Koulè Blan
ASONPSYON MARI KI SEN, KI VYÈJ
(Gran Fèt)
PREMYE LEKTI
«Yon madanm vlope ak solèy, lalin nan anba pye l’»
LEKTI LIV APOKALIPS APOT JAN KI SEN 11, 19a; 12, 1.3-6a. 10ab
Tanp Bondye a
louvri nan syèl la, kòf alyans la parèt nan Tanp li a. Yon gran siy parèt nan
syèl la; se yon madanm ki vlope ak solèy, lalin nan anba pye l’, sou tèt li gen
yon kouwòn douz zetwal.
Yon lòt siy
parèt nan syèl la: se yon gran dragon wouj-dife, ki gen sèt tèt ak dis kòn, epi
sou tèt li yo, sèt ti kouwòn; ke l’ bale yon tyè nan zetwal syèl yo, li voye yo
sou tè a; gran dragon an kanpe devan madanm nan ki t’ap akouche a, pou l’
devore pitit li a, kon l’ anfante l’.
Madanm nan fè
yon ti pitit gason, ki gen pou l’ kòmande tout nasyon ak yon baton fè; yo pran
pitit la, yo monte l’ kot Bondye, sou twòn kòmandman l’; madanm nan sove kò l’
nan dezè a, kote li te gen yon plas Bondye te pare pou li.
Mwen tande
yon gran vwa nan syèl la k’ap di: «Koulye a, sove a rive ansanm ak fòs la, ak
peyi wa Bondye nou an, ak pouvwa Kris li a».
Pawòl
Granmèt la.
SÒM REPONS 44, 10bv. 11-12a.l6
R/ Rèn nan chita
adwat ou, li dekore ak lò Ofi.
Pitit fi wa
yo nan pami sa ou renmen yo; rèn nan chita adwat ou, li dekore ak lò Ofi.R.
Koute, mafi,
gade, panche zòrèy ou, bliye pèp ou a ak kay papa ou;
wa a anvi jou
ou bèl. Paske se Granmèt ou li ye, se pou
ou adore l’.R.
Yo mennen l’ nan
kè kontan ak fèt, yo kondui l’ nan kay wa a.R.
DEZYÈM LEKTI
«Premye fwi a, se Jezikri, aprè sa se moun ki pou
Jezikri yo».
LEKTI PREMYE LÈT APOT PÒL KI SEN POU KORENTYEN
YO 15, 20-26
Frè m’ yo:
Jezikri leve
vivan sot nan pami mò yo, premye fwi nan pami sa k’ t’ap dòmi yo; paske se pa
lentèmedyè yon moun lanmò a te rive, se pa lentèmedyè yon moun tou n’ap leve
sot nan pami mò yo.Menm jan tout moun te mouri nan Adan an, se konsa tout moun
ap gen lavi nan Jezikri. Chak moun nan
ran l’: premye fwi a se Jezikri, aprè sa se sa yo ki pou Jezikri a, ki te kwè
li t’ap vini an. Aprè sa, se finisman an, lè
l’ap renmèt peyi wa a bay Bondye Papa a, lè l’ap fè tout otorite tout pouvwa ak
tout fòs disparèt la.
Li gen pou l’
kòmande «joustan li mete tout ènmi yo anba pye l’». Dènye lènmi an, se lanmò a k’ap fin detwi; «sèke li fòse tout bagay ret
anba pye l’».
Pawòl Granmèt la.
LEVANJIL
«Li fè mèvèy pou mwen, sa a ki gen pouvwa a: li
leve sa k’ pòv yo anlè»
MEN BÒN NOUVÈL JEZIKRI A DAPRÈ LIK KI SEN 1,
39-56
Jou sa yo, Mari
leve, li pati al nan mòn yo byen vit, nan yon vil Jida. Li antre nan kay
Zakari, li salye Elizabèt.
Rive, kon
Elizabèt tande Mari salye l’, ti pitit la danse nan vant li, Elizabèt vin plen
ak Espri Sen an, li rele byen fò, li di:
«Ou beni pase
tout fi, epi fwi vant ou a, li beni tou. Kote sa sòti pou mwen, pou manman
Granmèt mwen an vin lakay mwen? Gade, kon vwa ou touche zòrèy mwen pandan w’ap
salye m’ nan, ti pitit la danse ak kontantman nan vant mwen. Ala kontantman pou ou menm ki te kwè sa Granmèt la te di ou yo t’ap
reyalize».
Mari di:
«M’ap fè lwanj
Granmèt la, espri m’ap fete nan Bondye sovè m’ nan, paske li voye je sou pòv ti
kondisyon sèvant li a genyen. Gade vre, depi koulye a tout jenerasyon ap di ala
kontantman pou mwen; paske li fè gran mèvèy pou mwen sa a ki gen pouvwa a, non
l’ sen, mizerikòd li ras an ras pou moun ki krenn li yo.
Avèk bra l’, li
fè bagay ki mande fòs, li gaye moun ki te plen lògèy nan kè yo. Li jete sa k’
gen pouvwa yo sot sou twòn yo, li leve sa k’ tou piti yo anlè, li plen sa k’
grangou yo ak byen, li ranvwaye sa ki rich yo men vid.
Li soutni
Izrayèl, sèvitè l’ la, li sonje mizerikòd li a, jan l’ te pale ak papa nou yo,
Abraam ak ras li a pou tout tan».
Mari rete avèk
li yon twa mwa konsa; aprè sa, li tounen lakay li.
An nou
fè lwanj ak konpliman pou pawòl Bondye a.
REFLEKSYON: Jodi a Legliz la ap fete Asonpsyon Mari ki sen e ki vyèj. Se youn
nan bèl fèt Legliz la fete pou Mari. Fèt sa a ap fè nou sonje kijan Bondye pa
jan m’ abandone moun li chwazi yo. Fete Mari ki monte nan syèl, se fete lespwa
tout patizan Jezikri yo. Levanjil jodi a ap ede n’ konprann sa ki nan kè ak nan
lespri Mari. Mari se sèvant Granmèt la, se sila ki dispoze pou fè volonte
Granmèt la ak tout senplisite kè li.
Mari se premye disip, li pote
pawòl la (pawòl la tounnen moun) nan vant li nan aksepte li te aksepte vin
manman Jezi. Mari chante kontantman li paske Granmèt la avèk li. Li pataje kè
kontan sa a ak kouzin li Elizabèt. Mari se pon, se kanal k’ap pèmèt nou rive
jwenn Bondye: Bondye te pase pa lentèmedyè li pou li vin jwenn nou atravè
Jezikri, Pitit li; se konsa tou, nou ka pase pa lentèmedyè Mari pou nou jwenn
tout kalite favè nan men Bondye.
Kantik Mari a, se yon bèl chan
m’ap envite nou medite nan okazyon fèt Mari ki sen, ki vyèj epi ki nan syèl la.
An nou fè lwanj Bondye ansanm
ak Mari: «Nanm mwen ap chante pou Granmèt la ki gen tout pouvwa, lespri m’ pran
plezi nan Bondye ki delivrans mwen. Paske li voye je l’ sou mwen, yon pòv sèvant
ki soumèt devan li. Wi depi kounye epi pou tout tan, tout moun pra l’ di: ou se
yon fanm Bondye beni.Paske Bondye ki gen tout pouvwa a fè anpil bèl bagay pou
mwen. Non li, se yon non pou tout moun respekte.
LAPRIYÈ: Mari
ki sen, ki vyèj lapriyè pou nou, pote pwoblèm nou you bay Jezi men m’ jan ou te
fè sa nan nòs Kana a.
PWOPOZISYON: Kite pwojè Granmèt la reyalize nan mwen epi chante
lwanj li menm jan ak Lavyèj Mari.
No hay comentarios:
Publicar un comentario