Koulè
Vèt.
PREMYE LEKTI
«W’ap travèse devan yo, gwo lajounen, tankou moun
k’ap pati an ekzil»
LEKTI LIV PWOFÈT EZEKYÈL 12, 1-12
Pawòl Granmèt la
rive kote m’, li di :
«Pitit moun, se
nan mitan yon kay rebèl ou abite, moun ki gen je pou yo wè, men ki pa wè, ki
gen zòrèy pou yo tande, men ki pa tande, paske se kay rebèl li ye.
Ou menm, pitit
moun, fè pakèt ou tankou si w’ap pati an ekzil, epi pati gwo lajounen devan
yo ; w’a pati sot kote ou ye a, al yon lòt kote devan yo, petèt y’a wè se
kay rebèl yo ye; w’a pote pakèt ou tankou pakèt moun ki ekzile, gwo lajounen,
devan yo; ou menm w’a sòti nan aswè devan yo, tankou moun k’ap kite peyi a konn
sòti.
Devan je yo,
fouye miray la, sòti ladan l’; devan je yo, w’a pote sak ou sou zepòl ou, nan
fènwa w’a pote l’, w’a vwale fas ou pou ou pa wè peyi a, paske mwen fè ou sèvi
yon siy pou kay Izrayèl la».
Konsa mwen fè
jan Granmèt la te pase m’ lòd la : mwen pote pakèt mwen tankou pakèt moun
k’ap pati an ekzil gwo lajounen, epi nan aswè mwen fouye yon twou ak men m’ nan
miray la, mwen sòti nan fènwa, mwen pote sak mwen sou zepòl mwen devan yo.
Pawòl Granmèt la
rive kote m’ granmaten, li di m’ : «Pitit moun, pouki sa kay Izrayèl la,
kay rebèl la, pa di ou : «Ki sa w’ap
fè a?» Di yo: «Men pawòl Granmèt
Bondye a : se sou chèf yo ki Jerizalèm nan chaj sa a poze, ak sou tout kay
Izrayèl la ki nan mitan yo a». Di konsa : «Mwen se siy nou» : jan m’ fè a, se konsa y’ap fè yo ;
y’ap pati an ekzil, kòm esklav, chèf la ki nan mitan yo a, l’ap pote sak li sou
zepòl li, l’ap sòti nan fènwa, y’ap fouye twou nan miray la pou yo fè l’
sòti ; fas li ap kouvri, pou l’ pa wè peyi a ak je li».
Pawòl Granmèt la.
SÒM REPONS 77, 56-57. 58-59. 61-62
R/ Pa bliye aksyon Bondye yo.
Yo eseye Bondye
ki anwo nèt la, yo eksite l’, yo pa kenbe temwayaj li yo.
Yo vire do ba
li, yo fè rebèl, tankou zansèt yo, yo vire an aryè tankou yon move zam pou tire
flèch.R.
Yo eksite l’ sou
ti wotè yo; yo fè l’ fè jalouzi avèk zidòl yo.
Bondye tande,
li fache, li meprize Izrayèl byen meprize.R.
Li renmèt
lame l’ kòm prizonye, li renmèt bèlte l’ nan men lènmi an.
Li fèmen pèp
li a nan epe, li fè kòlè kont eritaj li a.R.
LEVANJIL
«Mwen pa di ou pou ou renmèt jouska sèt fwa, men
jouska swasanndis fwa sèt fwa»
MEN BÒN NOUVÈL JEZIKRI A DAPRÈ MATYE KI SEN 18,
21-19, 1
Lè sa a:
Pyè pwoche
kot Jezi, li di: «Granmèt, konbyen fwa, si frè m’ fè peche kont mwen, pou m’
padonnen l’? Èske se sèt fwa?»
Jezi di l’:
«Mwen pa di ou jouska sèt fwa, men jouska swasanndis fwa sèt fwa.
Se pousa rèy
syèl la sanble ak yon wa, ki te vle regle avèk sèvitè l’ yo. Lè l’ kòmanse
regle, yo mennen youn ba li ki te dwe di-mil goud. Kòm li pa t’ gen dekwa pou
l’ renmèt, mèt li pase lòd pou yo vann li, ansanm ak madanm li, ak pitit li yo,
ak tout sa l’ te genyen, pou l’ kapab renmèt. Men sèvitè a menm lage kò l’ atè,
li lapriyè l’, li di: «Pran pasyans avèk mwen, m’ap renmèt ou tout bagay». Mèt
sèvitè sa a pran pitye pou li, li lage l’, li padonnen l’ dèt li a.
Men kon sèvitè
sa a sòti, li rankontre youn nan sa k’ konn sèvi ansanm avèk li yo, ki te dwe
l’ san goud; li sezi l’, pou l’ toufe l’, li di: «Renmèt sa ou dwe». Sèvitè sa
a lage kò l’ atè, li lapriyè l’, li di: «Pran pasyans avèk mwen, m’ap renmèt ou
tout bagay». Li menm menm, li refize, li pati, li voye l’ nan prizon, joustan
li renmèt dèt la.
Lè lòt sèvitè yo
wè sa l’ te fè, yo pran chagren anpil, yo rive, yo rakonte mèt li tout sa k’ te
pase. Mèt li rele l’, li di l’: «Move sèvitè, mwen te renmèt ou tout dèt la,
paske ou te lapriyè m’; èske ou menm tou ou pa t’ dwe pran pitye pou sila a
k’ap sèvi ansanm avèk ou a, menm jan mwen te pran pitye pou ou a?» Mèt li
fache, li renmèt li bay gad yo, joustan li renmèt tout sa l’ te dwe.
Se konsa tou
Papa m’ ki nan syèl la ap fè avèk nou, si nou chak nou pa padonnen frè nou ak
tout kè nou».
Lè Jezi fin fè
prèch sa yo, li pati sot Lagalile, li rive nan limit Jida, lòt bò Jouden an.
An nou
fè lwanj ak konpliman pou pawòl Bondye a.
REFLEKSYON: «Pitit moun, se
nan mitan yon kay rebèl ou abite, moun ki gen je pou yo wè, men ki pa wè, ki
gen zòrèy pou yo tande, men ki pa tande, paske se kay rebèl li ye.»
Tan dezolasyon
t’ap pwoche, men malgre anpil avètisman pèp la pa t’ deside chanje move konduit
li yo, li pa t’ deside kase tèt tounen al jwenn Bondye ; se mal li t’ap
miltipliye. Bondye mande pwofèt la fè yon siy nan figi pèp la. Pwofèt la mare
pakèt li gran jounen epi li sòti kite vil la. Nan aswè li fè yon twou nan miray
la pou l’ sòti. Ezekyèl montre pèp la kòman lènmi
l’ yo ap fè l’ pati kite peyi yo tankou esklav.
Bondye gen kè
sansib pou tout pitit li, menm pou sa ki pi pa bon an, se pousa li voye mesaje
l’ yo tout tan, nan tout sikonstans, dekwa pou okenn pa peri. Nan tan n’ap viv
la, Granmèt la kontinye ap ba nou avètisman.
Nan pòsyon
levanjil nou li pou jodi a, Bondye mande nou gen pitye youn pou lòt menm jan li
menm li gen mizerikòd pou nou.Yon kretyen dwe aprann padone paske chak jou nou
li resevwa padon.
Konsa se pou nou
evite di: “Tout otan mwen pa gen dis liv
tè sou lestomak mwen, mwen p’ap padone’’. Si Bondye ki twa fwa sen padone
nou, e nou menm kisa nou ye pou n’ pa ka padone. Poutan chak fwa nou priye nou
mande Bondye «padone nou tankou nou
padone moun ki fè nou kichòy». Fòk nou pa
bay tèt nou manti, paske nou pa ka twonpe Bondye.
Menm jan lè nou
resevwa padon ak mizerikòd Bondye nou santi nou lib, se konsa tou pou nou
aprann libere lòt yo ke nou kenbe kòm prizonye nan kè nou ; se pou nou
padone frè ak sè nou yo ki fè nou mal. Nou tout se pechè, pa gen moun ki kòrèk
nèt. An nou youn soutni lòt, konsa ansanm n’a vanse pou pi devan sou wout
sentete a.
LAPRIYÈ:Granmèt, mèsi paske ou pa janm bouke
padone mwen ; tanpri ede m’ viv san rankin pou frè ak sè m’ yo. Amèn.
PWOPOZISYON: Si yon moun te ofanse
mwen, m’ap padone li.
No hay comentarios:
Publicar un comentario