Páginas

LENDI 20-8-2018 (BÈNA KI SEN, Abe e Savan sakre Legliz la)


Koulè Blan.
BÈNA KI SEN, Abe e Savan sakre Legliz la.
(Memwa)
PREMYE LEKTI
''Ezekyèl ap sèvi siy pou nou: daprè sa l’ fè, se sa n’ap fè".
LEKTI LIV PWOFÈT EZEKYÈL 24, 15-24
Pawòl Granmèt la rive kote m’, li di:
"Pitit moun, men mwen wete nan men ou sa je ou anvi a, sa rive anvan je ba t; ou p’ap kriye, ou p’ap plenn, ou p’ap kite dlo koule sot nan je ou. Se pou ou plenn an silans, ou p’ap fè dèy pou moun mouri, se pou bèl bando ou mare tèt ou, pou sandal ou nan pye ou; pa vwale bouch ou avèk mouchwa, pa manje manje dèy".
Mwen pale ak pèp la nan maten, madanm mwen mouri nan aswè; nan landmen maten, mwen fè jan l’ te kòmande m’ nan.
Pèp la di m’: "Èske ou p’ap di nou sa sa vle di, sa ou fè la a?"
Mwen di yo: "Pawòl Granmèt la rive kote m’, li di: 'Pale ak kay Izrayèl la: Men pawòl Granmèt Bondye a: Men m’ap sal kay sakre m’ nan, fyète peyi nou an, ak sa je nou anvi a, sa nam nou ap tranble pou li a; pitit gason nou yo ak pitit fi nou yo nou kite yo, y’ap tonbe anba kout epe. N’ap fè tankou mwen fè a: nou p’ap vwale bouch nou ak mouchwa, nou p’ap manje manje dèy, n’ap kite bèl bando mare tèt nou, ak sapat nan pye nou; nou p’ap kriye, nou p’ap plenn, men n’ap deperi nan fot nou yo, chak moun ap plenn bay frè l’. Ezekyèl ap sèvi siy pou nou: daprè tout sa l’ fè yo, n’ap fè tou, lè bagay sa a ap rive; n’ap konnen se Granmèt Bondye-a mwen ye".
Pawòl Granmèt la.
SÒM REPONS Dt 32, 18-19. 20-21 (r.: 18a)
R/ Bondye ki te ba ou lavi a, ou lage l’.
Bondye ki te ba ou lavi a, ou lage l’, ou bliye Granmèt la ki te kreye ou la.
Granmèt la wè, li eksite nan kòlè, paske pitit gason l’ yo ak pitit fi l’ yo pwovoke l’.R.
Li di: "M’ap kache fas mwen lwen yo, m’ap kalkile finisman yo; jenerasyon rebèl, pitit ki pa fidèl.
Yo pwovoke m’ avèk bagay ki pa Bondye, yo fè m’ fè kòlè avèk bagay ki pa gen valè;
mwen menm tou m’ap pwovoke yo avèk bagay ki p’ap pèp, avèk nasyon ki sòt, m’ap eksite yo".R.
LEVANJIL
"Si ou vle vin kòrèk nèt, vann sa ou genyen, w’ap gen yon trezò nan syèl la".
MEN BÒN NOUVЀL JEZIKRI A DAPRЀ MATYE KI SEN 19, 16-22
Lè sa a:
Gen yon moun ki pwoche, li di Jezi: "Bon Mèt, ki sa pou m’ fè ki bon pou m’ gen lavi tout tan an?"
Li di l’: "Pouki sa w’ap poze m’ kesyon sou sa k’ bon an? Se yon sèl ki bon, se Bondye. Men si ou vle antre nan lavi a, obsève kòmandman yo".
Li di l’: "Kilès?"
Jezi menm di l’: "Pa touye moun, pa fè adiltè, pa vòlè, pa fè temwayaj ki pa vre, respekte papa ou ak manman ou, renmen pwochen ou tankou ou menm".
Jenòm nan di l’: "Mwen te kenbe tout bagay sa yo depi m’ tou jèn; ki sa m’ manke ankò?"
Jezi di l’: "Si ou vle vin kòrèk nèt, ale, vann sa ou genyen, bay pòv yo, w’ap gen yon trezò nan syèl la; epi vini, suiv mwen".
Lè jenòm nan tande pawòl sa a, li pati tou tris. Sèke li te gen anpil byen.
An nou fè lwanj ak konpliman pou Pawòl Bondye a.
RELEKSYON: «Ki sa pou m’ fè ki bon pou m’ gen lavi tout tan an? »
Jodi a, litiji a envite nou reflechi sou istwa nèg ki te gen anpil byen an, yon jenòm ki pa t’ konnen kisa pou li reponn lè Jezi gade li ak anpil lanmou (Mak 10, 21). Jan Pòl II fè nou sonje nan jenòm sa a nou kapab rekonèt tout moun ki pwoche bò kote Kris la pou mande li ki sans pwòp lavi li genyen: «Mèt, Ki sa pou m’ fè ki bon pou m’ gen lavi tout tan an? » (Mt 19,16). Pap la eksplike ke sila k’ap pale ak Jezi a genyen revelasyon sou relasyon ki genyen ant byen moral la ak akonplisman total sa ki deja rezève pou li a.
Jodi a, konbyen moun ki poze tèt yo menm kesyon sa a! Si nou gade nan antouraj nou, petèt nou kapab kwè ke kantite moun ki wè pi lwen ke zye yo pa anpil, oubyen nou panse ke moun k’ap viv nan 21 syèk la pa bezwen poze tèt li kesyon sa yo puiske repons yo p’ap sèvi li anyen.
Jezi reponn «Pouki sa w’ap poze m’ kesyon sou sa k’ bon an? Se yon sèl ki bon, se Bondye. Men si ou vle antre nan lavi a, obsève kòmandman yo» (Mt 19,17).
Li pa sèlman bon pou nou poze tèt nou kesyon sou sa ki konsène avni an, sans lavi a, men li nesesè pou nou fè sa. Jenòm nan mande Jezi kisa pou li fè pou gen lavi tout tan an, e Kris la reponn li fòk li bon.
Jounen jodi a, pou kèk moun, pou anpil moun, finalman, sa sanble enposib pou yon moun bon. Oubyen yo konsidere sa pa gen sans: si w’ bon se kòm si ou egare!
Jodi a, tankou sa fè 20 syèk, Kris la kontinye raple nou pou nou antre nan lavi tout tan an, fòk nou obeyi kòmandman Bondye yo: sa pa yon finisman nan li, men se chemen ke lòm nan dwe pran  pou li kapab rive sanble ak Bondye  e konsa, pou li kapab resevwa lavi tout tan an nan men Papa li. Vrèman vre, «Jezi montre nou kòmandman yo pa dwe yon liminit minimòn ke nou pa dwe depase, men se yon chemen moral e espirityèl k’ap fè nou vin bon nèt, e motè li se lanmou an» (Jan Pòl II).
LAPRIYЀ: Granmèt, fè mwen swaf ou, pou mwen kapab chèche ou. Delivre mwen anba tantasyon byen materyèl pou m’ ka gen trezò lavi ou pwomèt mwen an. Pa pouvwa Jezikri. Amèn.
PWOPOZISYON: Tout sa mwen genyen se Bondye ki ban mwen li. Mwen p’ap kite richès materyèl anpeche mwen sèvi Bondye.

No hay comentarios:

Publicar un comentario