Koulè Vèt
PREMYE LEKTI
NAN LIV EZEKYÈL 16,1-15.60.63
“Ou te korèk nèt, gras a bèlte m’, mwen te mete sou
ou; men ou fè move kondwit”.
NAN LIV PWOFÈT EZEKYÈL 16, 1-15. 60. 63
Pawòl Granmèt la rive
kote m’, li di :
“Pitit moun, fè
Jerizalèm konnen move aksyon 1’ yo, di: Men pawòl Granmèt Bondye pou Jerizalèm
: ‘Rasin ou ak ras ou, se nan tè Kanaan an li sòti, papa ou se te
Amoreyen an, manman ou se te Itit. Lè ou
fèt, jou nesans ou a, yo pa t’ koupe kòd lonbrit ou, yo pa
t’ lave ou nan dlo pou sove ou, yo pa t’ fwote ou ak sèl, yo pa t’ vlope ou ak
kouchèt. Je pa t’ panche sou ou avèk pitye, pou
1’ fè anyen nan bagay sa yo pou ou, men yo te jete ou atè a, antan yo
meprize ou, jou ou te fèt la.
Mwen pase kote
ou, mwen wè w’ap debat nan san ou, mwen di ou, pandan ou
nan san w’ nan : «Se pou ou viv. Mwen di
ou : ‘Se pou ou viv nan san w’ nan».
Mwen fè ou devlope tankou zèb jaden, ou
devlope vre, ou vin gran; ou antre, ou rive jous nan laj pou ou vin yon
madanm : sen ou vin gwo, cheve ou pouse; men ou te
nikò [toutouni], ou te wont anpil.
Mwen pase kote
ou, mwen wè ou; se
te tan ou, tan pou
ou renmen. Mwen lonje manto m’ sou ou, mwen kouvri lawont ou a; mwen
fè ou sèman, mwen pase kontra
avèk ou, deklarasyon Granmèt Bondye, ou vin pa m’.
Mwen lave ou ak dlo, mwen pwòpte san ou nan sot nan ou, mwen sakre ou ak lwil;
mwen abiye ou ak rad anpil koulè, mwen mete soulye bèl kwi nan pye ou, mwen pase yon senti
swa nan ren ou, mwen abiye ou byen bèl.
Mwen mete bèl bijou
sou ou, mwen mete brasle nan bra ou, ak kolye nan kou ou; mwen mete zanno nan zorèy ou, ak kouwon
bèlte sou tèt ou. Ou dekore ak lò ak lajan, ou abiye ak koton, ak swa, ak
bwodri. Se farin fin ak siwo myèl ou te manje, ou vin bèl anpil, ou vin larèn.
Repitasyon ou sòti nan pami nasyon yo poutèt bèlte ou; paske ou te bèl anpil
akoz bèlte m’ nan mwen te mete sou ou a, deklarasyon Granmèt la.
Men ou vin mete
konfyans nan bèlte ou la, ou fè move plezi ak repitasyon ou, ou ekspoze move
plezi ou la bay tout moun k’ap pase.
M’ap sonje kontra m’
nan mwen te pase avèk ou a nan tan ou te jèn nan, m’ap pase yon kontra
toutan avèk ou; pou
ou sonje, pou ou wont, pou ou pa louvri bouch ou ankò poutèt lawont ou,
lè m’ap padonnen tout sa ou te fè yo”, deklarasyon Granmèt la.
OUBYEN, SI YO VLE YO VA LI PITO:
“M’ap sonje kontra m’ nan avèk ou, w’ap wont”.
LEKTU LIV PWOFET EZEKYÈL 16, 59- 63
Men pawòl Granmèt
Bondye :
“M’ap aji avèk ou jan
ou te meprize sèman an, pou ou te kase kontra a. M’ap sonje kontra m’ nan mwen te pase avèk
ou a, nan tan ou te jèn nan, m’ap pase
yon kontra toutan avèk ou. W’ap sonje chemen ou yo, w’ap wont, lè
w’ ap resevwa sè ou yo ki pi gran pase
ou yo avèk sa k’ pi piti pase ou yo; m’ap renmèt yo ba ou kòm pitit fi; men se
pa apati kontra ou la.
M’ap pase kontra
m’ nan avèk ou, w’ap konnen mwen se Granmèt la pou ou sonje, pou
ou wont, pou ou pa louvri bouch
ou ankò poutèt lawont ou, lè m’ap padonnen tout sa ou te fè yo”, deklarasyon
Granmèt la.
Pawòl Granmèt la.
SÒM REPONS : Iz 12, 2-3. 4bcd. 5-6 (r.:
le)
R/ Kolè ou vire, ou konsole m’.
Men Bondye sovè m’ nan,
Mwen gen konfyans, mwen p’ap pè,
Paske fòs mwen ak lwanj mwen se Granmèt la,
Li vin sèvi m’ delivrans.
N’ap tire dlo ak kè kontan nan sous Sovè a.R.
Fè lwanj pou Granmèt la, rele non 1’, fè konnen mèvèy li yo nan nasyon
yo;
sonje kijan non 1’ anlè nèt.R.
Chante pou Granmèt la paske li fè mèvèy, anonse sa sou tout tè a.
Danse, fè lwanj, pèp Siyon,
Paske li gran nan mitan ou, Sen Izrayèl la.R.
LEVANJIL
“Se poutèt kè di nou an Moyiz te pèmèt nou ranvwaye
madanm nou yo; nan kòmansman sa pa t’ konsa”.
MEN BÒN NOUVÈL
JEZIKRI A DAPRÈ MATYE KI SEN 19, 3-12
Lè sa a :
Farizyen yo te pwoche
kot Jezi, yo t’ap eseye 1’, yo di : “Èske yon mesye gen dwa ranvwaye madanm li,
pou nenpot ki rezon ?”
Li reponn, li di yo :
“Èske nou pa t’ li kijan sila a ki te fè moun nan nan kòmansman an, se gason ak
fi li te fè yo, epi li te di : ‘Se poutèt sa mesye a ap kite papa 1’ ak manman
1’,1’ap kole kò 1’ kot madanm li, yo tou lede ap yon sèl chè’? Se pousa yo pa
de ankò, men se yon sèl chè yo ye. Konsa sa Bondye mare, piga moun separe 1’”.
Yo di 1’: “Ebyen
poukisa Moyiz te pase lòd pou bay biye divòs, pou ranvwaye 1’?”
Li di yo : “Se poutèt
kè di nou an ki fè Moyiz te pèmèt nou ranvwaye madanm nou yo; men nan kòmansman
sa pa t’ konsa. Ebyen mwen di nou, nenpot ki moun ki ranvwaye madanm li, sof si
se de moun ki t’ap viv nan move plezi, epi ki marye ak yon lòt, li fè adiltè,
epi moun ki marye ak yon madanm yo ranvwaye, li fè adiltè”.
Patizan 1’ yo di 1’:
“Si se konsa kondisyon mesye a ak madanm nan ye, pito nou pa marye”.
Li di yo : “Se pa
tout moun ki konprann pawòl sa a, men se
moun yo fè favè sa a. Gen gason ki pa
nan kondisyon pou yo fè pitit, depi nan vant manman yo se konsa yo fèt; gen
gason ki pa nan kondisyon pou yo fè pitit, se lòt moun ki fè yo sa; gen gason
ki pa nan kondisyon pou yo fè pitit, se yo menm ki mete pwòp tèt yo nan
kondisyon sa a poutèt rèy syèl yo.
Moun ki kapab
konprann, se pou 1’ konprann”.
An nou fè lwanj ak konpliman pou pawòl Bondye a.
REFLEKSYON: «Sa Bondye mare, piga moun separe 1’».
Jodi a, Jezi reponn
kesyon sila yo ki t’ap viv nan tan li te poze sou vrè sans maryaj la, an menm
tan li souliye ke maryaj la pa dwe kraze.
Repons Jezi ba nou yon baz
kòrèk kote kretyen yo kapab apiye pou yo kapab reponn sila yo ki vle jistifiye
definisyon maryaj la pou «koup omoseksyèl» yo.
Lè Jezi plase maryaj la
nan plan orijinal Bondye, li souliye kat (4) aspè pètinan, ki montre ke se yon gason
ak yon fanm sèlman ki kapab marye:
1) «Nan kòmansman an, se gason ak fi li te fè yo» (Mt
19,4).
Jezi aprann nou, nan Plan Bondye a, karaktè gason an (maskilinite) ak karaktè
fanm nan (feminite) gen yon sans enpòtan. Si nou inyore sa, sa vle di nou
inyore sa nou ye.
2) «Se poutèt sa mesye a ap kite papa 1’ ak manman 1’,1’ap
kole kò 1’ kot madanm li, yo tou lede ap yon sèl chè» (Mt 19,5). Plan Bondye, se pa vle li vle lòm nan abandone paran
li yo pou ale viv ak moun li vle, men se pito pou li makonnen ak madanm li.
3) «Se pousa yo pa de ankò, men se yon sèl chè yo ye» (Mt
19,5). Se pa nan nivo
chè a sèlman moun yo soude. Men li ale pi lwen ke sa. Se vizyon nouvo lavi, ki
manifeste atravè renmen an e ki eksprime nan yon angajman pou lavi, lè de moun
yo mete yo ansanm. Se yon bagay ki klè : yon gason ak yon lòt gason,
oubyen yon fanm ak yon lòt fanm pa kapab konsidere yon sèl kò nan fason sa.
4) «Konsa sa Bondye mare, piga moun
separe 1’» (Mt 19,6). Se Bondye menm ki fè mesye a ak madanm nan fè yon
sèl nan maryaj la, e si nou eseye separe sa li mete ansanm, n’ap fè sa ak lògèy
pa nou pou malè sosyete a.
LAPRIYÈ: Bondye Papa, ou menm ki rele mesye a pou li
fè yon sèl ak madanm nan, nou ofri ou tout defi lafanmi an jounen jodi a. Nou
ofri ou tout menas ki plonje sou li. Fè fanmi nou yo vin pi solid, pi solidè.
Pa pouvwa Jezikri. Amèn.
PWOPOZISYON: M’ap ankouraje de moun ki marye pran pasyans pou yo
rezoud ti pwoblèm yo olye mwen ankouraje divòs.
No hay comentarios:
Publicar un comentario