deplase montay yo. Se poutèt sa, kòm kretyen nou dwe fè Bondye konfyans
nan tout sa n’ap fè, nan fason n’ap viv, paske se li ki sèl wa. Li konnen tout
sa nou kapab fè e tout sa k’ap pase nan lavi nou.
LAPRIYÈ: Bondye Papa nou, ou menm ki
kreye tout bagay, fè nou toujou rete nan volonte w’, pou nou fè sa ki byen, pou
nou pa janm dekouraje. Fè nou toujou rete pitit ou nan jan n’ap viv, pou nou
toujou kwè ou ka fè tout bagay e kwè nan lavi ki p’ap janm fini an. Amèn.
PWOPOZISYON:Nou menm kretyen jodi a, nou dwe fè Bondye konfyans nan eprèv nou yo,
menm si tout bagay parèt nwa pou nou.
No hay comentarios:
Publicar un comentario