Koulè
Vèt
PREMYE LEKTI
«M’ap jije chak
moun daprè wout li yo»
LEKTI LIV PWOFÈT EZEKYÈL 18, 1-10. 13b. 30-32
Pawòl Granmèt la
rive kote m’, li di:
«Pouki sa n’ap
pale parabòl nan pami nou, avèk pwovèb sa a nan peyi Izrayèl la, n’ap di:
«Zansèt yo manje rezen vèt, epi dan pitit yo sezi?»
Mwen vivan,
deklarasyon Granmèt Bondye, parabòl sa a p’ap sèvi pwovèb ankò nan Izrayèl. Men
tout vivan se pou mwen, ni lavi papa a, ni lavi pitit la, se pou mwen: moun ki
fè peche a, se li menm k’ap mouri.
Si yon moun
kòrèk epi li fè jijman ak jistis, li pa manje sou mòn yo, li pa leve je l’ sou
zidòl kay Izrayèl la, li pa derespekte madanm pwochen l’, li pa pwoche kot yon madanm
ki gen peryòd li, li pa fè moun lapenn, li renmèt moun ki dwe l’ la sa l’ te
pran kòm garanti a, li pa sezi anyen avèk fòs, li bay moun ki grangou manje, li
abiye moun ki nikò ak rad li, li pa prete avèk enterè, li pa resevwa an plis,
li vire men l’ pou l’ pa fè sa k’ mal, li fè jijman ki vre ant de moun, li
mache nan kòmandman m’ yo, li obsève jijman m’ yo, pou l’ fè verite: moun sa a
kòrèk, l’ap viv sètènman, deklarasyon Granmèt Bondye.
Si l’ fè yon
pitit ki asasen, k’ap fè san koule, ki fè youn nan move aksyon sa yo, èske
pitit sa a ap viv? Li p’ap viv: poutèt tout move
bagay sa yo li fè a, l’ap mouri sètènman, san l’ ap sou li.
Konsa nou
chak, m’ap jije nou daprè wout nou, kay Izrayèl, deklarasyon Granmèt Bondye.
Chanje konduit, fè penitans sot nan tout fot nou yo, konsa peche a p’ap detwi
nou. Jete tout move aksyon nou yo lwen nou, sa nou te fè ki pa bon yo, fè yon
kè nouvo ak yon lespri nouvo nan nou. Epi pouki sa pou nou ta mouri a, kay
Izrayèl? Paske mwen pa vle lanmò moun k’ap mouri a, deklarasyon Granmèt Bondye;
tounen, n’a viv».
Pawòl
Granmèt la.
SÒM REPONS 50, 12-13. 14-15. 18-19
R/Kreye yon kè
pwòp nan mwen, Bondye.
Kreye yon kè
pwòp nan mwen, Bondye, refè yon lespri fèm nan zantray mwen yo.
Pa jete m’
lwen fas ou, lespri sen ou nan, pa wete l’ sot nan mwen.R.
Renmèt mwen
kè kontan delivrans ou a, asire m’ ak lespri ki pi vif la.
M’ap aprann
moun ki nan peche yo chemen ou yo, mechan yo ap tounen vin jwenn ou.R.
Sèke ou p’ap
pran plezi nan sakrifis, sakrifis antye, si m’ ofri l’, li p’ap fè ou plezi.
Sakrifis pou
Bondye, se yon lespri ki kraze, yon kè ki kraze, ki rabese, Bondye p’ap meprize
l’.R.
LEVANJIL
«Pa anpeche ti moun piti yo vin jwenn mwen: se pou
yo rèy syèl yo ye»
MEN BÒN NOUVÈL JEZIKRI A DAPRÈ MATYE KI SEN 19,
13-15
Lè sa a:
Yo vin prezante
ti moun bay Jezi, pou l’ poze men sou yo, pou l’ lapriyè pou yo; men disip li
yo fè yo lobsèvasyon. Jezi menm di yo: «Kite ti moun yo, pa anpeche yo vin
jwenn mwen; se pou moun ki sanble yo rèy syèl la ye». Li poze men sou yo, li
pati sot la.
An nou fè lwanj ak konpliman pou
pawòl Bondye a.
REFLEKSYON: Nan premye lekti a pwofèt Ezekyèl ap montre pèp la kijan Granmèt la
jis nan jijman l’. Pèp la te kwè li te kapab kontinye sibi peche gran paran yo.
Se sa k’ fè li di yo, moun nan ki peche a, se li menm k’ap mouri, sa vle di pa
gen inosan k’ap peye pou koupab. Moun ki koupab, se li menm k’ap resevwa
chatiman pou peche l’.
Konsa Pwofèt la nan pasaj sa prezante yo lis tout sa ki bon yon moun dwe
fè pou li rete zanmi Bondye. Menm jan an tou,
li di yo moun ki fè move aksyon ap mouri, san li ap tonbe sou li. Chak moun ap
resezwa jijman li merite selon konpòtman li ak chemen li suiv.
Pwofèt la di yo yon pawòl pou li montre yo mizerikòd Bondye. Sa vle di
kijan Bondye genyen bon kè, kè sansib. Li di yo poukisa pou nou ta mouri. Mwen
menm Granmèt la mwen pa vle lanmò pèsonn. Sòti nan move wout nou ye yo vin
jwenn mwen. Jete tout move zak nou yo byen
lwen.Vin jwenn mwen. Se avèk pawòl sa yo pwofèt
Ezekyèl envite pèp la pou li konvèti.
Men nou konnen p’ap janm gen yon bon konvèsyon si moun nan pa pran
konsyans, se sa k’ fè menm nan sòm nan nou li: «Bondye kreye nan mwen yon kè pwòp. Refè yon lespri fèm nan zantray mwen». Konsa, yon konvèsyon sensè
pran tout moun nan, tout lavi li: kò li, lespri li, zantray li tout se pou
Bondye. Bondye pa pran plezi nan okenn sakrifis.
Sa ki fè Granmèt la plezi tout bon vre, se yon kè sensè, yon lespri ki
rekonèt peche l’ komèt yo, yon kè ki bese byen ba. Se sa ki fè, menm nan
Levanjil la, nou wè kijan Jezi di tout moun ki t’ap enpeche timoun piti yo vin
jwenn li yo kite timoun yo vini paske wayòm syèl la se pou yo.
Se yon fason pou Jezi di nou, si nou fè kè nou sensè, byen ba, tou senp
tankou timoun yo, nou pa lwen antre nan wayòm syèl la. Devan Bondye tout jenou dwe bese byen ba. Pèson pa kapab vin frape
lestomak devan Granmèt la, pou fè kwè jan yo bon. Nou tout se pechè. Se
chak moun ki dwe vin koube byen ba devan Granmèt pou mande li padon. Vini jwenn
Granmèt la ak yon kè ki senp
LAPRIYÈ: Bondye Granmèt, ede mwen chak
jou pi plis rekonèt jan mwen lèd devan ou. Mwen se pechè, fè m’ gen yon kè senp
ki debarase ak lògèy, pou m’ kapab rete zanmi ou tout tan. Pa pouvwa Jezikri,
Granmèt nou, Pitit ou. Amèn
PWOPOZISYON: Pou m’ kapab apwofondi refleksyon jodi a m’ap li tout chapit 18 ak
chapit 20 liv Ezekyèl la.
No hay comentarios:
Publicar un comentario