Koulè Blan.
MARI KI SEN,
KI VYÈJ, KI RÈN
(Memwa)
PREMYE LEKTI
«M’ap delivre bann mouton m’ yo sot nan bouch
yo, li p’ap sèvi yo kòm manje ankò»
LEKTI LIV PWOFÈT EZEKYÈL 34, 1-11
Jou sa yo:
Pawòl Granmèt
la rive kote m’, li di: «Pitit moun, fè deklarasyon pwofèt osijè gadyen Izrayèl
yo, fè deklarasyon pwofèt ou a, di gadyen yo: Men pawòl Granmèt Bondye a:
«Madichon pou gadyen Izrayèl yo, k’ap okipe pwòp tèt yo! Èske se pa bann mouton yo pou gadyen yo okipe? Lèt la, nou bwè l’; lenn
nan, nou kouvri avèk li; sa k’ te gra a, nou touye l’: men bann mouton m’ yo,
nou pa okipe yo; sa k’ te fèb la, nou pa ba l’ fòs; sa k’ te malad la, nou pa
geri l’; sa k’ te blese a, nou pa panse l’; sa yo rejte a, nou pa ramne l’; sa
k’ te pèdi a, nou pa chèche l’, men se avèk britalite nou t’ap kòmande yo, epi
avèk fòs. Mouton m’ yo gaye, paske pa t’ gen gadyen; tout bèt nan bwa yo devore
yo, yo gaye. Mouton m’ yo pèdi wout sou tout mòn yo ak sou tout ti wotè, ak sou
tout fas tè a mouton m’ yo gaye; pèsòn pa chèche yo, mwen di l’: pa gen pèsòn
ki chèche yo!»
Poutèt sa,
gadyen yo, koute pawòl Granmèt la: «Mwen fè sèman sou lavi mwen, deklarasyon
Granmèt la, yo piye bann mouton m’ yo, tout bèt bwa yo devore mouton m’ yo,
paske pa t’ gen gadyen; gadyen yo pa t’ chèche bann mouton m’ yo, men se pwòp
tèt pa yo yo t’ap okipe, yo pa t’ okipe bann mouton m’ yo»:
Se pousa, gadyen
yo, koute pawòl Granmèt la: Men sa Granmèt Bondye di: «Men m’ap vini regle
gadyen yo; m’ap pran bann mouton m’ yo sot nan men yo, m’ap fè yo sispann okipe
bann mouton m’ yo, konsa gadyen yo p’ap okipe pwòp tèt yo ankò; m’ap delivre
bann mouton m’ yo sot nan bouch yo, yo p’ap sèvi ak yo kòm manje ankò».
Se pousa men
pawòl Granmèt Bondye a: «Se mwen menm k’ap chèche mouton m’ yo, k’ap vizite
yo».
Pawòl Granmèt la.
SÒM REPONS 22, l-3a. 3b-4. 5. 6
R/ Granmèt la swen m’, mwen p’ap manke anyen.
Granmèt la ap
kondui m’, anyen p’ap manke m’;
Nan zèb vèt li
enstale m’, sou bò dlo trankil li mennen m’, li refè nam mwen.R.
Li kondui m’
nan tras wout jistis poutèt non l’.
Sèke menm si
m’ap mache nan bafon lonbraj lanmò, mwen p’ap pè malè, paske ou avèk mwen. Baton ou ak bagèt ou se yo k’ap konsole m’.R.
Ou pare yon tab
devan fas mwen kont sila yo k’ap fè m’ pase tray;
ou swen tèt mwen
ak losyon, kalis mwen ap debòde.R.
Reyèlman vre se
bon kè sansib k’ap rapousuiv mwen tout tan lavi m’, m’ap abite nan lakay
Granmèt la pou tout longè tan yo.R.
LEVANJIL
«Èske je ou move, paske mwen bon? »
MEN BÒN NOUVÈL JEZIKRI A DAPRÈ MATYE KI SEN 20,
1 -16a
Lè sa a: Jezi di
parabòl sa a pou disip li yo:
«Rèy syèl yo
sanble ak yon pèd-fanmi, ki sòti granmaten pou l’ angaje travayè nan jaden
rezen l’. Li pase kontra avèk travayè yo pou yon goud pa jou, li voye yo nan
jaden rezen l’ nan.
Li sòti vè nevè
dimaten, li wè dòt ki kanpe nan lari a san yo p’ap fè anyen, li di yo: «Nou
menm tou, al nan jaden rezen m’ nan; sa k’ kòrèk, m’a ba nou li». Yalé vré. Li
soti ankò vè midi, vè touazè, li fè minm jan.
Vè senkè aprè
midi, li sòti tou, li jwenn dòt ki kanpe, li di yo: «Pouki sa nou kanpe tout
jounen san nou pa fè anyen?» Yo di l’: «Paske pèsòn pa anplwaye nou». Li di yo:
«Ale nou menm tou nan jaden rezen m’ nan».
Lè aswè rive, mèt
jaden rezen an di jeran l’ nan: «Rele travayè yo, ba yo pri travay yo, kòmanse
ak dènye yo pou nou rive nan premye yo». Lè sa k’ te rive vè senkè aprè midi yo
pwoche, yo chak, yo jwenn yon goud.
Lè premye yo
menm pwoche, yo te konprann yo t’ap jwenn plis; men yo chak yo jwenn yon goud
sèlman.
Lè yo pran l’,
yo babye kont pèd-fanmi an, yo di: «Dènye sa yo fè inèdtan sèlman, epi ou trete
yo menm jan ak nou, nou menm ki pote pwa lajounen an ak chalè a». Li menm li
reponn youn nan yo, li di: «Zanmi, mwen pa fè ou abi; èske se pa t’ pou yon
goud ou te antann ou avèk mwen? Pran afè ou,
al fè wout ou; mwen vle bay sila a ki vin an dènye a menm jan avèk ou. Oubyen,
èske mwen pa gen dwa fè sa m’ vle? Èske je ou move, paske mwen menm mwen bon? »
Se konsa dènye yo ap premye, epi premye yo ap dènye».
An nou
fè lwanj ak konpliman pou pawòl Bondye a.
REFLEKSYON: Kèk fwa nan lavi nou,
nou konn di se pi piti k’ap toujou anba; men pwofèt Ezekyèl nan liv li a l’ap
montre nou daprè eksperyans li, Bondye pa wè bagay yo menm jan ak nou. Granmèt
ba li misyon pou li pote yon mesaj bay bay pastè yo k’ap maltrete mouton l’ yo
nan Izrayèl, pou li fè yo konnen li wè mizè pèp li a, li wè soufrans li. Kidonk
je Bondye pa fèmen sou sitiyasyon nou, sou sa k’ap pase nan antouraj nou:
Granmèt la gade, li jije epi li aji.
Anpil
fwa nou konn panse Bondye bliye nou. Men jodi a l’ap raple nou li la, renmen
nou, li konprann tout pitit li yo. E l’ap fè sa ki nesesè pou li ede yo grandi, l’ap
pran swen nou.
Bondye
vle nou pran yon lòt direksyon, li vle lavi nou chanje. Se poutèt sa, antan
l’ap ba nou lebra, li mande nou travay nan kole zepòl, nan solidarite pou pou
tout moun ka viv kòmsadwa.
Nan
tan n’ap viv jodi a, se yon tan ki make ak lespri egoyis ak tout lòt vye
santiman. Se reyalite sa ki lakoz anpil moun ap soufri. Se yon gwo defi pou nou
chanja sa, men ak konkou Bondye montay yo va deplase.
LAPRIYÈ :
Bondye, ou menm ki fè Manman Sèl Pitit ou a vin Manman nou ak Rèn nou,
fè nou favè ak bon kè ou, pou, gras a sekou priyè l’, nou rive jwenn glwa pitit
ou yo nan peyi wa syèl la. Pa pouvwa Jezikri. Amèn
PWOPOZISYON : Menm jan Bondye bon ak mwen, m’ap fè sa ki
bon pou tout moun.
No hay comentarios:
Publicar un comentario