Koulè Blan.
PI DIS KI
SEN, Pap
(Memwa)
PREMYE LEKTI
«Se moun ou ye, se pa Bondye, ou mete kè ou
tankou kè Bondye»
LEKTI LIV PWOFÈT EZEKYÈL 28, 1-10
Jou sa yo:
Pawòl Granmèt
la rive kote m’, li di: «Pitit moun, di chèf Tir la: «Men paròl Granmèt Bondye
a: Poutèt ou leve kè ou, ou di: se Bondye mwen ye, se sou fotèy Bondye mwen
enstale nan kè lanmè a, malgre se moun ou ye, se pa Bondye a, ou mete kè ou
tankou kè Bondye; men ou gen plis sajès pase Danyèl, pa gen okenn sekrè ki
kache pou ou; ak sajès ou, ak entelijans ou, ou bati kay defans, ou posede
lajan ak lò nan trezò ou yo; nan tout pakèt sajès ou ak nan komès ou, ou vin
devlope fòs ou, ou leve kè ou nan fòs ou».
Se pou sa men
pawòl Granmèt Bondye a: «Poutèt ou leve kè ou tankou kè Bondye a, se pousa men
m’ap fè etranje yo rive sou ou, sa k’ pi fò nan nasyon yo, y’ap drese epe yo
sou bèlte sajès ou an, y’ap sal bèlte ou la, y’ap touye ou, y’ap maltrete ou,
w’ap mouri neye nan kè lanmè a. Èske w’ap pale pou ou di: «Se Bondye mwen ye»
devan moun yo k’ap touye ou yo? W’ap mouri lanmò
moun ki pa sikonsi yo, nan men etranje yo, paske se mwen ki pale, deklarasyon
Granmèt Bondye.
Pawòl
Granmèt la.
SÒM REPONS Det 32, 26-27ab. 27cd-28a. 30.
35cd-36ab
R/ Se mwen menm k’ap touye, se mwen menm k’ap fè viv.
Mwen di: «Kote
yo ye? M’ap fè souvni yo sispann nan pami lèzòm»;
men poutèt kòlè
lènmi yo mwen renonse, pou lènmi yo pa leve tèt yo.R.
Yo ta di: «Se
men nou ki anlè nèt, se pa Granmèt la ki fè tout bagay sa yo».
Se nasyon ki san
bon sans yo ye, yo pa gen entelijans.R.
Kijan yon sèl
kapab rapousuiv mil, pou de moun fè di-mil moun kouri?
Èske se pa paske
Bondye yo a te vann yo, Granmèt la fèmen yo? R.
Jou pou yo detwi
a, li tou pre, tan yo pre rive.
Granmèt la ap
jije pèp li a, l’ap pran pitye pou sèvitè l’ yo.R.
LEVANJIL
«Li pi fasil pou yon chamo pase nan je zegui, pase
pou yon moun rich antre nan rèy syèl yo».
MEN BÒN NOUVÈL JEZIKRI A DAPRÈ MATYE KI SEN 19,
23-30
Lè sa a:
Jezi di disip
li yo: «An verite, mwen di nou, l’ap
difisil pou yon moun rich antre nan rèy syèl yo. Mwen di nou sa
ankò: li pi fasil pou yon chamo pase nan je zegui pase pou moun rich antre nan
rèy syèl yo».
Lè disip yo
tande sa, yo sezi anpil, yo di: «Ebyen kilès ki kapab sove?»
Jezi gade, li di
yo: «Pou lèzòm sa pa posib; pou Bondye menm, tout bagay posib».
Lè sa a atò Pyè
pran lapawòl, li di l’: «Men nou menm nou kite tout bagay, nou suiv ou; ki sa
n’ap genyen?»
Jezi menm di yo:
«An verite mwen di nou, nou menm ki suiv mwen an, lè tout bagay ap refèt, lè
Pitit moun nan ap chita sou fotèy bèlte l’, n’ap chita nou menm tou sou douz
fotèy, pou nou jije douz fanmiy Izrayèl yo.Tout moun k’ap kite kay oubyen frè,
oubyen sè, oubyen papa, oubyen manman, oubyen madanm, oubyen pitit, oubyen
jaden, poutèt non mwen, l’ap resevwa san fwa plis, l’ap genyen lavi tout tan
an».
An nou
fè lwanj ak konpliman pou pawòl Bondye a.
REFLEKSYON: Pwofèt Ezekyèl fè chèf
Tir la sonje li se moun, li pa gen dwa pou konpòte l’ tankou Bondye. Se yon
fason pou l’ avèti l’ ke pouvwa ak lajan pa fè pati pwojè Bondye a, paske si l’
pa konpòte l’ kòm moun pou l’ fè l’ piti devan Bondye, lè jou a rive pou l’ pini
l’, gwo pouvwa ak entelijans li yo p’ap kab fè anyen pou li.
Nan
Levanji la, nou konprann ki kalite lajwa Jezi pote nan kè patizan li yo, lè li
di yo, yo menm ki kite tout bagay pou yo swiv li, y’ap jwenn rekonpans; nou
menm tou k’ap suiv Jezi nan tan sa a, se pa pou granmesi, paske n’ap jwenn
rekonpans nou, men moun ki kite richès, byen latè okipe premye plas nan lavi
li, moun sa a p’ap kab antre nan wayòm syèl la. Kidonk, daprè limyè pawòl
Bondye a li enpòtan pou nou fè yon ti gade kisa ki okipe premye plas nan lavi
nou, epi kijan nou konpòte nou lè nou gen pouvwa. Èske anpil fwa nou
pa nan konpetisyon ak Bondye, nan fason nou panse nou gen pouvwa pou fè tout
bagay ? Èske anpil fwa nou pa pretann nou pi enpòtan pase lòt, nan fason
nou meprize yo ?
Jezi
envite nou pou nou mete an kesyon kèk abitid, kèk koutim ki pa ede moun grandi
ak diyite pitit Bondye, tankou: lajan, klas sosyal, pouvwa ak prestij.
Okontrè,
sa ki ede nou grandi e fè pwogrè tout bon, se lè nou mete tèt nou ansanm pou
nou travay, nan renmen, respè youn pou lòt. Se lè nou konnen nou tout se pitit
Bondye, nou tout gen menm dwa, menm privilèj, nou tout se frè ak sè.
LAPRIYÈ: Granmèt, pa kite mwen tonbe nan
tantasyon ki fè mwen kwè mwen se yon pakèt afè. Ede m’ viv senp, nan lanmou ak
tolerans.
PWOPOZISYON:Mwen dwe rekonèt tout moun gen menm valè ak mwen: mwen pa ni plis ni
mwens pase pèsonn.
No hay comentarios:
Publicar un comentario