Koulè Vèt
VENTYÈM DIMANCH ÒDINÈ, ANE-B
PREMYE LEKTI
"Manje pen
m’, bwè diven an mwen melanje pou nou an".
LEKTI LIV PWOVÈB YO 9, 1-6
Sajès la bati kay li, li drese sèt kolòn li yo, li touye bèt li yo pou
sakrifis la, li melanje diven an, li drese tab li a; li voye sèvant li yo pou
yo rele nan pòtay la ak sou wotè lavil la: "Si yon moun tou piti, se pou
l’ vin jwenn mwen".
Pou moun ki pa gen konprann yo, li di: "Vini, manje pen m’ nan, bwè
diven m’ nan mwen melanje pou nou an; kite konduit ti moun nan, vin aprann
lavi, mache nan chemen entelijans la".
Pawòl Granmèt
la.
SÒM REPONS 33,
2-3. 10-11. 12-13. 14-15 (r.: 9a)
R/ Goute, n’a wè kijan Granmèt la bon.
M’ap fè konpliman pou Granmèt la nan tout okazyon, tout tan lwanj li nan
bouch mwen.
Nan Granmèt la nam mwen ap jwenn bèlte l’, se pou pòv yo tande, pou yo
kontan.R.
Se pou nou respekte Granmèt la, nou menm sen l’ yo, paske pa gen grangou
pou moun ki respekte l’ yo.
Rich yo vin pòv, yo grangou, men sa k’ap chèche Granmèt la, yo pa manke
okenn byen.R.
Pa kite lang ou fè sa k’ mal, pa kite pou bouch ou pale manti.
Vire do bay mal, fè byen, chèche lapè, rapousuiv li.R.
DEZYÈM LEKTI
"Chèche
konprann volonte Bondye a".
LEKTI LÈT APOT PÒL KI SEN POU EFEZYEN YO 5, 15-20
Gade, frè m’ yo, kijan nou dwe fè atansyon nan fason n’ap kondui tèt nou:
nou pa dwe aji tankou moun ki pa gen konprann, men se tankou moun sajès pou nou
aji; se pou nou sèvi ak tan an byen, paske jou yo pa bon. Se pousa pa aji san
reflechi, men chèche konprann sa Bondye vle.
Pa kite diven fè nou sou, nan diven an gen tandans pou plezi malonèt, men
se pou nou plen ak Lespri Sen an, se pou nou chante sòm, kantik ak chante
lespri nan pami nou, se pou nou chante, pou nou fè lwanj Granmèt la nan kè nou,
antan n’ap di Bondye Papa a mèsi tout tan pou tout moun o non Granmèt nou an
Jezikri.
Pawòl Granmèt
la.
LEVANJIL
"Chè m’ se
manje tout bon vre a, san m’ se bwason tout bon vre a".
MEN BÒN NOUVÈL JEZIKRI A DAPRÈ SEN JAN 6, 51-59
Lè sa a: Jezi di foul yo:
"Mwen se pen vivan an, ki desann sot nan syèl la. Si yon moun manje
nan pen sa a, l’ap viv tout tan; epi pen an m’ap bay la, se chè m’ pou lavi tè
a".
Juif yo t’ap babye, youn t’ap di lòt: "Kijan pou sila a kapab ba nou
chè l’ pou nou manje?"
Jezi di yo:
"An verite, an verite mwen di nou, si nou pa manje chè Pitit moun nan,
si nou pa bwè san l’, nou p’ap gen lavi nan nou. Moun ki manje chè m’, ki bwè
san m’, li gen lavi ki p’ap janm fini an, epi mwen menm m’ap fè l’ leve vivan
nan dènye jou a.
Chè m’ se manje tout bon vre a, san m’ se bwason tout bon vre a. Moun ki
manje chè m’, ki bwè san m’, li ret nan mwen, mwen ret nan li. Menm jan Papa a
ki voye m’ nan li vivan, epi mwen viv gras a Papa a, konsa tou, moun ki manje
m’ nan, l’ap viv gras a mwen.
Sa a se pen an ki desann sot nan syèl la. Li pa tankou lamán nan zansèt nou
yo te manje a, epi yo te mouri. Moun ki manje
pen sa a, l’ap viv tout tan".
An nou fè lwanj
ak konpliman pou pawòl Bondye a.
REFLEKSYON: Nan ventyèm (20èm)
dimanch tan senp, ane B a, litiji a envite
nou reflechi sou «Sakreman Lekaristi = Lakominyon». Men, kisa sa vle di menm ? Daprè
lansènyeman Legliz la, lekaristi se «di
Bondye mèsi ». Mèsi pou Kò ak San li nou resevwa nan
losti. Mèsi Pou kalite mèvèy sa a nou p’ap janm konprann nan menmsi nou kwè l’.
Sa vle di, pen an ki tounen Kò Jezi, e diven an ki tounen San
Jezi, sa se yon mèvèy (yon mistè). Se sa pè a di nan
konsekrasyon an.
Nan levanjil jodi a Jezi
fè kalite deklarasyon sa a etan l’ di nou : ‘‘Mwen se pen vivan-an, ki desann sot nan syèl la». Pawòl sa a
deranje Jwif yo anpil paske pou yo menm Jezi pa kapab ba yo chè l’ (= vyann kò li) pou yo manje. Yo pa kanibal (= yon bèt ki manje vyann sèlman).
Konsa, yo pa kapab manje chè l’. Sa vle di, jwif yo pa t’ konprann deklarasyon
Jezi a. Je yo bouche. Plis y’ap babye, se plis y’ap rekile sou
chemen lafwa-a. Aparans ki devan yo-a
avègle yo.Yo pa reyisi depase sa yo wè ak je yo, pou yo antre nan sa yo pa wè ak je
kò yo.
Dayè liv pwovèb la
eksplike sa trè byen kijan lasajès drese tab li, li melanje diven-an, li envite
nou vin manje pen-an, dekwa pou nou kab mache nan chemen sajès la. Goute,
n’a wè jan Granmèt la bon, nou (sòm 33). Kidonk, vrè manje a, vrè
bwason an, se Kò Jezi, se San Jezi, ki se Lekaristi
ki bay vrè sajès la, ki pèmèt nou wè limyè pou nou oryante demach nou nan
lavi a, pou nou pran direksyon ki fè Bondye plezi.
Moun ki manje Chè m’, ki
bwè San m’, li gen lavi ki p’ap janm fini an. Konsa, m’ap fè l’ leve vivan nan
dènye jou a. L’ap ret nan mwen, e m’ap ret nan li; l’ap viv nan mwen pou
toutan.
Frè ak sè m’ yo, nan
levanjil Sen Jan an, Jezi pa di kò, li di pito «Chè ». Sa fè nou sonje
kòman pawòl la vin tounen chè, li abite nan mitan nou (Jn 1,14). Chè a se Jezi
ki vivan an, men ki moun tankou nou, ki gen pou l’ pase nan lanmò a tankou tout
moun. Chè
sa a, se pa yon moso vyann yo koupe ki pa gen lavi ladan l’, ki pa gen lespri a
k’ap fè l’ viv la. Men, se pito Jezi toutantye ki mouri e ki leve byen
vivan. E si Lespri a pa bay lavi, chè a pa sèvi anyen. Ki donk, ni chè a ni
lespri a, yo mache ansanm.Youn pa ka mache kite lòt. Se tankou de zèl yon zwazo
ki pemèt li vole. Si youn kase, zwazo a pap ka vole. Se konsa nan sakreman
Lekaristi a, se Jezi nèt ki la avèk kò l’, san l’, nanm li, nati Bondye l’.
Si nou pa manje chè Pitit
Moun nan, nou p’ap gen lavi. Chè pitit moun nan, se yon pèsonaj kote syèl la ak
tè a rankontre (Dn 7,13-14), kote Bondye ak moun rankontre. Pitit moun nan sèvi
entèmedyè ant Bondye ak moun yo. Pitit moun nan, se Jezi li menm. Konsa Jezi fè
n’ wè Lekaristi a se li menm kòm Pitit Moun nan (Jn 6,53). Moun ki manje kòm,
ki bwè sanm, li fè yon sèl ak mwen, mwen
fè yon sèl ak li ; e l’ap gen lavi ki p’ap janm fini an.
Se pou Lavyèj Mari,
gadyen lafwa nou ak medyatris nou, toujou entèsede pou nou bò kot piti li Jezi.
Se pou l’ toujou ede nou gen lanvi ak apeti pou n’ renmen Lekaristi. Amèn !
LAPRIYÈ: Jezi ou menm ki se sous lavi a, fè m’ bwè nan ou
toutan pou m’ ka gen lavi.
PWOPOZISYON : M’ap adore Jezi ki byen
vivan nan Losti a, m’ap kite li gade mwen, m’ap tande sa l’ap di mwen.
No hay comentarios:
Publicar un comentario