Koulè
Vèt
PREMYE LEKTI
«M’ap ba nou yon kè nouvo, m’ap mete yon lespri
nouvo nan mitan nou»
LEKTI LIV PWOFÈT EZEKYÈL 36, 23-28
Men pawòl
Granmèt la:
«M’ap fè wè
kijan non mwen an gran, li menm ki sal nan pami nasyon yo, li menm nou sal nan
mitan yo a, pou nasyon yo konnen se mwen menm Granmèt la, deklarasyon Granmèt
lame yo, lè m’ap fè wè kijan mwen sen nan mitan nou, devan yo.
M’ap pran nou
sot nan nasyon yo, m’ap rasanble nou sot nan tout peyi yo, m’ap mennen nou nan
peyi nou an, m’ap vide yon dlo pwòp sou nou, n’ap pwòpte sot nan tout sa k’ sal
nou, anba tout zidòl nou yo m’ap pwòpte nou, m’ap ba nou yon kè nouvo, m’ap
mete yon lespri nouvo nan mitan nou, m’ap wete kè wòch la sot nan chè nou, m’ap
mete lespri m’ nan mitan nou, m’ap fè nou mache nan lòd mwen yo, pou nou kenbe
jijman m’ yo, pou nou reyalize yo. N’ap abite nan tè a, sa m’ bay zansèt nou
yo, n’ap pèp mwen, m’ap Bondye nou».
Pawòl
Granmèt la.
SÒM REPONS 50, 12-13. 14-15. 18-19
R/ M’ap vide yon
dlo pwòp sou nou, n’ap pwòpte sot nan tout sa k’ sal nou.
Kreye yon kè
pwòp nan mwen, Bondye, refè yon lespri fèm nan zantray mwen yo.
Pa jete m’
lwen fas ou, Lespri Sen ou nan, pa wete l’ sot nan mwen.
Renmèt mwen
kè kontan delivrans ou a, asire m’ ak lespri ki pi vif la.
M’ap aprann
moun ki nan peche yo chemen ou yo, mechan yo ap tounen vin jwenn ou.R.
Sèke ou p’ap
pran plezi nan sakrifis, sakrifis antye, si m’ ofri l’, li p’ap fè ou plezi.
Sakrifis pou
Bondye, se yon lespri ki kraze, yon kè ki kraze, ki rabese, Bondye p’ap meprize
l’.R.
LEVANJIL
«Tout sa nou jwenn, envite yo vin nan nòs»
MEN BÒN NOUVÈL JEZIKRI A DAPRÈ MATYE KI SEN 22,
1-14
Lè sa a:
Jezi pran
lapawòl, li pale an parabòl ankò pou chèf prèt yo ak ansyen pèp yo, li di: «Rèy
syèl yo se tankou yon wa, ki fè nòs pou pitit li: Li voye sèvitè l’ yo rele
envite yo pou nòs la, men yo refize vini.
Li voye dòt
sèvitè ankò, li di: «Di envite yo: Men resepsyon m’ nan pare,
mwen touye towo m’ yo, ni poul yo yo t’ap angrese yo, tout bagay pare: vin nan
nòs». Yo menm, yo fè neglijans; yo pati, youn nan jaden l’, yon lòt nan
komès li; lòt yo menm kenbe sèvitè yo, yo touye yo anba kou.
Lè wa a tande
sa, li fache; li voye lame l’ yo, li touye kriminèl sa yo, li boule vil yo.
Aprè sa, li di
sèvitè l’ yo: «Nòs la deja pare, men envite yo pa t’ merite l’. Ale nan kalfou
yo, tout moun nou jwenn, envite yo vin nan nòs». Sèvitè l’ yo sòti sou wout yo,
yo rasanble tout moun yo jwenn, move kon bon; nòs la plen ak moun ki sou tab.
Wa a antre, pou
l’ wè moun ki sou tab yo; li wè yon moun ki pa t’ abiye ak rad nòs, li di 1’:
«Zanmi, kijan ou fè antre isit la, san ou pa gen rad nòs?» Li pe bouch li. Wa a
di sèvitè yo: «Mare men l’ ak pye l’, jete l’ nan fènwa deyò yo; kote sa a se
rèl ak manje dan k’ap genyen». Sèke gen anpil envite, men se yon ti kras yo
chwazi».
An nou
fè lwanj ak konpliman pou pawòl Bondye a.
REFLEKSYON: Jodi a Levanjil la pale nou sou gwo fèt
ki pral fèt nan syèl. Nou jwenn sa repete anpil nan predikasyon Jezi. Gwo fèt sa a ap fèt nan dènye tan yo, epi li pa lòt
bagay ke maryaj Jezi avèk Legliz li a.
Legliz la se madan marye Kris la, ki
ap fè wout li nan mond la, men ki pral
rete ansanm ak sila a li renmen an pou tout tan alafen. Se Bondye Papa a ki
prepare gwo fèt la e li envite nou pou nou patisipe. Li envite tout moun pou yo
ale nan fèt la: «Men resepsyon m’ nan
pare,…vin nan nòs» (Mt 22,4).
Parabòl sa, yon lòt
bò, li prezante nou yon tablo ki yon ti jan tris, paske «anpil moun fè neglijans; yo pati, youn nan jaden l’, yon lòt nan
komès li; lòt yo menm kenbe sèvitè yo, yo touye yo anba kou» (Mt 22,5). Se poutèt sa, Bondye nan mizerikòd li, li al chache
moun ki pi lwen yo. Se tankou yon fiyanse ki pral marye e ki envite paran ak zanmi
li, men yo pa vle vini. Kidonk li fè apèl ak zanmi, kòlèg travay li ak vwazen
li, men moun sa yo tou yo jwenn pretèks pou yo pa ale nan nòs la; finalman li
voye envitasyon bay tout moun li wè nan lari, paske li te preparè yon gwo fèt e
li ta renmen gen envite ki vin chita ansanm ak li. Se menm jan an tou pou
Granmèt la.
Pètèt, nou sanble ak diferan moun ke nou jwenn nan parabòl sa. Gras ak
batèm nou, nou vin tounen zanmi Bondye ak Jezi, nou vin tounen eritye ansanm ak
Jezi: kidonk plas pa nou rezève nan fèt la. Si nou bliye pozisyon nou kòm pitit
Bondye, Bondye ap toujou trete nou tankou zanmi li epi l’ap kontinye envite
nou. Si nou kite gras la mouri nan nou, alò nou vin tounen moun lari, moun k’ap
pase e ki pa gen okenn rapò ak wayòm nan. Men Bondye toujou kontinye envite nou.
Apèl la ka rive jwenn nou nenpòt moman. Pèsonn pa gen dwa ale nan fèt la si yo pa envite li. Paske se Bondye li
menm ki apèsi nou e ki envite nou: «Vin
nan nòs». Se yon envitasyon pou nou aksepte nan pawòl nou ak nan aksyon
nou. Se poutèt sa yon moun ki pa byen abiye y’ap mete li deyò: «Zanmi, kijan ou fè antre isit la, san ou pa gen rad nòs?
An nou pwofite tan sa pou nou prepare nou pou fèt la, pou
nou pa pran desepsyon.
LAPRIYÈ: Granmèt, ou pa gade nou sou aparans pou
envite nou nan bèl fèt lakay ou; ou rele tout moun, tout nasyon, pou vin
patisipe nan piyay lavi ak kè kontan. Tanpri, ede nou louvri kè nou pou akeyi
renmen, puiske ou envite nou sou menm tab ak ou. Amèn
PWOPOZISYON: Pou m’ reponn
avèk envitasyon Granmèt la, fòk mwen gen kè mwen pwòp.
No hay comentarios:
Publicar un comentario